< Revelasyon 18 >

1 Apre bagay sa yo, mwen te wè yon lòt zanj k ap desann sòti nan syèl la, avèk gwo otorite, e tè a te byen klere avèk glwa li.
And after these things I saw another angel come down from heaven, having great power; and the earth was lightened with his glory.
2 Epi li te kriye avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Tonbe, tonbe, se Babylone Le Gran! Li gen tan vini yon kote pou dyab rete, ak yon prizon pou tout kalite lespri sal, e yon prizon pou tout kalite zwazo sal e abominab.
And he cried mightily with a strong voice, saying, Babylon the great is fallen, is fallen, and is become the habitation of demons, and the hold of every foul spirit, and a cage of every unclean and hateful bird.
3 Paske tout nasyon yo te bwè diven a pasyon imoralite li a, wa latè yo te komèt zak imoralite avè l, e machann latè yo te vin rich avèk richès sansyalite li yo.”
For all nations have drank of the wine of the wrath of her lewdness, and the kings of the earth have committed lewd deeds with her, and the merchants of the earth have become rich through the abundance of her delicacies.
4 Mwen te tande yon lòt vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sòti kite li, pèp mwen an, pou nou pa patisipe nan peche li yo e resevwa fleyo li yo.
And I heard another voice from heaven, saying, Come out of her, my people, that ye be not partakers of her sins, and that ye receive not of her plagues.
5 Paske peche li yo anpile vin menm wotè ak syèl la, e Bondye sonje tout inikite li yo.
For her sins have reached to heaven, and God hath remembered her iniquities.
6 Remèt li menm jan li te bay la, e ba li anretou de fwa selon zèv li yo. Nan gode ke li te fè melanj lan, fè melanj lan otan de fwa pou li.
Reward her even as she rewarded you, and double to her double according to her works: in the cup which she hath filled, fill to her double.
7 Nan degre ke li te bay tèt li glwa a e viv nan sansyalite a, nan menm degre a, toumante l, e ba li doulè. Paske li di nan kè li: “Mwen chita tankou yon rèn, mwen pa yon vèv, mwen p ap janm wè doulè.”
How much she hath glorified herself, and lived deliciously, so much torment and sorrow give her: for she saith in her heart, I sit a queen, and am no widow, and shall see no sorrow.
8 Pou rezon sa a, nan yon jou, fleyo li yo va vini; lapès, lapèn ak gwo grangou. E li va brile avèk dife, paske Senyè Bondye ki jije li a, pwisan.
Therefore shall her plagues come in one day, death, and mourning, and famine; and she shall be utterly burned with fire: for strong [is] the Lord God who judgeth her.
9 “Epi wa latè yo ki te komèt zak imoralite e ki te viv selon lachè avè l yo, va kriye e lamante sou li lè yo wè lafimen monte pandan l ap brile a.
And the kings of the earth, who have committed lewdness and lived deliciously with her, shall bewail her, and lament for her, when they shall see the smoke of her burning,
10 Y ap kanpe a yon distans akoz de pè a toumant li an, e y ap di:” ‘Malè, malè, gran vil, Babylone nan, vil ki fò a! Paske, nan yon èdtan, jijman ou gen tan rive.’
Standing afar off for the fear of her torment, saying, Alas, alas, that great city Babylon, that mighty city! for in one hour is thy judgment come.
11 “Konsa, machann latè yo kriye e lamante sou li paske pèsòn pa achte machandiz yo ankò.
And the merchants of the earth shall weep and mourn over her; for no man buyeth their merchandise any more:
12 Machandiz lò, ajan, pyè presye, pèl, ak lèn fen, koulè mov, twal swa, wouj, tout kalite bwa sitwon ak tout kalite ivwa, tout atik ki fèt ak bwa ki koute chè, bwonz, fè, ak wòch mab.
The merchandise of gold, and silver, and precious stones, and of pearls, and fine linen, and purple, and silk, and scarlet, and all thyine wood, and all vessels of ivory, and all vessels of most precious wood, and of brass, and iron, and marble,
13 Epi kanèl, epis, lansan, pafen, lwil doliv, farin fen, ble, bèf, mouton, ak kago bato cheval, cha, esklav, ak lavi moun.
