< Revelasyon 21 >

1 Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.
我又看见一个新天、新地,因为第一个天和第一个地都过去了,海也不再存在了。
2 Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.
我看见圣城,新耶路撒冷,从天上上帝那里降下来,做好准备,仿佛打扮整齐等候丈夫的新娘。
3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo.
我听见宝座那里传来巨大声音,说:“现在上帝的家与人类在一起,他将与他们一起生活,他们将成为他的子民。上帝要亲自与他们同在,作他们的上帝。
4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”
他要从他们的眼中抹去一切眼泪,不再发生死亡,不再有悲哀、哭号或痛苦,因为之前的世界已不复存在。”
5 Epi Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”
坐在宝座上的那一位说:“我让一切都变成新的!”他告诉我:“写下来,因为这些话都是可信的、真实的。”
6 Answit, Li te di mwen: “Mwen se Alfa a ak Omega a, kòmansman an ak lafen an. Mwen va bay a sila ki swaf yo nan sous dlo lavi a san frè.
他又对我说:“一切都完成了,我是阿拉法,我是欧米茄;我是初始,也是最终。我要把生命的泉水,免费送给那些口渴的人喝。
7 Sila ki venkè a va eritye bagay sa yo. Mwen va Bondye Li e li va fis Mwen.
那些获胜的,要继承这一切。我要作他的上帝,他要作我的孩子。
8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.” (Limnē Pyr g3041 g4442)
但那些胆怯的、不信我的、做出可恶事情的、杀人的、淫乱的、行邪术的、拜神像的和所有说谎的人,他们选择的地点就是那烧着硫磺的火湖。这就是第二次的死亡。” (Limnē Pyr g3041 g4442)
9 Answit, youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode ki te plen avèk sèt dènye fleyo yo te vini pale avè m. Li t ap di: “Vini isit la. Mwen va montre ou lamarye a, madanm Jèn Mouton an.”
拿个七碗的七位天使之一,走来对我说:“和我一起来!我像你展示这位新娘,羊羔的妻子。”
10 Konsa, li te pote mwen ale nan lespri a nan yon gwo mòn wo, e li te montre m vil sen an, Jérusalem, ki t ap desann sòti nan syèl la kote Bondye.
在灵中,他带我来到一座很高山峰的顶端,向我展示上帝降下来的圣城耶路撒冷,
11 Li te gen laglwa Bondye. Li te klere tankou yon pyè presye ki koute trè chè, tankou yon pyè jasp klè tankou kristal.
上帝的荣光让它闪耀,城市的光辉好像极贵的宝石,又像晶莹的碧玉。
12 Li te gen yon gwo miray wo avèk douz pòt. Nan pòt yo, te gen douz zanj, epi non yo te ekri sou yo, ki se non a douz tribi a fis Israël yo.
城墙高大厚实,有十二个门,门口有十二位天使,门上写着以色列十二部落的名字。
13 Te gen twa pòt nan lès, twa pòt nan nò, twa pòt nan sid, e twa pòt nan lwès.
东边有三个门,南边有三个门,西边有三个门,北边有三个门。
14 Epi miray vil la te gen douz wòch nan fondasyon an, e sou yo, se te douz non a douz apot Jèn Mouton an.
城墙有十二个根基,根基上有羊羔的十二使徒名字。
15 Sila ki te pale avè m nan te gen yon baton mezi ki te fèt an lò pou mezire vil la, pòtay li yo, ak miray li a.
对我说话的天使拿着一根黄金量尺,要丈量那城、城门和城墙。
16 Vil la te fèt kòn yon kare. Longè li te menm fòs ak lajè li. Li te mezire vil la avèk baton an: de-mil-de-san kilomèt. Longè li, lajè li ak wotè li te egal.
城为四方形状,长宽相同。天使用芦苇丈量那城,共 12,000 弗隆,长、宽、高都一样;
17 Epi li te mezire miray li a, swasann-douz mèt, selon mezi a yon moun, sa vle di, yon zanj.
他又丈量了城墙,厚 144 腕尺。天使用的就是人类的度量衡。
18 Materyèl miray la te jasp. Vil la se te lò pi, tankou vit klè.
城墙以碧玉制成,城用看起来像是玻璃的纯金打造。
19 Fondasyon pou miray vil la te dekore avèk tout kalite pyè presye. Wòch premye fondasyon an se te jasp, dezyèm nan, Safi, twazyèm nan, agat, katriyèm nan, emwod,
城墙的根基点缀着各样宝石:第一座根基是碧玉,第二座是蓝宝石,第三座是玛瑙,第四座是绿宝石,
20 senkyèm nan, oniks, sizyèm nan, sadwàn, setyèm nan, krizolit, uityèm nan, beril, nevyèm nan, topaz, dizyèm nan, krizopraz, onzyèm nan, tikwaz, douzyèm nan, ametis.
第五座是红玛瑙,第六座是红宝石,第七座是黄璧玺,第八座是水苍玉,第九座是红璧玺,第十座是翡翠,第十一座是紫玛瑙,第十二座是紫晶。
21 Epi douz pòtay yo se te douz pèl. Chak pòtay te yon sèl pèl. Epi ri vil la te an lò pi, tankou vit klè.
十二个门由珍珠制成,每一个门都用一个珍珠打造。城里的街道是纯金的,好像透明的玻璃。
22 Mwen pa t wè tanp ladann, paske Senyè Bondye Toupwisan an ak Jèn Mouton an se te tanp li.
我在那里没有看见圣殿,因为主全能的上帝和羊羔就是城的圣殿。
23 Vil la pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an.
这城不需要日月照明,因为有上帝的荣耀照明,而羊羔就是城市的灯。
24 Nasyon yo va mache pa limyè li. E wa latè yo va pote laglwa nasyon yo ladann.
所有国家要在它的光中行走,地上的国王要把他们的荣耀带到这城来。
25 Nan lajounen (paske p ap gen lannwit la), pòtay li yo p ap janm fèmen.
城门白天决不关闭。在那里并没有黑夜。
26 Konsa, yo va pote laglwa ak lonè a nasyon yo ladann pou yo ka antre.
所有国家的荣华尊贵都被带到这城。
27 P ap gen anyen ki pa pwòp. Moun ki pratike abominasyon ak manti p ap janm antre ladann, men sèlman sila ke non yoekri nan liv lavi a Jèn Mouton an.
不洁净的、拜神像的、说谎的,都不能进入——只有那些写在羔羊生命册上的才可以。

< Revelasyon 21 >