< Revelasyon 22 +
1 Answit, li te montre m yon rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an,
Puis il me montra un fleuve pur d'eau vive, transparent comme du cristal, qui sortait du trône de Dieu et de l'Agneau.
2 nan mitan lari li a. Sou chak bò larivyè a, se te pyebwa lavi a, ki pote douz kalite fwi, ki bay fwi li chak mwa. Epi fèy pyebwa yo te pou gerizon a nasyon yo.
Et au milieu de la place de la Cité, et des deux côtés du fleuve était l'arbre de vie, portant douze fruits, et rendant son fruit chaque mois; et les feuilles de l'arbre [sont] pour la santé des Gentils.
3 P ap gen madichon ankò. Twòn a Bondye a ak Jèn Mouton an va ladann l, e sèvitè Li yo va sèvi Li.
Et toute chose maudite ne sera plus, mais le trône de Dieu et de l'Agneau sera en elle, et ses serviteurs le serviront;
4 Yo va wè figi Li, e non Li va sou fon yo.
Et ils verront sa face, et son Nom sera sur leurs fronts.
5 Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan. (aiōn )
Et il n'y aura plus là de nuit; et il ne sera plus besoin de la lumière de la lampe ni du soleil: car le Seigneur Dieu les éclaire, et ils régneront aux siècles des siècles. (aiōn )
6 Konsa, Li te di mwen: “Pawòl sa yo fidèl e vrè”. Senyè a, Bondye a tout lespri pwofèt yo, te voye zanj Li pou montre sèvitè li yo bagay ki dwe rive nan yon ti tan tou kout.
Puis il me dit: ces paroles sont certaines et véritables, et le Seigneur le Dieu des saints Prophètes a envoyé son Ange, pour manifester à ses serviteurs les choses qui doivent arriver bientôt.
7 “Gade byen, Mwen ap vini vit. Beni se sila ki prete atansyon a pawòl pwofesi ki nan liv sila a.”
Voici, je viens bientôt; bienheureux est celui qui garde les paroles de la prophétie de ce Livre.
8 Alò, Mwen, Jean, se sila ki te tande e wè bagay sa yo. Konsa, lè m te tande e wè yo, mwen te tonbe nan pye a zanj ki te montre m bagay sa yo pou adore l.
Et moi Jean, je suis celui qui ai ouï et vu ces choses; et après les avoir ouïes et vues, je me jetai à terre pour me prosterner aux pieds de l'Ange qui me montrait ces choses.
9 Men, li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy a ou menm, frè ou ki te pwofèt yo, ak sila ki prete atansyon a pawòl de liv sa a. Olye sa, adore Bondye.”
Mais il me dit: garde-toi de le faire; car je suis ton Compagnon de service, et [le Compagnon] de tes frères les Prophètes, et de ceux qui gardent les paroles de ce Livre; adore Dieu.
10 Epi li te di mwen: “Pa sele pawòl pwofesi a liv sila a, paske tan an pwòch.
Il me dit aussi: ne cachette point les paroles de la prophétie de ce Livre, parce que le temps est proche.
11 Kite sila ki fè mal la, kontinye fè mal. Kite sila ki sal la, kontinye sal. Kite sila ki dwat la, kontinye pratike ladwati. E kite sila ki sen an, kontinye kenbe tèt li sen.
Que celui qui est injuste, soit injuste encore; et que celui qui est souillé se souille encore; et que celui qui est juste, soit plus juste encore; et que celui qui est saint, soit sanctifié encore.
12 “Gade byen, Mwen ap vini vit! Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te fè.
Or voici, je viens bientôt; et ma récompense est avec moi, pour rendre à chacun selon son œuvre.
13 Mwen se Alfa a ak Omega a, premye a ak dènye a, kòmansman an ak lafen an.”
Je suis l'Alpha et l'Oméga, le premier et le dernier, le commencement et la fin.
14 Beni se sila ki lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa pòtay yo, antre nan vil la.
Bienheureux sont ceux qui font ses commandements, afin qu'ils aient droit à l'Arbre de vie, et qu'ils entrent par les portes dans la Cité.
15 Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.
Mais les Chiens, les empoisonneurs, les fornicateurs, les meurtriers, les idolâtres, et quiconque aime et commet fausseté seront [laissés] dehors.
16 “Mwen, Jésus, te voye zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an.”
Moi Jésus, j'ai envoyé mon Ange pour vous confirmer ces choses dans les Eglises. Je suis la racine et la postérité de David; l'étoile brillante du matin.
17 Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi a san frè a vini.
Et l'Esprit et l'Epouse disent: viens.; que celui aussi qui l’entend, dise: viens; et que celui qui a soif, vienne; et quiconque veut de l'eau vive, en prenne, sans qu'elle lui coûte rien.
18 Mwen temwaye a tout sila ki tande pawòl a pwofesi liv sila a: si yon moun ajoute nan yo, Bondye va ajoute a li menm tout fleyo ki ekri nan liv sila a.
Or je proteste à quiconque entend les paroles de la prophétie de ce Livre, que si quelqu'un ajoute à ces choses, Dieu fera tomber sur lui les plaies écrites dans ce Livre.
19 Epi si yon moun retire nan pawòl a liv pwofesi sila a, Bondye va retire pati pa l nan pyebwa lavi ak vil sen an ki ekri nan liv sila a.
Et si quelqu'un retranche quelque chose des paroles du Livre de cette prophétie, Dieu lui enlèvera la part qu'il a dans le Livre de vie, dans la sainte Cité, et dans les choses qui sont écrites dans ce Livre.
20 Sila ki temwaye a bagay sa yo di: “Wi, Mwen ap vini vit.” Amen. Vini, Senyè Jésus.
Celui qui rend témoignage de ces choses, dit: Certainement je viens bientôt, Amen! Oui, Seigneur Jésus, viens!
21 Gras Senyè a Jésus avèk nou tout. Amen.
Que la grâce de notre Seigneur Jésus-Christ soit avec vous tous, Amen!