< Rit 3 >

1 Alò Naomi, bèlmè li a te di l: “Fi mwen, èske m pa dwe chache sekirite pou ou, pou sa kapab ale byen pou ou?
И сказала ей Ноеминь, свекровь ее: дочь моя, не поискать ли тебе пристанища, чтобы тебе хорошо было?
2 Alò èske Boaz avèk sèvant li kote ou te ye yo, èske se pa pwòch fanmi pa nou? Gade byen, l ap vannen lòj nan glasi a aswè a.
Вот, Вооз, со служанками которого ты была, родственник наш; вот, он в эту ночь веет на гумне ячмень;
3 Pou sa, lave kò ou, onksyone ou e mete pi bèl rad ou yo pou desann nan glasi vannen an. Men pa fè nonm nan konnen kilès ou ye jiskaske li fin manje ak bwè.
умойся, помажься, надень на себя нарядные одежды твои и пойди на гумно, но не показывайся ему, доколе не кончит есть и пить;
4 Li va rive ke lè li fin kouche, ke ou va remake byen kote li kouche a, epi ou va ale dekouvri pye li e kouche la. Konsa li va di ou kisa pou w fè.”
когда же он ляжет спать, узнай место, где он ляжет; тогда придешь и откроешь у ног его и ляжешь; он скажет тебе, что тебе делать.
5 Epi li te di li: “Tout sa ou di m fè, mwen va fè l.”
Руфь сказала ей: сделаю все, что ты сказала мне.
6 Konsa, li te desann kote glasi vannen an pou te fè selon tout sa ke bèlmè li te kòmande li yo.
И пошла на гумно и сделала все так, как приказывала ей свекровь ее.
7 Lè Boaz te fin manje ak bwè, kè l te kontan. Konsa li te ale kouche nan pwent pil lòj la, e Ruth te vin kote li an sekrè. Konsa, li te dekouvri pye li pou te kouche la.
Вооз наелся и напился, и развеселил сердце свое, и пошел и лег спать подле скирда. И она пришла тихонько, открыла у ног его и легла.
8 Li te vin rive nan mitan nwit lan ke nonm nan te sibitman sanse yon bagay, epi lè l panche devan an, men yon fanm te kouche la nan pye li.
В полночь он содрогнулся, приподнялся, и вот, у ног его лежит женщина.
9 Li te di: “Kilès ou ye?” Li te reponn: “Mwen se Ruth, sèvant ou a. Konsa, tann kouvèti ou sou sèvant ou a, paske ou se pwòch fanmi pa m.”
И сказал ей Вооз: кто ты? Она сказала: я Руфь, раба твоя, простри крыло твое на рабу твою, ибо ты родственник.
10 Epi li te di: “Ke ou kapab beni pa SENYÈ a, fi mwen. Ou te montre dènye favè ou a pi bèl pase premye a! Konsa, ke ou pa t kouri dèyè jennonm yo, kit rich, kit pòv.
Вооз сказал: благословенна ты от Господа Бога, дочь моя! это последнее твое доброе дело сделала ты еще лучше прежнего, что ты не пошла искать молодых людей, ни бедных, ни богатых;
11 Alò fi mwen, pa pè; mwen va fè pou ou nenpòt sa ke ou mande, paske tout pèp nan vil la konnen ke ou se yon fanm plen kalite.
итак, дочь моя, не бойся, я сделаю тебе все, что ты сказала; ибо у всех ворот народа моего знают, что ты женщина добродетельная;
12 Alò, se vrè ke mwen se yon pwòch fanmi. Men gen yon fanmi pi pre pase m.
хотя и правда, что я родственник, но есть еще родственник ближе меня;
13 Rete pou nwit lan e lè maten rive, si li va peye ranson ou, trè byen; kite li peye ranson ou. Men si li pa vle peye ranson ou, alò, kon SENYÈ a viv la, mwen va peye ranson ou! Kouche la jis rive nan maten.”
переночуй эту ночь; завтра же, если он примет тебя, то хорошо, пусть примет; а если он не захочет принять тебя, то я приму; жив Господь! Спи до утра.
14 Konsa, li te kouche nan pye li jis rive nan maten e te leve avan youn ta kab rekonèt lòt. Konsa, Boaz te di: “Pa kite li vin konnen ke fanm nan te vini nan glasi vannen an.”
И спала она у ног его до утра и встала прежде, нежели могли они распознать друг друга. И сказал Вооз: пусть не знают, что женщина приходила на гумно.
15 Ankò li te di: “Ban mwen manto ki sou ou a e kenbe li.” Konsa, li te kenbe li e li te mezire sis mezi nan lòj la e te poze l sou li. Epi li te lantre nan vil la.
И сказал ей: подай верхнюю одежду, которая на тебе, подержи ее. Она держала, и он отмерил ей шесть мер ячменя, и положил на нее, и пошел в город.
16 Lè li te rive vè bèlmè li, li te di: “Kijan sa te sòti, fi mwen?” Epi li te di li tout sa ke nonm nan te fè pou li.
А Руфь пришла к свекрови своей. Та сказала ей: что, дочь моя? Она пересказала ей все, что сделал ей человек тот.
17 Li te di: “Men sis mezi lòj li te ban mwen yo, paske li te di: ‘Pa kite men a bèlmè ou vid.’”
И сказала ей: эти шесть мер ячменя он дал мне и сказал мне: не ходи к свекрови своей с пустыми руками.
18 Epi li te di: “Tann, fi mwen, jiskaske ou konnen kijan afè sa vin fini, paske nonm nan p ap pran repo jiskaske li fin regle li jodi a menm.”
Та сказала: подожди, дочь моя, доколе не узнаешь, чем кончится дело; ибо человек тот не останется в покое, не кончив сегодня дела.

< Rit 3 >