And cinnamon, and odors, and ointments, and frankincense, and wine, and oil, and fine flour, and wheat, and beasts, and sheep, and horses, and chariots, and slaves, and souls of men.
14 “Fwi nou anvi yo disparèt, tout bagay ki te swa, chè oswa ekstrawòdinè yo te pase kite nou e moun p ap twouve yo ankò.
And the fruits that thy soul lusted after have departed from thee, and all things which were dainty and goodly have departed from thee, and thou shalt find them no more at all.
15 Machann a bagay sa yo, ki te vin rich akoz gran vil sa a va kanpe a yon distans akoz perèz toumant li an, yo va kriye e lamante.
The merchants of these things who were made rich by her, shall stand afar off, for the fear of her torment, weeping and wailing,
16 Yo va di: “Malè, malè, gran vil la, sila ki te abiye an lèn fen, mov e wouj la, ki te anbeli ak lò, pyè presye, ak pèl yo;
And saying, Alas, alas, that great city, that was clothed in fine linen, and purple, and scarlet, and decked with gold, and precious stones, and pearls!
17 Paske nan yon èdtan, gran richès sa a gen tan vin gaspiye!” Epi tout kaptenn bato ak tout pasaje, tout maren e tout sila ki fè lavi yo nan travay lanmè yo, te kanpe a yon distans.
For in one hour so great riches is come to naught. And every ship-master, and all the company in ships, and sailors, and as many as trade by sea, stood afar off,
18 “E yo t ap kriye anmwey lè yo te wè lafimen dife li a, e t ap di: “Ki vil ki tankou gran vil sila a?”
And cried when they saw the smoke of her burning, saying, What [city is] like this great city!
19 Konsa, yo te jete pousyè sou tèt yo e t ap rele fò, kriye, lamante e t ap di: “Malè, malè a gran vil sa a, ladann tout moun ki te gen bato sou lanmè yo te vin rich pa richès li, paske nan yon èdtan, li vin gaspiye nèt!”
And they cast dust on their heads, and cried, weeping and wailing, saying, Alas, alas, that great city, in which were made rich all that had ships in the sea by reason of her opulence! for in one hour is she made desolate.
20 “Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”
Rejoice over her [thou] heaven, and [ye] holy apostles and prophets; for God hath avenged you on her.
21 Answit, yon zanj pwisan te pran yon gwo wòch tankou yon wòch moulen. Li te voye l nan lanmè a e te di: “Konsa, gran vil la, Babylone, va jete avèk vyolans, e li p ap twouve ankò.
And a mighty angel took up a stone like a great millstone, and cast [it] into the sea, saying, Thus with violence shall that great city Babylon be thrown down, and shall be no more found.
22 Konsa, son sila k ap jwe ap yo, mizisyen yo, sila k ap jwe flit ak twonpèt yo p ap tande nan ou ankò. P ap ankò gen moun okenn metye k ap twouve nan ou ankò. Ni bri moulen an p ap tande nan ou.
And the voice of harpers, and musicians, and of pipers, and trumpeters, shall be no more heard in thee; and no artificer, of whatever craft [he be], shall be found any more in thee; and the sound of a millstone shall be no more heard in thee;
23 Menm limyè a yon lanp p ap briye nan ou, e vwa jennonm ak jenn fi k ap marye yo p ap tande nan ou ankò. “Paske machann ou yo te gwo moun sou latè, epi tout nasyon yo te twonpe pa wanga ou a.
And the light of a candle shall shine no more in thee; and the voice of the bridegroom and of the bride shall be heard no more in thee: for thy merchants were the great men of the earth; for by thy sorceries were all nations deceived.
24 Nan li menm te twouve san a pwofèt ak sen yo, ak tout sila ki te touye sou latè yo.”
And in her was found the blood of prophets, and of saints, and of all that were slain upon the earth.

< Revelasyon 18 >