< Rit 2 >

1 Alò Naomi te gen yon fanmi pwòch a mari li, yon nonm avèk anpil richès, ki sòti nan fanmi Élimélec, ki te rele Boaz.
در بیت‌لحم مرد ثروتمندی به نام بوعز زندگی می‌کرد که از بستگان اِلیمِلِک شوهر نعومی بود.
2 Ruth, Moabit la te di a Naomi: “Souple, kite mwen ale ranmase lòj pami tèt sereyal yo nan chan a sila ke mwen kapab twouve favè nan zye li.” Epi li te di l: “Ale fi mwen.”
روزی روت به نعومی گفت: «اجازه بده به کشتزارها بروم و در زمین کسی که به من اجازهٔ خوشه‌چینی بدهد خوشه‌هایی را که بعد از درو باقی می‌ماند، جمع کنم.» نعومی گفت: «بسیار خوب دخترم، برو.»
3 Konsa, li te sòti pou te ale ranmase nan chan an apre moun rekòlt yo. Epi li te vin rive nan pòsyon chan ki te pou Boaz la, ki te manm fanmi Élimélec la.
پس روت به کشتزار رفته، مشغول خوشه‌چینی شد. اتفاقاً کشتزاری که او در آن خوشه می‌چید از آن بوعز، خویشاوند اِلیمِلِک شوهر نعومی بود.
4 Alò vwala, Boaz te sòti Bethléhem pou te di a moun rekòlt yo: “Ke SENYÈ a kapab avèk nou.” Epi yo te di li: “Ke SENYÈ a beni nou.”
در این وقت، بوعز از شهر به کشتزار آمد. او به دروگران سلام کرده، گفت: «خداوند با شما باشد.» آنها نیز در جواب گفتند: «خداوند تو را برکت دهد.»
5 Konsa, Boaz te di a sèvitè li ki te an chaj moun rekòlt yo: “Pou kilès jenn fanm sila a?”
سپس بوعز از سرکارگرش پرسید: «این زنی که خوشه می‌چیند کیست؟»
6 Sèvitè an chaj la te reponn: “Se jenn fanm Moabit ki te retounen avèk Naomi soti nan peyi Moab la.
او جواب داد: «این همان زن موآبی است که همراه نعومی از موآب آمده است.
7 Li te di nou: ‘Souple, kite mwen ranmase e sanble apre moun rekòlt yo pami pakèt mwasonyè yo.’ Konsa, li te vini e te rete soti nan maten a jis rive koulye a, sòf ke li te chita nan kay la pou yon ti tan.”
او امروز صبح به اینجا آمد و از من اجازه گرفت تا به دنبال دروگران خوشه بچیند. از صبح تا حالا مشغول خوشه‌چینی است و فقط کمی زیر سایبان استراحت کرده است.»
8 Alò, Boaz te di a Ruth: “Koute byen fi mwen! Pa ale ranmase nan chan lòt moun. Anplis, pa kite chan sila a, men rete isit la avèk sèvant mwen yo.
بوعز پیش روت رفت و به او گفت: «گوش کن دخترم، به کشتزار دیگری نرو، همین‌جا با کنیزان من باش و در کشتراز من به دنبال دروگران خوشه‌چینی کن. به کارگرانم دستور داده‌ام که مزاحم تو نشوند. هر وقت تشنه شدی برو و از کوزه‌های آبِ آنها بنوش.»
9 Kite zye ou rete sou chan ke yo rekòlte a e swiv yo. Vrèman, mwen te kòmande sèvitè mwen yo pou pa touche ou. Lè ou swaf, ale nan veso dlo yo pou bwè nan sa ke sèvitè yo rale.”
10 Alò, li te tonbe sou figi li e te bese ba atè. Li te di l: “Poukisa mwen jwenn favè nan zye w konsa, pou ou ta wè m, paske se yon etranje ke mwen ye?”
روت رو بر زمین نهاد و از او تشکر کرد و گفت: «چرا با اینکه می‌دانید من یک بیگانه‌ام، مرا مورد لطف خود قرار می‌دهید؟»
11 Boaz te reponn li: “Tout sa ke ou te fè pou bèlmè ou apre lanmò mari ou te deklare nèt a mwen menm; jan ou te kite papa ou avèk manman ou, peyi nesans ou e te vini a yon pèp ke ou pa t menm konnen oparavan.
بوعز جواب داد: «می‌دانم پس از مرگ شوهرت چقدر به مادر شوهرت محبت کرده‌ای و چگونه به خاطر او پدر و مادر و زادگاه خود را ترک کرده و با وی به اینجا آمده‌ای تا در میان قومی زندگی کنی که آنها را نمی‌شناختی.
12 Ke SENYÈ a kapab bay ou rekonpans pou travay sa a, e ke salè ou ki sòti nan SENYÈ a vin plen nèt; Li menm Bondye a Israël la, anba zèl a sila ou te vini mande refij la.”
