< Ròm 7 >
1 Oubyen èske nou pa konnen, frè m yo, (m ap pale avèk sila ki konnen Lalwa yo), ke Lalwa gen pouvwa sou yon moun pandan tout tan ke li vivan?
Vagy nem tudjátok, atyámfiai, – mert a törvényt ismerőkhöz szólok – hogy a törvény uralkodik az emberen, amíg él?
2 Paske yon fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a.
Mert a férjes asszony, amíg él férje, hozzá van kötve a törvény szerint, de ha meghal a férje, felszabadul az asszony a törvény alól, amely férjéhez kötötte.
3 Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason.
Azért tehát paráznának mondják, ha férje életében más férfihoz megy, ha azonban a férje meghal, szabaddá lesz a törvénytől, úgy hogy nem lesz parázna, ha más férfihoz megy.
4 Donk Frè m yo, nou menm tou nan kò Kris la, nou te oblije mouri a Lalwa a pou nou te kapab vin jwenn yon lòt, a Sila ki te leve soti nan lanmò a pou nou menm ta kapab pote fwi pou Bondye.
Azért, atyámfiai, ti is meghaltatok a törvénynek a Krisztus teste által, hogy máséi legyetek, azéi, aki a halálból feltámasztatott, hogy gyümölcsöt teremjünk Istennek.
5 Paske pandan nou te nan lachè, Lalwa a te fè move pasyon yo leve nan nou, ki t ap travay nan manm kò nou yo, pou donnen fwi pou lanmò.
Mert amikor testben voltunk, a törvény által ébresztett bűnös indulatok uralkodtak rajtunk, hogy a halálnak gyümölcsözzenek.
6 Men koulye a nou gen tan fin lage de lwa sa a. Kòmsi nou te mouri de sa ki te mare nou an e koulye a nou sèvi yon lòt jan avèk yon Lespri de nouvo, e pa nan lansyen sistèm a lèt lalwa a.
Most pedig megszabadultunk a törvénytől, minthogy meghaltunk arra nézve, ami eddig fogva tartott, hogy szolgáljunk a Lélek újságában és nem a betű óságában.
7 Donk kisa nou kapab di? Èske Lalwa se peche? Pa janm kite nou panse sa! Okontrè, mwen pa t ap konnen peche sof ke Lalwa te montre m li. Mwen pa t ap konnen anyen sou “lanvi” si se pa Lalwa ki di m “Ou pa pou gen lanvi”.
Mit mondunk tehát? A törvény bűn? Semmiképpen! Hiszen a bűnt csak a törvény által ismertem meg, mert a gonosz kívánságról sem tudtam volna, ha a törvény nem mondaná: „Ne kívánd!“
8 Men peche, ki te pran opòtinite atravèLalwa a, te prodwi nan mwen lanvi de tout kalite; paske san Lalwa a, peche mouri.
De a bűn a parancsolat által alkalmat talált arra, hogy bennem gonosz kívánságot ébresszen, mert törvény nélkül a bűn halott.
9 Yon fwa, mwen te vivan separe de Lalwa a, men lè kòmandman an te vini, peche te pran lavi, e mwen te mouri.
Régen törvény nélkül éltem, de a parancsolat eljöttével, felelevenedett a bűn,
10 Konsa, kòmandman sa a ki te fèt pou bay lavi a, te bay lanmò kòm rezilta pou mwen.
én pedig meghaltam. Így az a parancsolat, amely életre való, nekem halálomra lett.
11 Paske peche, ki te pran opòtinite pa kòmandman an, te twonpe mwen e akoz sa, te touye mwen.
Mert a bűn felhasználta az alkalmat és a parancsolat által megcsalt és megölt.
12 Alò, konsa Lalwa a sen, e kòmandman an sen, jis e bon.
De azért a törvény szent, és a parancsolat is szent és igaz és jó.
13 Donk èske li posib ke sa ki te bon ta devni kòz lanmò mwen? Ke nou pa janm panse sa! Olye de sa, se te peche ki te fè sa a, pou li ta fè m wè sa ke peche ye. Konsa li te fè m mouri ak sa ki bon an, pouke selon kòmandman an, li ta montre m kijan peche kondane nan nivo ki piwo a.
Tehát ami jó, az lett halálommá? Semmiképpen! Inkább a bűn, hogy bűn volta nyilvánvalóvá legyen, hogy a jó által szerez nekem halált, hogy felettébb bűnös legyen a bűn a parancsolat által.
14 Paske nou konnen ke Lalwa a baze sou lespri Bondye a menm. Men mwen menm se chè. Mwen te vann kòm esklav a peche.
Mert tudjuk, hogy a törvény lelki, de én testi vagyok a bűn alá rekesztve.
15 Paske sa ke m ap fè yo, mwen pa konprann yo. Mwen p ap pratike sa ke m ta renmen fè, men m ap fè bagay ke m rayi.
Mert amit cselekszem, nem ismerem. Mert nem azt teszem, amit akarok, hanem amit gyűlölök, azt cselekszem.
16 Men si m fè bagay m pito pa vle fè a, mwen vin dakò avèk Lalwa a, e admèt ke Lalwa a bon.
Ha pedig azt cselekszem, amit nem akarok, megegyezem a törvénnyel, hogy jó.
17 Donk Koulye a se pa mwen k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an.
Most azért már nem én cselekszem azt, hanem a bennem lakozó bűn.
18 Paske mwen konnen ke anyen ki bon pa rete nan mwen, sa vle di nan chè mwen. Paske bòn volonte a prezan nan mwen, men pou fè sa ki bon an pa janm fèt.
Mert tudom, hogy nem lakik bennem, azaz az én testemben jó. Mert az akarás megvan ugyan bennem, de a jót véghez vinni nem tudom.
19 Paske bon bagay ke mwen vle a, mwen pa janm fè li, men mwen pratike menm mal ke m pi pa vle a.
Mert nem a jót cselekszem, amit akarok, hanem a gonoszt cselekszem, amit nem akarok.
20 Men si mwen ap fè menm bagay ke m pi pa vle a, mwen pa moun k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an.
Ha pedig azt cselekszem, amit nem akarok, nem én teszem azt, hanem a bennem lakó bűn.
21 Donk, mwen twouve kòmprensip ke mal toujou prezan nan mwen, mwen menm ki vle fè sa ki bon an.
Megtalálom azért magamban ezt a törvényt: noha a jót akarom cselekedni, mégis a rosszat teszem.
22 Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji andedan an,
Mert gyönyörködöm ugyan Isten törvényében a belső ember szerint,
23 men nan manm kò mwen, mwen wè yon lòt lwa k ap goumen kont Lalwa volonte lespri mwen an e k ap fè m prizonye lwa peche ki nan manm mwen yo.
de látok egy másik törvényt tagjaimban, amely ellenkezik elmém törvényével és rabul ad a bűn törvényének, amely tagjaimban van.
24 Moun mizerab ke mwen ye! Ki moun k ap libere m soti nan kò lanmò sa a?
Ó, én nyomorult ember! Kicsoda szabadít meg engem e halálra ítélt testből?
25 Mèsi a Bondye atravè Jésus Kri Senyè nou an! Konsa, yon kote, nan panse m, m ap sèvi Lalwa Bondye a. Men yon lòt kote, avèk chè mwen, m ap sèvi lalwa peche a.
De hálát adok Istennek, a mi Urunk Jézus Krisztus által. Bár elmémmel az Isten törvényének, testemmel azonban a bűn törvényének szolgálok.