< Revelasyon 4 >

1 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon pòt ki louvri nan syèl la. Premye vwa m te tande a te tankou son yon twonpèt k ap pale avè m, ki t ap di: “Monte isit la, e mwen va montre ou sa ki dwe rive apre bagay sa yo.”
سپس، همان‌طور که نگاه می‌کردم، دیدم که در آسمان دروازه‌ای گشوده شد. آنگاه همان آوایی که قبلاً نیز شنیده بودم، به گوشم رسید؛ آن آوا که همچون صدای شیپوری نیرومند بود، به من گفت: «بالا بیا تا وقایع آینده را به تو نشان دهم.»
2 La menm, mwen te nan Lespri a. Epi gade byen, yon twòn te kanpe nan syèl la, e yon moun te chita sou twòn nan.
ناگهان روح خدا مرا فرو گرفت و من تختی در آسمان دیدم و بر آن تخت کسی نشسته بود.
3 Epi Sila ki te chita a te gen aparans yon pyè jasp ak yon sadwàn. Konsa, te gen yon lakansyèl ozanviwon de twòn lan, ak aparans yon emwòd.
او همچون سنگِ یشم و عقیق می‌درخشید. گرداگرد تخت او را رنگین کمانی تابان چون زمرد، فرا گرفته بود.
4 Ozanviwon de twòn lan se te venn-kat twòn: epi ozanviwon de twòn yo, mwen te wè venn-kat ansyen yo chita, abiye an vètman blan, e kouwòn an lò sou tèt yo.
دور آن تخت، بیست و چهار تخت دیگر قرار داشت؛ بر آنها بیست و چهار پیر نشسته بودند که همه لباسی سفید بر تن و تاجی از طلا بر سر داشتند.
5 Sòti nan twòn nan se te gwo kout ekleraj, gwo son loraj, ak gwo kout tonnè. Konsa, te gen sèt lanp dife ki t ap brile devan twòn nan, ki se sèt Lespri Bondye yo.
از آن تخت بزرگ، رعد و برق برمی‌خاست و غرش رعد طنین‌افکن بود. در مقابل آن تخت، هفت چراغ نیز روشن بود. این هفت چراغ همان روح هفتگانهٔ خدا هستند.
6 Epi devan twòn nan, te gen yon bagay tankou yon lanmè glas kristal. Nan mitan e ozanviwon de twòn lan, kat kreyati vivan ranpli avèk zye pa devan kou pa dèyè.
در برابر تخت، دریایی از بلور درخشان به چشم می‌خورد. چهار موجود زنده نیز در چهار گوشهٔ تخت ایستاده بودند که در جلو و پشت سر خود، چشم داشتند.
7 Premye kreyati a te tankou yon lyon, dezyèm kreyati a te tankou yon ti towo bèf, twazyèm kreyati a te gen yon figi tankou yon moun, e katriyèm kreyati a te tankou yon èg k ap vole anlè.
نخستین موجود زنده، به شکل شیر بود؛ دومی شبیه گاو، سومی به صورت انسان و چهارمی به شکل عقابی در حال پرواز بود.
8 Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”
این موجودات زنده هرکدام شش بال داشتند، و میان بالهایشان پر از چشم بود. ایشان شبانه روز، بدون وقفه نام خدا را ذکر نموده، می‌گفتند: «قدوس، قدوس، قدوس است خداوند خدای قادر مطلق که بود و هست و می‌آید!»
9 Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, (aiōn g165)
هر بار که این موجودات زنده به آنکه بر تخت نشسته بود و تا ابد زنده است، جلال و حرمت و سپاس می‌فرستند، (aiōn g165)
10 venn-kat ansyen yo tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di: (aiōn g165)
آن بیست و چهار پیر نزد او سجده نموده، او را که تا ابد زنده است، پرستش می‌کنند، و تاجهای خود را پیش تخت او انداخته، (aiōn g165)
11 “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”
این سرود را می‌خوانند: «خداوندا، جلال و حرمت و قدرت، برازندهٔ توست؛ زیرا تو آفرینندهٔ تمام موجودات هستی و همه چیز به ارادهٔ تو به وجود آمد.»

< Revelasyon 4 >