< Ròm 2 >

1 Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo.
Aa le tsy amam-piveroha’e ondatio, ndra iaia irehe mizaka, o fizakà’oo ro amara’o vatañe, amy te ihe mizaka ro mpanao o itaroña’o.
2 Epi nou konnen ke li jis lè jijman Bondye a tonbe sou sila ki pratike bagay sa yo.
Toe fohin-tika te vantañe ty talim-pizakan’ Añahare o manao i sata re­zaio.
3 Men èske ou sipoze sa o lòm; ke lè ou jije sila ki pratike bagay sa yo, epi ou menm ou fè menm bagay yo, ke ou va chape de jijman Bondye a?
He zao ty atao’o, ry ondatio, ie anoe’o o fanoe’ o zakae’oo, ho votitsihe’o hao i zakan’ Añaharey?
4 Oubyen èske ou panse ke richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans?
Ke vasohe’o ty havokaran-kasoa’e, ty fañantoàña’e naho ty fahaliñisa’e, ie amoea’o te mitaoñe azo hisoloho ty fatarihan’ Añahare.
5 Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo.
Fa ty tro’o manjehatse tsy mete misoloho ro mañaja haviñerañe ho azo amy andron-kaviñerañe naho famentabentarañe ty hatòn-jakan’ Añaharey,
6 Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li.
ie songa ho tambezeñe ty amo sata’eo t’indaty;
7 Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; (aiōnios g166)
le tolora’e haveloñe nainai’e o mipay engeñe naho asiñe naho tsy fihomahañe am-pimanean-kasoao; (aiōnios g166)
8 men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye.
fe fiforoforoañe naho haviñerañe o mpitribàhatseo, o mañarinje ty to naho mitolon-katsivokarañe naho habosehañe vaho hatorifihañeo.
9 Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.
Eka ho valea’e hasiloke naho halovilovy ze fiai’ ondaty mpanao raty, ty Jiosy hey vaho ty Grika;
10 Men laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.
le engeñe naho asiñe naho fañanintsiñe ze hene mpanao soa; ty Jiosy hey vaho ty Grika.
11 Paske avèk Bondye pa gen patipri.
Fa tsy mirihy t’i Andrianañahare.
12 Paske tout moun ki fè peche san Lalwa a va peri osi san Lalwa a, e tout moun ki fè peche anba Lalwa a va jije pa Lalwa a.
Toe songa hikorokomake alafe’ i Hake ze mandilatse alafe’ i Hake, vaho sindre ho zakaeñe amy Hake ze manao hakeo ambane’ i Hake,
13 Paske se pa sila ki tande Lalwa a ki jis devan Bondye, men se sila ki obeyi Lalwa a ki jistifye.
Tsy ze mpijanjiñe Hake ro malio-tahiñe aman’ Añahare, fa ty mañambeñe Hake ro mahazo to;
14 Paske lè pèp etranje yo ki pa gen Lalwa a, fè pa ensten sa ke Lalwa a mande, sila yo, san menm gen lalwa a, vini yon lwa pou kont yo.
aa ie mahafaño­rike ty andilia’ i Hake an-dilitse ty ambahiny tsy aman-Kàke, le aman-Kake am-bata’e ty tsy aman-Kàke,
15 Konsa yo demontre ke zèv Lalwa yo se byen ekri nan kè yo. Se pwòp konsyans yo ki bay temwayaj, epi panse yo, pafwa ap bay kondanasyon e pafwa ap defann yo.
fa ampalangese’ o sata’eo te misokitse an-tro’e ao ty nafe’ i Hake, itaroñam-betse­vetse, ke anisia’ ty fitsa­korea’e he añatoa’e
16 Nan jou sa a selon levanjil mwen an, Bondye ap jije tout sekrè a lèzòm selon Jésus Kri.
amy andro ho zakaen’ Añahare añam’ Iesoà Norizañey o mietake am’ ondatioo; izay ty talily soa taroñeko.
