< Ròm 9 >

1 M ap di nou verite nan Kris la, mwen p ap bay manti. Konsyans mwen temwaye pou mwen nan Lespri Sen an,
Resnico govorim v Kristusu, ne lažem, to mi spričuje moja vest v duhu svetem,
2 ke mwen gen yon gran tristès ak doulè san rete nan kè mwen.
Da imam veliko žalost in neprenehano bolečino v svojem srcu.
3 Paske mwen te kab vle ke se mwen menm ki te kondane, separe de Kris pou lanmou frè m yo, fanmi mwen, selon lachè.
Kajti želel bi, da bi bil sam jaz preklet od Kristusa za svoje brate, kteri so mi v rodu po mesu;
4 Yo se Izrayelit ki te resevwa adopsyon kòm fis yo, ak laglwa akò yo, don Lalwa a, sèvis nan tanp lan, ak tout pwomès yo;
Kteri so Izraelci, kterih je posinstvo, in slava, in zaveze, in postavodajstvo, in služba, in obljube,
5 ki gen patriyach yo, e ki se zansèt a Kris la selon lachè; Li menm ki sou tout bagay, Bondye beni pou tout tan an. Amen. (aiōn g165)
Kteri so očetje, in od kterih je Kristus po mesu, kteri je Bog nad vsemi blagoslovljen na veke. Amen. (aiōn g165)
6 Men se pa kòmsi pawòl Bondye a fè fayit. Paske se pa yo tout ki Izrayelit ki sòti nan ras Israël,
Ni pa tako, da je beseda Božja izgubljena, ker niso vsi ti Izraelci, kteri so od Izraela.
7 ni se pa tout pitit ki sòti nan Abraham ki se pitit li. Men: “Selon Isaac desandan ou yo va nonmen”.
Tudi kteri so seme Abrahamovo, niso vsi otroci, nego: "Izaku se ti bo imenovalo seme."
8 Sa vle di, se pa zanfan lachè yo ki se pitit Bondye, men zanfan a pwomès la ki konsidere kòm erityè yo.
To je, niso ti, kteri so otroci mesa, otroci Božji, nego otroci obljube računijo se za seme.
9 Paske men pawòl a pwomès la: “Nan moman apwente a, m ap vini e Sarah va gen yon fis.”
Kajti beseda obljube je ta: "Ta čas bom prišel in Sara bo imela sina."
10 Epi se pa sèlman sa, men te genRebecca osi, lè li te fè jimo yo pou yon sèl moun, Isaac, papa nou.
Pa ne samo ona, nego tudi Rebeka, z enim imajoč otroke, z Izakom očetom našim;
11 Paske malgre jimo yo potko fèt e potko fè anyen ni byen ni mal, pou volonte Bondye selon chwa li ta kanpe, pa akoz zèv yo, men akoz Li menm, Bondye, ki fè apèl la,
Kajti ko se še nista narodila, tudi ne storila kaj dobrega ali hudega, da bi ostal sklep Božji poleg izbire,
12 Li te di a Rebecca: “Pi gran an va sèvi pi piti a”.
Ne za voljo del, nego za voljo tistega, kteri kliče, reklo se jej je: "Veči bo služil manjšemu."
13 Jan sa ekri a: “Jacob Mwen te renmen an, men Ésaü mwen te rayi a”.
Kakor je pisano: "Jakoba sem ljubil, a Ezava sovražil."
14 Ki sa nou kapab di konsa? Èske gen lenjistis avèk Bondye? Fòk nou konprann sa pa janm fèt!
Kaj torej porečemo? krivica je pri Bogu? Bog ne daj!
15 Paske Li di a Moïse: “Mwen va bay mizerikòd a sila ke m vle bay mizerikòd, e konpasyon pou sa ke m vle gen konpasyon.”
Kajti Mojzesu govori: "Pomiloval bom, kogar pomilujem, in usmilil se ga bom, kogar se usmiljujem."
16 Konsa, sa pa depann de moun ki vle a oubyen moun ki kouri a, men de Bondye ki vle bay mizerikòd la.
To torej ni v moči ne tega, kteri hoče, ne tega, kteri ne če, nego Boga, kteri pomiluje.
17 Paske Lekriti a di a Farawon: “Pou rezon sa a menm, Mwen te leve ou, pou montre pouvwa Mwen nan ou, pou non Mwen kapab pwoklame toupatou nan lemonn.”
Kajti pismo govori Faraonu: "Za to sem te obudil, da pokažem na tebi svojo moč, in da se oznani moje ime po vsej zemlji."
