< Chante Salomon 2 >

1 Mwen se flè Woz Saron an, flè Lis a vale yo.
Jeg er Sarons Rose, Dalenes Lilje
2 Tankou yon flè lis pami pikan yo, se konsa cheri mwen an ye pami tout jenn fi yo.
Som en Lilje midt iblandt Torne er min Veninde blandt Piger.
3 Tankou yon pye pòm pami bwa nan forè, se konsa cheri mwen an ye pami jennonm yo. Nan lonbraj li mwen te pran gwo plezi pou m te chita; konsa fwi li te dous nan gou m.
Som et Æbletræ blandt Skovens Træer er min Ven blandt unge Mænd. I hans Skygge har jeg Lyst til at sidde, hans Frugt er sød for min Gane.
4 Li te mennen m nan gwo sal bankè li, e drapo li monte sou mwen an se lanmou.
Til en Vinhal bragte han mig, hvor Mærket over mig er Kærlighed.
5 Ban m fòs ak gato rezen, rafrechi m ak pòm, akoz mwen malad ak lanmou.
Styrk mig med Rosinkager, kvæg mig med Æbler, thi jeg er syg af Kærlighed.
6 Kite men goch li rete anba tèt mwen ak men dwat li pou l anbrase m.
Hans venstre er under mit Hoved, hans højre tager mig i Favn.
7 M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, nan non antilòp ak bich mawon an, pou nou pa fè lanmou m leve, ni ouvri zye li jiskaske se plezi li.
Jeg besværger eder, Jerusalems Døtre, ved Gazeller og Markens Hjorte: Gør ikke Kærligheden Uro, væk den ikke, før den ønsker det selv!
8 Koute! Men cheri mwen an! Men l ap vini! L ap monte sou mòn yo, epi vòltije sou kolin yo!
Hør! Der er min Ven! Ja se, der kommer han i Løb over Bjergene, i Spring over Højene.
9 Cheri mwen an tankou yon antilòp, oswa yon jenn sèf. Gade byen, li kanpe dèyè mi kay nou an; l ap gade nan fenèt yo, l ap gade nan jalouzi a.
Min Ven er som en Gazel, han er som den unge Hjort. Se, nu står han alt bag vor Mur. Han ser gennem Vinduet, kigger gennem Gitteret.
10 Cheri mwen an te reponn mwen e te di m: “Leve vini cheri mwen an, pi bèl mwen an.
Min Ven stemmer i og siger så til mig: Stå op, min Veninde, du fagre, kom!
11 Paske gade, sezon fredi a fin pase, lapli fin pati nèt.
Thi nu er Vinteren omme, Regntiden svandt, for hen,
12 Flè yo deja parèt nan peyi a; tan an chante a fin rive! Vwa toutrèl la ap koute deja nan peyi a.
Blomster ses i Landet, Sangens Tid er kommet, Turtelduens Kurren høres i vort Land;
13 Fwi pye fig etranje a fin mi, e chan rezen yo bay odè pafen. Leve vini, annou pati!”
Figentræets Småfrugter svulmer, Vinstokken blomstrer, udspreder Duft. Stå op, min Veninde, du fagre, kom,
14 O toutrèl nan fant wòch mwen an, nan kote sekrè chemen ki monte apik, kite mwen wè figi ou, kite mwen tande vwa ou! Paske vwa ou dous e fòm ou bèl nèt.
min Due i Fjeldets Kløfter, i Bjergvæggens Skjul! Lad mig skue din Skikkelse, høre din Røst, thi sød er din Røst og din Skikkelse yndig.
15 Kenbe rena yo pou nou, ti rena k ap detwi chan rezen yo, paske chan nou yo ap fè flè.
Fang os de Ræve, de Ræve små, som hærger Vinen, vor blomstrende Vin!
16 Cheri mwen an se pa m, e mwen se pa l. Li fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.
Min Ven er min, og jeg er hans, som vogter blandt Liljer;
17 Jiskaske joune a vin fè fre lè lonbraj yo kouri ale; vire, cheri mwen an, fè tankou antilòp la, oswa jenn sèf sou mòn Bether a.
til Dagen svales og Skyggerne længes, kom hid, min Ven, og vær som Gazellen, som den unge Hjort på duftende Bjerge!

< Chante Salomon 2 >