خداوند، پاداش این فداکاری تو را بدهد و از سوی یهوه خدای اسرائیل که زیر بالهایش پناه گرفته‌ای، اجر کامل به تو برسد.»
13 Epi li te di: “Kite mwen jwenn favè nan zye ou, patwon mwen, paske ou te fè m jwenn konfò e vrèman te pale pawòl emab anvè sèvant ou, malgre mwen pa youn nan sèvant ou yo.”
روت در پاسخ وی گفت: «سرور من، شما نسبت به من خیلی لطف دارید. من حتی یکی از کنیزان شما نیز به حساب نمی‌آیم ولی با وجود این با سخنانتان مرا دلداری می‌دهید!»
14 Nan lè manje a, Boaz te di li: “Vin isit la, pou ou kapab manje nan pen an e fonse mòso pen ou an nan vinèg la.” Konsa li te chita akote moun rekòlt yo. Li te sèvi li sereyal boukannen; li te manje, te satisfè, epi te gen rès ki rete.
وقت نهار، بوعز او را صدا زده، گفت: «بیا غذا بخور.» روت رفت و پیش دروگرها نشست و بوعز خوراکی پیش او گذاشت و روت خورد و سیر شد و از آن خوراکی مقداری نیز باقی ماند.
15 Lè li te leve pou ale ranmase, Boaz te kòmande sèvitè li yo. Li te di: “Kite li ranmase menm pami pakèt yo, pa bay li pwoblèm.
وقتی روت به سرکارش رفت، بوعز به دروگرانش گفت: «بگذارید او هر جا می‌خواهد خوشه جمع کند حتی در میان بافه‌ها، و مزاحم او نشوید. در ضمن عمداً خوشه‌هایی از بافه‌ها بیرون کشیده، بر زمین بریزید تا او آنها را جمع کند.»
16 Anplis, nou va rale kèk nan pakèt yo eksprè e kite li la pou li kapab ranmase e pa repwoche l.”
17 Konsa Ruth te ranmase nan chan an jis rive nan aswè. Lè li te bat sa li te ranmase yo, li te anviwon yon efa lòj.
روت تمام روز در آن کشتزار خوشه‌چینی کرد. غروب، آنچه را که جمع کرده بود کوبید و حدود ده کیلو جو به دست آمد.
18 Li te pran li e te lantre nan vil la pou bèlmè li te wè sa ke li te ranmase yo. Li anplis te rale bay Naomi sa ki te rete lè li menm te fin satisfè.
او آن را با باقیماندهٔ خوراک ظهر برداشته به شهر پیش مادرشوهرش برد.
19 Bèlmè li te di li: “Kote ou te ranmase jodi a e kibò ou te travay? Pou sila ki te pran enterè nan ou yo kapab beni!” Konsa, li te di bèlmè li avèk ki moun li te travay, epi te di: “Non a mesye a avèk sila mwen te travay jodi a te Boaz.”
نعومی گفت: «دخترم، امروز در کجا خوشه‌چینی کردی؟ خدا به آن کسی که به تو توجه نموده است برکت دهد.» روت همهٔ ماجرا را برای مادرشوهرش تعریف کرد و گفت که نام صاحب کشتزار بوعز است.
20 Naomi te di bèlfi li: “Ke li menm kapab beni pa SENYÈ a ki pa t retire mizerikòd li sou vivan yo ak sou mò yo.” Ankò, Naomi te di a li: “Nonm nan se fanmi nou, li se youn nan fanmi pwòch nou yo.”
نعومی به عروس خود گفت: «خداوند او را برکت دهد! خداوند به شوهر مرحوم تو احسان نموده و لطف خود را از ما دریغ نداشته است. آن شخص از بستگان نزدیک ماست که می‌تواند ولی ما باشد.»
21 Alò Ruth Moabit la te di, “Anplis, li te di mwen: ‘Ou dwe rete pre sèvitè mwen yo jiskaske yo fin fè rekòlt mwen.’”
روت به مادرشوهرش گفت: «او به من گفت که تا پایان فصل درو می‌توانم در کشتزارش به دنبال دروگرانش خوشه‌چینی کنم.»
22 Naomi te di a Ruth, bèlfi li a: “Sa bon pitit mwen pou ou sòti avèk sèvant li yo, pou kèk lòt moun pa vin tonbe sou ou nan yon lòt chan.”
نعومی گفت: «بله دخترم، بهتر است با کنیزان بوعز خوشه‌چینی کنی. برای تو کشتزار بوعز از هر جای دیگری امن‌تر است.»
23 Konsa li te rete pre sèvant Boaz yo pou ranmase jiska fen rekòlt lòj la avèk ble a. Epi li te rete lakay bèlmè li.
پس روت تا پایان فصل درو جو و گندم نزد کنیزان بوعز به خوشه‌چینی مشغول شد. او همچنان با مادرشوهرش زندگی می‌کرد.

< Rit 2 >