< Revelasyon 15 >

1 Konsa, mwen te wè yon lòt sign nan syèl la, gran e mèvèye: sèt zanj ki te gen sèt fleyo, ki se dènye yo, paske nan yo, kòlè Bondye a fini.
AND I saw another sign in heaven, great and wondrous, seven angels having the seven last plagues; for in them is completed the wrath of Aloha.
2 Mwen te wè yon bagay tankou lanmè fèt ak vit mele avèk dife, e moun sila yo ki te gen viktwa sou bèt la, imaj li a ak chif a non li an, te kanpe sou lanmè fèt ak vit la. Yo t ap kenbe ap Bondye yo.
And I saw as a sea of brightness commingled with fire; and them who had won-the-victory from the beast of prey, and from his image, and from the number of his name, standing on the sea of brightness, having the harps of Aloha.
3 Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di: “Gran e mèvèye, se zèv Ou yo, O Senyè, Bondye Toupwisan an! Jis e vrè, se chemen Ou yo, Wa a nasyon yo.
And they sang the song of Musha the servant of Aloha, and the song of the Lamb, saying, Great and wondrous are thy works, Lord God Omnipotent; Just and true are thy ways, King of ages!
4 Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè, epi bay glwa a non Ou? Paske se Ou sèl ki sen. Paske tout nasyon yo va vini pou adore devan Ou. Paske zèv ladwati Ou yo, Ou gen tan revele.”
Who shall not fear thee, Lord, And glorify thy name? For thou only art and holy and just; Therefore all nations shall come And worship before thee; Because thy judgments are revealed.
5 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e tanp tabènak temwayaj ki nan syèl la te vin louvri.
After these I saw, and the temple of the tabernacle of testimony which is in heaven was opened.
6 Konsa, sèt zanj ki te gen sèt fleyo yo te vin sòti nan tanp lan, abiye an lèn san tach e briyan, e yo te antoure lestomak yo avèk senti an lò.
And the seven angels came forth, having the seven plagues, from the temple, clothed in linen pure, resplendent, and girded at their breasts with zones of gold.
7 Answit, youn nan kat kreyati vivan yo te bay a sèt zanj yo sèt gode an lò, plen ak kòlè Bondye, ki viv pou tout tan e pou tout tan. (aiōn g165)
And one of the four living-ones gave to the seven angels SEVEN VIALS of gold, which were full of the wrath of Aloha, who liveth for ever and ever. (aiōn g165)
8 Epi tanp lan te vin ranpli avèk lafimen laglwa Bondye ak pwisans li. Okenn moun pa t kapab antre nan tanp lan jiskaske sèt fleyo a sèt zanj yo te fini.
And the temple was filled with smoke from the glory of Aloha, and from his power. And no man was able to enter the temple, until should be completed the seven plagues of the seven angels.

< Revelasyon 15 >