< Ròm 10 >
1 Frè m yo, dezi kè m ak lapriyè m a Bondye se pou tout Jwif yo kapab sove.
Brødre! mit Hjertes Ønske og Bøn til Gud for dem er om deres Frelse.
2 Paske mwen temwaye de yo ke yo gen yon zèl pou Bondye, men pa selon bon konprann yo.
Thi jeg giver dem det Vidnesbyrd, at de have Nidkærhed for Gud, men ikke med Forstand;
3 Paske san konesans de ladwati Bondye a, yo te eseye etabli ladwati pa yo, e yo pa t soumèt yo menm a jistis Bondye a.
thi da de ikke kendte Guds Retfærdighed og tragtede efter at opstille deres egen Retfærdighed, saa bøjede de sig ikke under Guds Retfærdighed.
4 Paske Kris fè lalwa a ranpli pou ladwati de tout sila ki kwè yo.
Thi Kristus er Lovens Ende til Retfærdighed for hver den, som tror.
5 Moïse te ekri ke moun ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a.
Moses skriver jo, at det Menneske, som gør den Retfærdighed, der er af Loven, skal leve ved den.
6 Men ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: “Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann)
Men Retfærdigheden af Tro siger saaledes: Sig ikke i dit Hjerte: Hvem vil fare op til Himmelen? nemlig for at hente Kristus ned;
7 Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou mennen Kris sòti nan lanmò).” (Abyssos )
eller: Hvem vil fare ned i Afgrunden? nemlig for at hente Kristus op fra de døde. (Abyssos )
8 Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a,
Men hvad siger den? Ordet er dig nær, i din Mund og i dit Hjerte, det er det Troens Ord, som vi prædike.
9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove.
Thi dersom du med din Mund bekender Jesus som Herre og tror i dit Hjerte, at Gud oprejste ham fra de døde, da skal du blive frelst.
10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove.
Thi med Hjertet tror man til Retfærdighed, og med Munden bekender man til Frelse.
11 Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”
Skriften siger jo: „Hver den, som tror paa ham, skal ikke blive til Skamme.”
12 Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo.
Thi der er ikke Forskel paa Jøde og Græker; thi den samme er alles Herre, rig nok for alle dem, som paakalde ham.
13 Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.”
Thi hver den, som paakalder Herrens Navn, skal blive frelst.
14 Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san yon predikatè?
Hvorledes skulde de nu paakalde den, paa hvem de ikke have troet? og hvorledes skulde de tro den, som de ikke have hørt? og hvorledes skulde de høre, uden der er nogen, som prædiker?
15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a: “A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl a bon bagay bèl yo!”
og hvorledes skulde de prædike, dersom de ikke bleve udsendte? Som der er skrevet: „Hvor dejlige ere deres Fødder, som forkynde godt Budskab.”
16 Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: “Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?”
Dog ikke alle løde Evangeliet; thi Esajas siger: „Herre! hvem troede det, han hørte af os?”
17 Konsa lafwa soti nan tande, e tande pa pawòl a Kris la.
Altsaa kommer Troen af det, som høres, men det, som høres, kommer igennem Kristi Ord.
18 Men mwen di: “Byensi, yo pa janm tande; se pa sa?” Anfèt yo tande: “Vwa pa yo ale sou tout latè e pawòl pa yo rive jis nan dènye pwent mond lan.” Epi pawòl yo rive nan tout pwent latè a.
Men jeg siger: Have de ikke hørt? Jo vist, „over hele Jorden er deres Røst udgaaet og til Jorderiges Grænser deres Ord.”
19 Men mwen di: “Byensi Israël pa t konnen; se pa sa?” Dabò, Moïse di: “M ap fè nou jalou pou sa ki pa yon nasyon; avèk yon nasyon san konprann, m ap fè nou fache.”
Men jeg siger: Har Israel ikke forstaaet det? Først siger Moses: „Jeg vil gøre eder nidkære paa et Folk, som ikke er et Folk, imod et uforstandigt Folk vil jeg opirre eder.”
20 Ésaïe, ak kouraj te di: “Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M yo; Mwen te vin parèt a sila ki pa t mande pou mwen yo.”
Men Esajas drister sig til at sige: „Jeg blev funden af dem, som ikke søgte mig; jeg blev aabenbar for dem, som ikke spurgte efter mig.”
21 Men selon Israël Li di: “Mwen lonje men m tout lajounen bay yon pèp tèt di e dezobeyisan.”
Men om Israel siger han: „Den hele Dag udstrakte jeg mine Hænder imod et ulydigt og genstridigt Folk.”