< Chante Salomon 3 >

1 Sou kabann mwen, pandan nwit la, mwen te chache sila ke nanm mwen renmen an. Mwen te chache l, men m pa t jwenn li.
夜われ床にありて我心の愛する者をたづねしが尋ねたれども得ず
2 Koulye a fòk mwen leve mache toupatou nan vil la; nan ri yo ak nan plas yo. Fòk mwen chache sila ke nanm mwen renmen an. Mwen te chache l, men m pa t jwenn li.
我おもへらく今おきて邑をまはりありき わが心の愛する者を街衢あるひは大路にてたづねんと 乃ちこれを尋ねたれども得ざりき
3 Gadyen ki fè tou vil la te twouve m. Mwen te mande l: “Èske ou konn wè sila ke nanm mwen renmen an?”
邑をまはりありく夜巡者らわれに遇ければ 汝らわが心の愛する者を見しやと問ひ
4 Lè m fenk kite yo mwen te jwenn sila ke nanm mwen renmen an. Mwen te kenbe l, mwen te refize lage l jiskaske mwen mennen l rive lakay manman m, pou l antre nan chanm a sila ki te vin ansent mwen an.
これに別れて過ゆき間もなくわが心の愛する者の遇たれば 之をひきとめて放さず 遂にわが母の家にともなひゆき 我を產し者の室にいりぬ
5 M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, nan non antilòp ak bich mawon an, pou nou pa fè lanmou leve ni ouvri zye l jiskaske se plezi li.
ヱルサレムの女子等よ 我なんぢらに獐と野の鹿とをさし誓ひて請ふ 愛のおのづから起る時まで殊更に喚起し且つ醒すなかれ
6 Se kisa k ap monte kite dezè a tankou pilye lafimen yo, byen pafime ak fèy bazilik ak lansan, plen ak poud santi bon machann yo?
この沒藥乳香など商人のもろもろの薫物をもて身をかをらせ 煙の柱のごとくして荒野より來る者は誰ぞや
7 Gade byen, se kanape vwayaj Salomon k ap monte; swasant òm pwisan kap antoure l, mesye pwisan Israël yo.
視よ こはソロモンの乗輿にして 勇士六十人その周圍にあり イスラエルの勇士なり
8 Yo tout ki konn manyen nepe, ki fò nan afè lagè; chak mesye gen nepe l bò kote li, pou fè gad kont menas lannwit yo.
みな刀劍を執り 戰鬪を善す 各人腰に刀劍を帶て夜の警誡に備ふ
9 Wa Salomon te fè pou kont li yon kanape vwayaj ak bwa Liban an.
ソロモン王レバノンの木をもて己のために輿をつくれり
10 Li te fè pye li ak ajan e repo pou do a ak lò. Kote pou chita a fabrike ak twal mov, e tout anndan li byen dekore pa fi Jérusalem yo.
その柱は白銀 その欄杆は黄金 その座は紫色にて作り その内部にはイスラエルの女子等が愛をもて繍たる物を張つく
11 Ale, O fi a Sion yo, e fikse byen Wa Salomon ak kouwòn sila a manman l te kouwone l nan jou fèt maryaj li, nan jou kè kontan li an.
シオンの女子等よ 出きたりてソロモン王を見よ かれは婚姻の日 心の喜べる日にその母の己にかうぶらしし冠冕を戴けり

< Chante Salomon 3 >