< Ròm 14 >
1 Alò aksepte sila ki fèb nan lafwa a, men pa pou diskisyon sou tout opinyon yo.
Receive anyone who is weak in faith, but not for the purpose of disputing about opinions.
2 Yon moun gen lafwa pou li kab manje tout bagay, men sila ki fèb la manje sèlman legim.
One person believes that he may eat anything, but he who is weak eats only vegetables.
3 Sila ki manje a pa dwe meprize sila ki pa manje a, e sila ki pa manje a pa dwe jije sila ki manje a, paske Bondye aksepte li.
The one who eats must not despise the one who does not eat, and the one who does not eat must not judge the one who eats, for God has received him.
4 Ki moun nou ye pou jije sèvitè a yon lòt? Devan pwòp mèt pa li l ap kanpe oubyen l ap tonbe. E l ap kanpe menm, paske Bondye kapab fè l kanpe.
Who are yoʋ to judge the servant of another? To his own master he stands or falls. And he will be made to stand, for God is able to make him stand.
5 Yon moun gade yon jou kòm pi enpòtan ke yon lòt, yon lòt menm gade ke tout jou yo menm. Kite chak moun vin byen konvenk nan konsyans pa li.
One person considers one day to be more important than another, while another person considers every day to be alike. Each one should be fully convinced in his own mind.
6 Sila ki kenbe enpòtans a yon jou, li fè l pou Senyè a, e sila ki pa kenbe l, se a Senyè a li pa fè l. Epi sila ki manje, se pou Senyè a ke li manje, paske li bay remèsiman a Bondye. Epi li ki pa manje, pa manje a Senyè a, paske li bay Bondye remèsiman.
He who observes a particular day, observes it in honor of the Lord, while he who abstains from observing a particular day, abstains in honor of the Lord. He who eats, eats in honor of the Lord, for he gives thanks to God, while he who abstains from eating, abstains in honor of the Lord, and he gives thanks to God.
7 Paske pa gen youn nan nou ki viv pou tèt li, ni pa gen youn ki mouri pou tèt li.
For none of us lives for himself, and none of us dies for himself.
8 Si nou viv, nou viv pou Senyè a, oubyen si nou mouri, nou mouri pou Senyè a. Donk kit nou viv, oswa kit nou mouri, se a Senyè a.
If we live, we live for the Lord; and if we die, we die for the Lord. Therefore, whether we live or die, we belong to the Lord.
9 Pou rezon sa a Kris te mouri, Li te resisite, e Li te viv ankò, pou Li te kapab Senyè pou ni sa ki mouri ak sa ki vivan.
For this reason Christ died and then rose and lived again, so that he might be Lord over both the dead and the living.
10 Men nou menm, poukisa nou jije frè nou an? Oswa, nou menm ankò, poukisa nou meprize frè nou an? Paske nou tout va kanpe devan chèz jijman Bondye a.
Yoʋ, then, why do yoʋ judge yoʋr brother? Or yoʋ, why do yoʋ despise yoʋr brother? For we will all stand before the judgment seat of Christ.
11 Paske sa ekri: “Jan Mwen vivan an, di Senyè a, tout jenou ap bese devan Mwen, e tout lang ap bay lwanj a Bondye”.
For it is written, “As I live, says the Lord, every knee will bow before me, and every tongue will give praise to God.”
12 Konsa nou chak ap rann kont de tèt li, bay Bondye.
So then, each of us will give an account of himself to God.
13 Konsa, annou pa jije youn lòt ankò. Men olye de sa, annou detèmine pou nou pa mete okenn obstak oubyen wòch k ap fè moun bite sou wout a yon frè.
Therefore let us no longer judge one another. Instead, resolve not to put any stumbling block or snare before your brother.
14 Mwen konnen e mwen byen konvenk nan Senyè a Jésus ke pa gen anyen ki pa pwòp nan li menm; men pou sila a ki panse ke yon bagay pa pwòp, pou li menm li pa pwòp la.
I know and am convinced in the Lord Jesus that nothing is unclean in and of itself, but it is unclean for anyone who considers it to be unclean.
15 Paske si se pou afè manje nou ke frè nou an vin blese a, nou p ap mache nan lanmou ankò. Pa detwi pou afè manje nou an, sila pou kilès Kris te mouri an.
If yoʋr brother is distressed by what yoʋ eat, yoʋ are no longer walking in love. Do not let what yoʋ eat destroy someone for whom Christ died.
16 Konsa pa kite sa ki bon bagay pou ou a, vin pale pa lòt yo kòm yon mal.
And do not let what you consider good to be spoken of as evil.
17 Paske wayòm Bondye a se pa manje ak bwè, men se ladwati lapè, ak lajwa nan Lespri Sen an.
For the kingdom of God is not a matter of eating and drinking, but of righteousness, peace, and joy in the Holy Spirit.
18 Sila ki sèvi Kris konsa a akseptab a Bondye, e apwouve pa lèzòm.
Anyone who serves Christ in these things is acceptable to God and approved by men.
19 Donk konsa, nou pouswiv bagay k ap fè nou gen lapè yo, e k ap soutni nou youn lòt.
So then, let us pursue what brings about peace and mutual edification.
20 Pa dechire travay Bondye a pou afè manje. Anfèt tout bagay pwòp, men yo mal pou moun ki manje e ki ofanse lòt moun.
Do not tear down the work of God for the sake of food. Everything is indeed clean, but it is wrong for a person to eat anything that causes another to stumble.
21 Se bon pou pa manje vyann ni bwè diven oubyen fè nenpòt bagay k ap fè frè ou a chite.
It is good not to eat meat or drink wine or do anything by which yoʋr brother stumbles or is offended or made weak.
22 Lafwa ke ou genyen an, genyen li kòm pwòp konviksyon pa w devan Bondye. Beni se sila a ki pa kondane pwòp tèt li nan sa ke li apwouve.
Do yoʋ have a firm belief about these things? Have it privately before God. Blessed is he who does not condemn himself by what he approves.
23 Men sila ki doute a gen tan fin kondane si li manje, paske manje li a pa fèt ak lafwa; e nenpòt bagay ki pa fèt ak lafwa, se peche.
But whoever doubts is condemned if he eats, because his action is not based on faith; and anything that is not based on faith is sin.