< Revelasyon 7 >

1 Apre sa, mwen te wè kat zanj ki te kanpe nan kat kwen latè, ki t ap kenbe kat van latè yo, pou van pa soufle sou tè a, sou lanmè a, ni sou okenn pyebwa.
Potom jsem viděl čtyři anděly, stojící na čtyřech úhlech země, držící čtyři větry zemské, aby nevál vítr na zemi, ani na moře, ani na žádný strom.
2 Mwen te wè yon lòt zanj ki t ap monte soti kote solèy la leve a, avèk so a Bondye vivan an. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa a kat zanj ki te gen pèmisyon pou fè mal a tè a ak lanmè a.
A viděl jsem jiného anděla, vystupujícího od východu slunce, majícího pečet Boha živého. Kterýž zvolal hlasem velikým na ty čtyři anděly, jimž dáno, aby škodili zemi a moři,
3 Li te di: “Pa fè tè a, lanmè a, oubyen pyebwa yo mal jiskaske nou fin sele sèvitè-atache Bondye nou yo sou fon yo.”
Řka: Neškoďte zemi, ani moři, ani stromům, dokudž neznamenáme služebníků Boha našeho na čelích jejich.
4 Konsa, mwen te tande kantite a sila ki te sele yo, san-karant-kat-mil, sele soti nan chak tribi a fis Israël yo.
I slyšel jsem počet znamenaných, sto čtyřidceti a čtyři tisíce jich zapečetěno ze všech pokolení synů Izraelských.
5 Nan tribi Juda a, douz-mil te sele, nan tribi Ruben an, douz-mil, nan tribi Gad la, douz-mil,
Z pokolení Juda dvanácte tisíců znamenaných, z pokolení Ruben dvanácte tisíců znamenaných, z pokolení Gád dvanácte tisíců znamenaných;
6 nan tribi Aser a, douz-mil, nan tribi Nephthali a, douz-mil, nan tribi Manassé a, douz-mil,
Z pokolení Aser dvanácte tisíců znamenaných, z pokolení Neftalím dvanácte tisíců znamenaných, z pokolení Manases dvanácte tisíců znamenaných;
7 nan tribi Siméon an, douz-mil, nan tribi Levi a, douz-mil, nan tribi Issacar a, douz-mil,
Z pokolení Simeon dvanácte tisíců znamenaných, z pokolení Léví dvanácte tisíců znamenaných, z pokolení Izachar dvanácte tisíců znamenaných;
8 nan tribi Zabulon an, douz-mil, nan tribi Joseph la, douz-mil, nan tribi Benjamin an, douz-mil te sele.
Z pokolení Zabulon dvanácte tisíců znamenaných, z pokolení Jozef dvanácte tisíců znamenaných, z pokolení Beniamin dvanácte tisíců znamenaných.
9 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo.
Potom pohleděl jsem, a aj, zástup veliký, kteréhož by žádný přečísti nemohl, ze všech národů a pokolení a lidí i jazyků, ani stojí před trůnem a před obličejem Beránka, oblečeni jsouce v bílé roucho, a palmy v rukou jejich.
10 Yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Delivrans sòti nan Bondye nou an ki chita sou twòn nan, ak nan Jèn Mouton an.”
A volali hlasem velikým, řkouce: Spasení jest od Boha našeho na trůnu sedícího a od Beránka.
11 Konsa, tout zanj yo te kanpe toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye.
A všickni andělé stáli okolo trůnu a starců a čtyř zvířat. I padli před trůnem na tváři své a klaněli se Bohu,
12 Yo t ap di: “Amen! Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.” (aiōn g165)
Řkouce: Amen. Požehnání, a sláva, a moudrost, a díků činění, a čest, a moc, i síla Bohu našemu na věky věků. Amen. (aiōn g165)
13 Konsa, youn nan ansyen yo te reponn e t ap di mwen: “Sila ki abiye an vètman blan yo, kilès yo ye, e ki kote yo sòti?”
I promluvil ke mně jeden z těch starců, a řekl mi: Kdo jsou tito, kteříž oblečeni jsou v bílé roucho? A odkud přišli?
14 Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.” Epi li te di mwen: “Sa yo se sila ki sòti nan gran tribilasyon an, e yo te lave vètman yo pou fè vin blanch nan san a Jèn Mouton an.
I řekl jsem jemu: Pane, ty víš. I řekl mi: To jsou ti, kteříž přišli z velikého soužení, a umyli roucha svá, a zbílili je ve krvi Beránkově.
15 Pou rezon sa a, yo devan twòn Bondye a; epi yo sèvi Li lajounen kon lannwit nan tanp li an. “Epi Sila ki chita nan twòn nan va ouvri tabènak li sou yo.
Protož jsou před trůnem Božím, a slouží jemu dnem i nocí v chrámě jeho; a ten, jenž sedí na trůnu, přebývati bude s nimi.
16 “Yo p ap grangou ankò, ni swaf ankò. Ni solèy la p ap bat yo, ni okenn chalè;
Nebudouť lačněti ani žízniti více, a nebude bíti na ně slunce, ani žádné horko.
17 paske, Jèn Mouton an nan mitan twòn nan va bèje pa yo. Li va gide yo a sous dlo vivan yo, e Bondye va seche tout dlo ki sòti nan zye yo.”
Nebo Beránek, kterýž jest uprostřed trůnu, pásti je bude, a dovedeť je k živým studnicím vod, a setře Bůh všelikou slzu s očí jejich.

< Revelasyon 7 >