18 Konsa, L ap fè mizerikòd a sila Li vle a, e l ap fè kè di a sila Li pito a.
Tako torej, kogar hoče, pomiluje, a kogar hoče, trdi.
19 Konsa nou va di m: “Poukisa Li toujou jwenn fot? Kilès ki kab reziste a volonte Li.”
Porečeš mi torej; kaj se še toži? kdo njegovej volji nasprotuje?
20 Okontrè, kilès ou ye, o lòm, k ap bay Bondye repons lan? Bagay ki moulen avèk ajil la pa kapab di a moun ki fè l la: “Poukisa ou te fè m konsa?” Se pa sa?
Ali kdo si ti, o človek, kteri se z Bogom pregovarjaš? poreče li izdelek izdelovalcu: za kaj si me naredil tako?
21 Èske mèt kanari a pa gen dwa sou ajil la, pou l sèvi menm sous ajil la pou fè yon kanari gwo valè e yon kanari komen?
Nima li oblasti lončar nad glino, da iz ravno tiste grude naredi eno posodo za čast, a drugo za nečast?
22 Kisa, si Bondye, malgre volonte L pou montre lakòlè Li, ak fè moun wè pwisans Li, te andire avèk anpil pasyans ak veso lakòlè ki te prepare pou detwi yo.
Če je Bog hotel pokazati jezo in razglasiti svojo moč, prenesel je v velikej potrpljivosti posode jeze pripravljene za pogubo.
23 Epi Li te fè sa pou Li ta kapab fè wè richès laglwa Li sou veso mizerikòd yo, ke li te prepare davans pou glwa Li,
In da bi razglasil bogastvo slave svoje na posodah usmiljenja, ktere je naprej pripravil za zlavo,
24 menm nou menm ke Li te rele osi yo, non sèlman pami Jwif yo, men anplis pami pèp etranje yo.
Ktere nas je tudi poklical ne samo izmed Judov, nego tudi izmed poganov;
25 Jan Li di osi nan Osée a: “Mwen va rele sila ki pa te pèp mwen yo, ‘pèp mwen’, e sila ki pa t byeneme Mwen yo, ‘byeneme’”
(Kakor tudi pri Oseji pravi: "Imenoval bom ne moje ljudstvo svoje ljudstvo, in ne ljubico ljubico."
26 “Epi li va rive ke nan plas kote Li te di yo a: ‘Nou pa pèp mwen’, la menm, yo va rele yo fis a Bondye Vivan an.’”
In bode, na mestu, kjer se jim je reklo: "Niste moj narod vi, tam se bodo imenovali sinovi Boga živega."
27 Ésaïe te kriye fò pou Israël: “Malgre fis a Israël yo anpil tankou grenn sab lanmè, se yon ti retay ki va sove”.
Izaija pa vpije nad Izraelom: "Ko bi bilo število sinov Izraelovih kolikor morskega peska, ostanek se bo zveličal."
28 “Paske Bondye va egzekite pawòl Li sou latè avèk vitès, san manke anyen.
Kajti besedo je dokončeval in skrajševal v pravici, da bo besedo skrajšano storil Gospod na zemlji."
29 Epi jan Ésaïe te prevwa a: “Amwenske Senyè dèzame yo pa t kite yon posterite pou nou, nou ta devni tankou Sodome; nou ta sanble Gomorrhe.”
In kakor je najprej povedal Izaija: "Ko bi Gospod: Sabaot, ne bil pustil nam semena, kakor Sodoma bili bi postali in Gomori podobni.")
30 Konsa, kisa nou kapab di? Ke pèp etranje yo, ki pa t chache ladwati Bondye a, te twouve ladwati, ladwati menm ki pa lafwa a.
Kaj torej porečemo? da so pogani, kteri niso iskali pravice, dobili pravico, ali pravico, ktera je iz vere;
31 Men Israël ki t ap chèche yon lwa ladwati, pa t rive nan lwa sa a.
A Izrael iskajoč postavo pravice na postavo pravice ni zadel?
32 Poukisa? Paske yo pa t chèche li pa lafwa, men konsi se te pa zèv. Yo te bite, sou wòch bite a.
Za voljo česa? ker ni iz vere, nego kakor iz del pravice; kajti spotaknili so se ob kamen spotike,
33 Jis jan sa ekri a: “Gade, m ap mete yon wòch nan Sion k ap fè moun bite; yon wòch k ap yon ofans, e sila ki kwè nan Li Menm nan, p ap janm desi.”
Kakor je pisano: Glej, polagam v Sionu kamen spotike in skalo pohujšanja; in kdorkoli veruje v njega, osramotil se ne bo.

< Ròm 9 >