< Revelasyon 19 >

1 Apre bagay sa yo, mwen te tande yon bagay tankou gwo vwa a yon gran foul nan syèl la ki t ap di: “Alelouya! Delivrans, laglwa ak pwisans apatyen a Bondye nou an.
And after these things I heard a great voice of many people in heaven, saying, Alleluia: Salvation, and glory, and honor, and power, to the Lord our God:
2 Paske jijman Li yo vrè e jis. Paske Li te jije gran pwostitiye ki te konwonpi latè avèk imoralite li a, e sou li, Li te vanje san a sèvitè Li yo.”
For true and righteous [are] his judgments: for he hath judged the great harlot, who corrupted the earth with her lewdness, and hath avenged the blood of his servants at her hand.
3 “Yon dezyèm fwa, li te di: ‘Alelouya! Lafimen li an monte pou tout tan e pou tout tan.’” (aiōn g165)
And again they said, Alleluia. And her smoke rose up for ever and ever. (aiōn g165)
4 Konsa, venn-kat ansyen yo ak kat kreyati vivan yo a te tonbe pou adore Bondye ki chita sou twòn nan e t ap di: “Amen, Alelouya!”
And the four and twenty elders and the four living beings fell down and worshiped God who sat on the throne, saying, Amen; Alleluia.
5 Epi yon vwa te vini sòti nan twòn nan e t ap di: “Bay lwanj a Bondye nou an, nou tout, sèvitè Li yo, nou menm ki gen lakrent li, piti kou gran.”
And a voice came out of the throne, saying, Praise our God, all ye his servants, and ye that fear him, both small and great.
6 Answit, mwen te tande yon bagay tankou vwa a yon gran foul, tankou son a anpil dlo, tankou gwo bri a anpil kout tonnè, ki t ap di: “Alelouya! Paske Senyè a, Bondye nou an, Toupwisan an renye.
And I heard as it were the voice of a great multitude, and as the voice of many waters, and as the voice of mighty thunderings, saying, Alleluia: for the Lord God omnipotent reigneth.
7 Annou rejwi nou, fè kè nou kontan e bay glwa a Li menm. Paske maryaj a Jèn Mouton an gen tan vini, e lamarye Li a gen tan prepare.”
Let us be glad and rejoice, and give honor to him: for the marriage of the Lamb is come, and his wife hath made herself ready.
8 Yo te bay a lamarye a pou abiye li an lèn fen, briyan e pwòp, paske lèn fen an se zak ladwati a sen yo.
And to her was granted that she should be arrayed in fine linen, clean and white: for the fine linen is the righteousness of saints.
9 Answit, zanj lan te di mwen: “Ekri, ‘Beni se sila ki envite nan resepsyon maryaj a Jèn Mouton an.’” Epi li te di mwen: “Sa yo se vrè pawòl a Bondye.”
And he saith to me, Write, Blessed [are] they who are called to the marriage supper of the Lamb. And he saith to me, These are the true sayings of God.
10 Answit, mwen te tonbe nan pye li pou adore li. Men li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy ak ou, e frè ou ki kenbe temwayaj a Jésus a. Adore Bondye, paske temwayaj a Jésus a se lespri pwofesi a.”
And I fell at his feet to worship him. And he said to me, See [thou do it] not: I am thy fellow-servant, and of thy brethren that have the testimony of Jesus: worship God: for the testimony of Jesus is the spirit of prophecy.
11 Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.
And I saw heaven opened, and behold, a white horse; and he that sat upon him [was] called Faithful and True, and in righteousness he doth judge and make war.
12 Zye Li se flanm dife, e sou tèt li se anpil kouwòn. Li gen non yo ki ekri, ak yon non ekri sou Li ke pèsòn pa konnen, eksepte Li menm.
His eyes [were] as a flame of fire, and on his head [were] many crowns; and he had a name written, that no man knew, but he himself.
13 Li abiye avèk yon vètman ki tranpe nan san. Non Li rele a, se “Pawòl Bondye a”.
And he [was] clothed with a vesture dipped in blood: and his name is called, The Word of God.
14 Lame ki nan syèl yo, ki abiye an lèn fen blan, ki pi nèt, t ap swiv li sou cheval blan yo.
And the armies [which were] in heaven followed him upon white horses, clothed in fine linen, white and clean.
15 Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an.
And out of his mouth goeth a sharp sword, that with it he should smite the nations: and he shall rule them with a rod of iron: and he treadeth the wine-press of the fierceness and wrath of Almighty God.
16 Epi sou vètman Li ak kwis Li, Li gen yon non ki ekri: “WA DÈ WA E SENYÈ DÈ SENYÈ.”
And he hath on [his] vesture and on his thigh a name written, KING OF KINGS AND LORD OF LORDS.
17 Answit, mwen te wè yon zanj ki te kanpe nan solèy la. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa e t ap di a tout zwazo ki vole nan mitan syèl yo, “Vin rasanble pou gwo resepsyon Bondye a;
And I saw an angel standing in the sun; and he cried with a loud voice, saying to all the fowls that fly in the midst of heaven, Come, and assemble yourselves to the supper of the great God;
18 pou nou kapab manje chè a wa yo, chè a kòmandan yo, chè a moun pwisan yo, chè a cheval yo, chè a sila ki chita sou yo, e chè a tout lèzòm; kit moun lib, kit esklav, piti kou gran.”
That ye may eat the flesh of kings, and the flesh of captains, and the flesh of mighty men, and the flesh of horses, and of them that sit on them, and the flesh of all [men], [both] free and bond, both small and great.
19 Konsa, mwen te wè bèt la, wa latè ak lame yo rasanble pou fè lagè kont Sila ki te chita sou cheval la ak kont lame Li.
And I saw the beast, and the kings of the earth, and their armies, assembled to make war against him that sat on the horse, and against his army.
20 Epi bèt la te vin kaptire, e avèk li menm, fo pwofèt ki te fè sign nan prezans li yo. Avèk sila yo li te twonpe sa yo ki te resevwa mak a bèt la, ak sa yo ki te adore imaj li yo. Toude sa yo te jete tou vivan nan lak dife ki brile avèk souf la. (Limnē Pyr g3041 g4442)
And the beast was taken, and with him the false prophet that wrought miracles before him, with which he deceived them that had received the mark of the beast, and them that worshiped his image. These both were cast alive into a lake of fire burning with brimstone. (Limnē Pyr g3041 g4442)
21 Rès la te touye avèk nepe ki te sòti nan bouch a Sila ki te chita sou cheval la, e tout zwazo yo te vin ranpli avèk chè yo.
And the remnant were slain with the sword of him that sat upon the horse, which [sword] proceedeth out of his mouth: and all the fowls were filled with their flesh.

< Revelasyon 19 >