< Ròm 4 >

1 Konsa kisa nou kapab di ke Abraham, zansèt nou selon lachè te jwenn kon jijman?
Ko nu lai sakām, ka mūsu vectēvs Ābrahāms ir dabūjis pēc miesas?
2 Paske si Abraham te jistifye pa zèv, li gen yon bagay pou vante tèt li, men pa devan Bondye.
Jo ja Ābrahāms caur darbiem ir taisnots, tad tam ir gan slava, bet ne pie Dieva.
3 Paske kisa Ekriti Sen Yo di?: “Abraham te kwè Bondye e sa te konte kòm ladwati li.”
Jo ko tas raksts saka? Ābrahāms Dievam ir ticējis un tas viņam ir pielīdzināts par taisnību.
4 Alò, nou konnen ke sila ki travay la, salè li pa konte kòm yon favè, men kòm sa li merite.
Bet tam darba darītājam alga netop pielīdzināta pēc žēlastības, bet pēc parāda.
5 Men pou sila ki pa travay la, men kwè nan Sila ki jistifye pechè yo, lafwa li ap konte kòm ladwati li.
Bet tam, kas nav darba darītājs, bet tic uz To, kas bezdievīgo taisno, tam ticība top pielīdzināta par taisnību.
6 Menm jan ke David te pale tou sou benediksyon ki vini sou moun ke Bondye deklare jis apa de zèv li yo:
Tā kā arī Dāvids saka, to cilvēku esam svētīgu, kam Dievs taisnību pielīdzina bez darbiem:
7 “Beni se tout moun ki gen tan padone pou tout inikite yo, e ke peche pa yo gen tan fin kouvri.
Svētīgi tie, kam pārkāpumi piedoti un grēki apklāti;
8 Beni se moun Senyè a pa rann kont pou peche l.”
Svētīgs tas vīrs, kam Tas Kungs grēku nepielīdzina.
9 Konsa èske benediksyon sa a sou sikonsi sèlman, oubyen èske li tonbe sou ensikonsi yo tou? Paske nou di ke: “Lafwa a te konte a Abraham kòm ladwati li.”
Vai nu šis labums atlec apgraizījumam vien, vai arī priekšādai? Jo mēs sakām, ka Ābrahāmam ticība ir pielīdzināta par taisnību.
10 Konsa kòman sa te konte? Pandan li te sikonsi, oubyen pandan li te ensikonsi a? Se pa t pandan li te sikonsi a, men lè li te ensikonsi a!
Kā tad tā viņam ir pielīdzināta? Vai iekš apgraizījuma, vai iekš priekšādas? Ne iekš apgraizījuma, bet iekš priekšādas.
11 Li te resevwa sign sikonsisyon an, kòm yon so ladwati li ke li te genyen pandan li te ensikonsi a, pou li ta kapab vin papa a tout sila ki kwè, menm sa yo san sikonsisyon, pou ladwati kapab konte pou yo.
Bet to apgraizīšanas zīmi viņš dabūja par taisnības zieģeli tai ticībai, ko viņš vēl priekšādā būdams turēja; ka tas būtu par tēvu visiem, kas priekšādā būdami tic, lai ticība tiem arīdzan taptu pielīdzināta par taisnību,
12 Li se papa a sikonsizyon, non sèlman pou sila ki sikonsi yo, men osi a sila yo ki swiv chemen lafwa ke Abraham te genyen pandan li te ensikonsi a.
Un par apgraizīšanas tēvu tiem, kas ne vien apgraizīti, bet arī staigā tās ticības pēdās, kas mūsu tēvam Ābrahāmam bija priekšādā.
13 Paske pwomès a Abraham ak desandan li yo pou li te kab resevwa tout lemond kòm eritaj, pa t fèt selon lalwa, men selon ladwati lafwa a.
Jo tā apsolīšana, ka viņš būšot pasaules mantinieks, Ābrahāmam jeb viņa sēklai nav notikusi caur bauslību, bet caur ticības taisnību.
14 Paske si se sila ki gen Lalwa a k ap eritye, lafwa vin pa vo anyen e pwomès la vin anile.
Jo ja tie bauslības ļaudis - mantinieki, tad ticība ir veltīga un tā apsolīšana iznīkusi.
15 Paske Lalwa a pote lakòlè, men kote ki pa gen lalwa, pa gen vyolasyon.
Jo bauslība padara dusmību; jo kur bauslības nav, tur arī nav pārkāpšanas.
16 Pou rezon sa a, se pa lafwa, pou li ta kapab pa gras, ke pwomès la ta kapab asire a tout desandan Abraham yo; non sèlman a sila ki gen Lalwa a, men osi a sila ki gen lafwa Abraham nan, ki se papa a nou tout.
Tāpēc no ticības, lai ir pēc žēlastības; lai tā apsolīšana ir pastāvīga visam dzimumam, ne vien tam, kas no bauslības, bet arī tam, kas no Ābrahāma ticības. Tas mums visiem ir tēvs,
17 Jan sa ekri a: “Mwen te fè ou Papa a anpil nasyon yo”, devan Sila a ke li (Abraham) te kwè a. Sa vle di, menm Bondye ki bay lavi a mò yo e ki fè egziste tout sila ki pa t janm egziste oparavan yo.
(Kā ir rakstīts: daudz tautām Es tevi esmu cēlis par tēvu, ) Tā Dieva priekšā, kam viņš ir ticējis, kas miroņus dara dzīvus un sauc to, kas vēl nav, tā kā tas jau būtu.
18 Nan espwa kont tout esperans li te kwè, pou li ta kapab vin papa a anpil nasyon, selon sa ki te pale a: “Se konsa tout desandan ou yo va ye”.
Pret cerību viņš ir ticējis uz cerību, lai paliktu par tēvu daudz tautām, pēc tā vārda: Tādam būs būt tavam dzimumam.
19 San li pa t vin fèb nan lafwa, li te reflechi sou pwòp kò li, ki te gen tan prèske mouri paske li te gen anviwon san lane e vant Sarah a te esteril akoz laj li.
Un viņš nepalika vājš iekš ticības, nedz lūkoja uz savām izdēdējušām miesām, tik ne simts gadus vecs būdams, nedz uz Sāras izdēdējušām miesām.
20 Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e te toujou bay Bondye lwanj.
Bet pie tās Dieva apsolīšanas viņa prāts neticībā nešaubījās, bet kļuva spēcīgs iekš ticības un Dievam deva godu,
21 Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive.
Pilnā ticībā zinādams, ka Dievs to, ko Viņš apsolījis, arī spēj darīt.
22 Donk sa te konte osi pou li kòm ladwati.
Tāpēc tas viņam arī pielīdzināts par taisnību.
23 Se pa t sèlman pou lakoz li sèl ke yo te ekri ke sa te konte pou li,
Bet tas ne vien viņa dēļ ir rakstīts, ka tas viņam ir pielīdzināts,
24 men anplis pou nou osi sa te konte, kòm sila ki kwè nan Li yo; Li menm ki te resisite Jésus Kri, Senyè nou an sòti nan lanmò.
Bet arī mūsu dēļ, kam tas tiks pielīdzināts, kad ticam uz to, kas no miroņiem ir uzmodinājis mūsu Kungu Jēzu,
25 Li menm ki te livre a lakwa a pou peche nou yo e te resisite pou jistifikasyon nou.
Kas ir nodots mūsu grēku dēļ un uzmodināts mūsu taisnošanas labad.

< Ròm 4 >