< Ròm 6 >
1 Konsa, Kisa nou kapab di? Èske n ap kontinye nan peche pou lagras kapab vin plis?
那麼,我們可說什麼呢?我們要常留在罪惡中,好叫恩寵洋溢嗎?
2 Ke sa pa janm fèt! Kijan nou menm ki te mouri a peche nou kapab kontinye viv nan li?
斷乎不可! 我們這些死於罪惡的人,如何還能在罪惡中生活呢?
3 Oubyen èske nou pa konnen ke nou tout ki batize nan Kris Jésus a, gen tan batize nan lanmò li?
難道你們不知道:我們受過洗歸於基督耶穌的人,就是受洗歸於他的死亡嗎?
4 Konsa, nou gen tan antere avèk Li pa batèm nan lanmò Li a, pouke menm jan Kris te leve soti vivan nan lanmò a pa laglwa a Papa a, nou osi kapab mache nan nouvèl vi a.
我們藉著洗禮已歸於死亡與祂同葬了,為的是基督怎樣藉著父的光榮,從死者中復活了,我們也怎樣在新生活中度生。
5 Paske si nou vin sanble avèk Li nan lanmò Li, n ap vin sanble avèk Li nan rezirèksyon Li tou.
如果我們藉著同祂相似的死亡,已與祂結合,也要藉著同祂相似的復活與祂結合,
6 Byen rekonesan ke ansyen moun nou an te krisifye avèk Li, pouke kò peche nou an ta kapab vin disparèt pou nou kab pa esklav a peche ankò.
因為我們知道,我們的舊人已與祂同釘在十字架上了,使那屬罪惡的自我消逝,好叫我們不再作罪惡的奴隸,
7 Paske sila ki gen tan mouri an, libere de peche.
因為已死的人,便脫離了罪惡。
8 Alò si nou gen tan mouri avèk Kris, nou kwè osi ke n ap viv avèk Li.
所以,如果我們與基督同,我們相信也要祂同生,
9 Paske nou konnen ke Kris ki te leve soti nan lanmò a, p ap janm mouri ankò. Lanmò pa mèt Li ankò.
因為我們知道:基督既從死者中復活,就不再死亡;死亡不再統治祂了,
10 Paske lanmò ke Li te mouri an, Li te mouri anvè peche, yon fwa pou tout, men vi ke L ap viv la, L ap viv pou Bondye.
因為祂死,是死於罪惡,僅僅一次;祂活,是活於天主。
11 Menm jan konsidere nou menm kòm mò ak peche, men vivan anvè Bondye nan Jésus Kri.
你們也要這樣看自己是死於罪惡,在基督耶穌內活於天主的人。
12 Konsa, pa kite peche reye nan kò mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo.
所以不要讓k你們必死的身體上為王,致令你們從祂的情慾,
13 Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati.
也不要把你們的肢體交與罪惡,作不義的武器;但該將你們自己獻於天主,有如從死者中復活的人,將你們的肢體獻於天主,當作正義的武器:
14 Paske peche pa dwe mèt nou, paske nou pa anba Lalwa, men anba gras.
罪惡不應再統治你們,因為你們已不再法律權下,而是在恩寵權下。
15 Kisa Ankò? Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt!
那麼,我們因為不在法律權下,而在恩寵權下,就可以犯罪嗎?絕對不可!
16 Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati?
難道你們不知道:你們將自己獻給誰當奴隸,而服從他,就成了你們所服從者的奴隸,或作罪惡的奴隸,以致死亡;或作順命的奴隸,以得正義嗎?
17 Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a.
感謝天主,雖然你們曾作過罪惡的奴隸,現在你們卻從心裏聽從那傳給你們的教理規範,
18 Epi lè nou te libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.
脫離罪惡,獲得了自由,作了正義的奴隸。
19 M ap pale nan tèm a moun, akoz feblès lachè nou. Paske menm jan avan ke nou te konn prezante manm kò nou kòm esklav a salte ak linikite, ki te bay kòm rezilta, plis linikite toujou, koulye a prezante yo kòm esklav a ladwati ki bay kòm rezilta, sanktifikasyon.
為了你們本性的軟弱,我且按常情來說:你們在從前怎樣將你們的肢體當作奴隸,獻於不潔和不法,行不法的事;如今也要怎樣將你們的肢體當作奴隸,獻於正義,行聖善的事。
20 Paske lè nou te esklav de peche a, nou te lib de sa ki konsène ladwati.
當你們作罪惡的奴隸時,不受正義的束縛;
21 Donk Ki benefis nou te twouve konsa ki soti nan bagay yo ki fè nou wont koulye a? Paske sa ki soti nan bagay sa yo se lanmò.
但那時你們得了什麼效果?只是叫你們現在以些事為可恥,因為其結局就是死亡;
22 Men koulye a ke nou gen tan fin lib de peche, e vin esklav a Bondye, nou twouve benefis nou ki bay kòm benefis sanktifikasyon, e kòm rezilta, lavi etènèl. (aiōnios )
可是現在,你們脫離了罪惡,獲得了自由,作了天主的奴隸,你們所得的效果是使你們成聖,結局就是永生。 (aiōnios )
23 Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an. (aiōnios )
因為罪惡的薪俸是死亡,但是天主的恩賜是在我們的主基督耶穌內的永生。 (aiōnios )