17 Men si nou pote tit “Jwif”, depann de Lalwa, e vante tèt nou nan Bondye,
Aa ihe manoñom-batañe ho Jiosy, mpiato amy Hake naho mirenge aman’ Añahare;
18 konnen volonte Li, e vin dakò avèk tout bagay ki nesesè, paske se nou menm ki enstwi selon Lalwa a,
ihe mahafohiñe o satri’eo naho miantoke ty soa kanao niòke amy Hake,
19 si nou rete byen si ke nou menm se gid avèg yo, yon limyè pou sila ki nan tenèb yo,
naho atao’o te mpiaolo’ ty goa naho hazavàñe amo añ’ ieñeo,
20 yon korektè pou ensanse yo, yon pwofesè pou sila ki poko gen matirite yo, akoz ke nou gen Lalwa a kòm vrè baz konesans ak verite a;
mpanoro ty tsi-ma­hilala, mpañoke ty bahimo, ama’o ty vente’ ty hihitse naho ty hatò amy Hake ao—
21 konsa, nou menm ki enstwi lòt yo, èske nou pa enstwi pwòp tèt nou? Nou menm ki preche ke yon moun pa dwe vòlè, èske nou vòlè?
ihe arè, mpañoke ty ila’e, maño-batam-b’iheo? Ihe manoro ty hoe: Ko mikametse, he mikizo?
22 Nou menm ki di ke yon moun pa dwe fè adiltè, èske nou fè adiltè? Nou menm ki rayi zidòl yo, èske nou konn vòlè tanp yo?
Ihe manao ty hoe: Ko mañarapilo; mitsindroke amontoñe ao hao? Ihe malain-tsikily, va’e mpampikametse añ’ anjomba miavake ao?
23 Nou menm ki vante tèt nou nan Lalwa a, malgre nou vyole Lalwa a, èske nou dezonore Bondye?
Ihe mpisenge Hake, hera mañamavo an’Andrianañahare ami’ty fandilara’o Hake?
24 Paske jan sa ekri a: “Non Bondye a blasfeme pa etranje yo akoz de nou”.
Toe pinatetse te: Inahareo ro iteratera’ o kilakila ondatio ty tahinan’ Añahare.
25 Paske anverite, sikonsizyon gen valè si nou ap pratike Lalwa a, men si nou se yon transgresè Lalwa a, sikonsizyon sa a gen tan vini ensikonsizyon.
Toe mahasoa ty savatse, naho oriheñe ty Hake fe naho mpiola amy Hake le mivalike ho tsy fisavarañe i fisavara’oy.
26 Donk, si yon nonm ki pa fizikman sikonsi swiv tout règleman Lalwa yo, èske ensikonsizyon li an pa konsidere kòm sikonsizyon?
Aa naho àmbe’ ty tsi-sinavatse o fañè amy Hake aoo, tsy ho volilieñe te afa-boy hao i tsy misavatsey?
27 Epi li menm ki pa sikonsi fizikman, si li gade lalwa a, èske li p ap jije nou, ki malgre nou gen chak lèt lalwa a ak sikonsizyon, se vyolatè lalwa a?
Toe hizakà’ ty tsi-afa-boiñe mahambeñe Hake. Ama’o i pinatetsey naho i savatsey f’ie mpiola amy Hake.
28 Paske sa ki fè yon moun Jwif se pa sa ki parèt deyò a. Ni vrè sikonizyon an se pa sa ki fèt nan chè eksteryè a.
Fe tsy maha-Jiosy t’ie alafe’e avao, mbore tsy atao savatse i anoeñe an-tsandriñey.
29 Men yon vrè Jwif se sila ki sikonsi pa anndan. Sikonsizyon an se sa ki fèt nan kè, pa Lespri Sen an, men pa selon lèt lalwa a. Lwanj pa li pa sòti nan lòm, men nan Bondye.
Toe Jiosy t’ie an-troke ao, naho añ’arofo ao ty savatse to, fa tsy an-tsokitse; aa le tsy boak’ am’ondatio ty enge’e fa aman’ Añahare.

< Ròm 2 >