< Chante Salomon 4 >

1 A la ou bèl, cheri mwen an, a la ou bèl! Zye ou tankou toutrèl dèyè vwal ou; cheve ou tankou yon bann kabrit ki fin desann sòti Mòn Galaad.
Лепа ти си, драга моја, лепа ти си, очи су ти као у голубице између витица твојих; коса ти је као стадо коза које се виде на гори Галаду;
2 Dan ou tankou yon bann mouton ak lenn fenk taye ki sot benyen. Yo tout fè pòtre jimo yo, ni youn nan yo pa pèdi pitit li.
Зуби су ти као стадо оваца једнаких, кад излазе из купала, које се све близне, а ниједне нема јалове.
3 Lèv ou tankou fisèl wouj e bouch ou tèlman bèl. De bò figi ou tankou yon tranch grenad dèyè vwal ou.
Усне су ти као конац скерлета, а говор ти је љубак; као кришка шипка јагодице су твоје између витица твојих;
4 Kou ou tankou fò David la, bati ak wòch byen ranje sou sila yo mete mil boukliye yo, tout boukliye won a mesye pwisan yo.
Врат ти је као кула Давидова сазидана за оружје, где висе хиљадама штитови и свакојако оружје јуначко;
5 De tete ou tankou de jèn ti antilòp; jimo manman k ap chache manje pami flè lis yo.
Две су ти дојке као два ланета близанца, који пасу међу љиљанима.
6 Jiskaske jou a bese pou l vin fre e lonbraj yo vin disparèt, mwen va trase chemen mwen rive nan mòn fèy bazilik la, ak nan kolin lansan an.
Док дан захлади и сенке отиду, ићи ћу ка гори смирновој и ка хуму тамјановом.
7 Ou fin bèl nèt, cheri mwen an, e nanpwen defo nan ou.
Сва си лепа драга моја, и нема недостатака на теби.
8 Vin avè m soti Liban, fi maryaj mwen an; m bezwen ou vini avè m sòti Liban. Vwayaje desann soti nan wo pwent Amana, soti nan wo pwent Mòn Senir ak Hermon; soti nan kav lyon yo, nan mòn a leyopa yo.
Ходи са мном с Ливана, невесто, ходи са мном с Ливана, да гледаш с врха аманског, с врха сенирског и ермонског, из пећина лавовских, с гора рисовских.
9 Ou fè kè m bat pi vit sè mwen, fi maryaj mwen an; ou te fè kè m bat pi vit ak yon sèl ti kout zye tou kout, ak yon sèl bout fisèl nan kolye ou.
Отела си ми срце, сестро моја невесто, отела си ми срце једним оком својим и једним ланчићем с грла свог.
10 A la bèl lanmou ou bèl, sè mwen an, fi a maryaj mwen an! A la pi bon lanmou ou pi bon pase diven e bon odè a lwil ou depase tout kalite epis!
Лепа ли је љубав твоја, сестро моја невесто, боља је од вина љубав твоја, и мирис уља твојих од свих мирисних ствари.
11 Lèv ou, fi a maryaj mwen an, gen gou siwo myèl; siwo myèl ak lèt anba lang ou. Bon odè vètman ou tankou bon odè Liban an.
С усана твојих капље саће, невесто, под језиком ти је мед и млеко, и мирис је хаљина твојих као мирис ливански.
12 Yon jaden fèmen ak kle se sè mwen, fi a maryaj mwen; yon jaden wòch ki fèmen, yon fontèn dlo ki ansèkle.
Ти си као врт затворен, сестро моја невесто, извор затворен, студенац запечаћен.
13 Boujon ou se yon chan kiltive ak pye grenad, ak fwi chwazi, pye jasmen ak ti bonm;
Биље је твоје воћњак од шипака с воћем красним, од кипра и нарда.
14 ti bonm ak safran, sitwonèl ak kannèl, ak tout bwa lansan yo, lami ak lalwa, ansanm ak tout meyè kalite epis yo.
Од нарда и шафрана, од иђирота и цимета са свакојаким дрвљем за кад, од смирне и алоја и са сваким прекрасним мирисима.
15 Ou menm se yon sous jaden, yon pwi dlo fre ak ti ravin dlo k ap kouri soti Liban.
Изворе вртовима, студенче воде живе и која тече с Ливана!
16 Leve, o van nan nò a, e vini van nan sid! Fè jaden mwen respire ak souf bon odè; kite epis li yo vante gaye toupatou. Ke cheri mwen an vin nan jaden li an pou manje tout fwi chwa li yo.
Устани севере, и ходи јуже, и дуни по врту мом да капљу мириси његови; нека дође драги мој у врт свој, и једе красно воће своје.

< Chante Salomon 4 >