< Revelasyon 14 >
1 Answit, mwen te gade! Vwala, Jèn Mouton an te kanpe sou Mòn Sion. Ansanm avèk li, te gen san-karant-kat-mil, ki pote non L ak non a Papa Li, ekri sou fon yo.
Ngasengibona, khangela-ke, iWundlu limi entabeni iSiyoni, njalo lilezinkulungwane ezilikhulu lamatshumi amane lane, belebizo likaYise libhalwe emabunzini abo.
2 Mwen te tande yon son soti nan syèl la, tankou son anpil dlo ak son a gwo kout tonnè. Vwa ke m tande a te tankou sila k ap jwe ap yo.
Ngasengisizwa ilizwi livela ezulwini, njengelizwi lamanzi amanengi, lanjengelizwi lomdumo omkhulu; ngasengisizwa ilizwi labatshaya amachacho betshaya amachacho abo,
3 Epi yo te chante yon chan tounèf devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ak ansyen yo. E pèsòn pa t kapab aprann chan an, eksepte san-karant-kat-mil ki te achte, soti sou tè a.
basebehlabela kungathi yingoma entsha phambi kwesihlalo sobukhosi, laphambi kwezidalwa ezine eziphilayo labadala; njalo kakho owayengayifunda ingoma, ngaphandle kwabayizinkulungwane ezilikhulu lamatshumi amane lane, abahlengiweyo emhlabeni.
4 Sa yo se sila ki pa t souye pa fanm yo, paske se vyèj yo ye. Sa yo se sila ki swiv Jèn Mouton an tout kote Li ale. Sa yo te achte pami lòm kòm premye fwi pou Bondye, e pou Jèn Mouton an.
Labo yibo abangangcoliswanga ngabesifazana; ngoba bazintombi. Yibo abalandela iWundlu loba lisiya ngaphi; laba bathengwa ebantwini, izithelo zokuqala kuNkulunkulu leWundlwini.
5 Epi manti pa t twouve nan bouch yo; yo te san repwòch.
Lemlonyeni wabo kakuficwanga nkohliso; ngoba bengelasici phambi kwesihlalo sobukhosi sikaNkulunkulu.
6 Epi mwen te wè yon lòt zanj ki t ap vole nan mitan syèl la, avèk yon levanjil etènèl pou preche a sila ki viv sou latè yo, a tout nasyon, tribi, langaj, ak pèp. (aiōnios )
Ngasengibona enye ingilosi iphapha phakathi laphakathi kwezulu, ilevangeli laphakade, ukulitshumayela kwabakhileyo emhlabeni, lakuso sonke isizwe, lomhlobo, lolimi labantu, (aiōnios )
7 Konsa, li te di avèk yon vwa fò: “Gen lakrent pou Bondye, e ba Li glwa, paske lè jijman Li an gen tan vini. Adore Sila ki te fè syèl la, tè a, lanmè a, ak sous dlo yo.”
isithi ngelizwi elikhulu: Mesabeni uNkulunkulu, beselimupha udumo, ngoba isikhathi sesigwebo sakhe sesifikile, njalo limkhonze owenza izulu lomhlaba lolwandle lemithombo yamanzi.
8 Yon lòt zanj, yon dezyèm, te swiv, e t ap di: “Tonbe, tonbe, gran Babylone nan, Sila ki te fè tout nasyon yo bwè diven pasyon imoralite li a.”
Yasilandela enye ingilosi isithi: Iwile, iwile iBhabhiloni, umuzi omkhulu, ngoba unathise izizwe zonke okwewayini lolaka lokufeba kwawo.
9 Answit, yon lòt zanj, yon twazyèm, te swiv yo e t ap di avèk yon vwa ki fò: “Si yon moun adore bèt la avèk limaj li a, e resevwa yon mak sou fon li oubyen sou men l,
Lengilosi yesithathu yazilandela, isithi ngelizwi elikhulu: Uba kukhona okhonza isilo lomfanekiso waso, njalo wemukela uphawu ebunzini lakhe, kumbe esandleni sakhe,
10 li osi va bwè nan diven kòlè Bondye a, ki melanje nèt nan tas kòlè Li a. Konsa, li va toumante avèk dife ak souf nan prezans a zanj sen yo, ak nan prezans a Jèn Mouton an.
laye uzanatha okwewayini lolaka lukaNkulunkulu, elithululelwe enkezweni yolaka lwakhe, lingaxutshaniswanga, njalo uzahlutshwa kakhulu ngomlilo langesibabule phambi kwengilosi ezingcwele, laphambi kweWundlu;
11 Lafimen toumant yo ap monte pou tout tan e pou tout tan. Yo p ap gen repo ni lajounen ni lannwit, sila yo ki adore bèt la avèk imaj li a, ak nenpòt moun ki resevwa mak non li an. (aiōn )
lentuthu yokuhlutshwa kwabo ithunqa kuze kube nini lanini; njalo kabalakuphumula emini lebusuku laba abakhonza isilo lomfanekiso waso, njalo uba ekhona owemukela uphawu lwebizo laso. (aiōn )
12 Men isit, pèseverans a sen ki kenbe kòmandman Bondye yo avèk lafwa yo nan Jésus.
Nanku ukubekezela kwabangcwele; nampa abagcina imilayo kaNkulunkulu lokholo lukaJesu.
13 “Mwen te tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki t ap di: “Ekri, ‘Beni se mò ki mouri nan Senyè a depi koulye a!’”: “Wi”, di Lespri a, “pou yo kapab repoze de travay yo, paske zèv pa yo ap swiv yo.”
Ngasengisizwa ilizwi elivela ezulwini lisithi kimi: Bhala uthi: Babusisiwe abafileyo befela eNkosini kusukela khathesi. Yebo, kutsho uMoya, ukuze baphumule ekutshikatshikeni kwabo; lemisebenzi yabo ilandela kanye labo.
14 Answit, mwen te gade, e vwala, yon nwaj blan, epi chita sou nwaj la, se yon moun tankou yon fis a Lòm, avèk yon kouwòn an lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li.
Ngasengibona, khangela-ke, iyezi elimhlophe, laphezu kweyezi kuhlezi onjengeNdodana yomuntu, elomqhele wegolide ekhanda lakhe, njalo elesikela ebukhali esandleni sakhe.
15 Konsa, yon lòt zanj te vini sòti nan tanp lan, e t ap kriye nan yon vwa fò a Sila ki te chita sou nwaj la: “Mete kouto digo a ladann pou rekòlte, paske lè rekòlt la rive. Mwason latè a mi.”
Lenye ingilosi yaphuma ethempelini, imemeza ngelizwi elikhulu kuye ohlezi eyezini isithi: Ngenisa isikela yakho uvune, ngoba sekufikile kuwe isikhathi sokuvuna, ngoba sesivuthiwe isivuno somhlaba.
16 Answit, Sila ki te chita sou nwaj la te voye kouto digo a sou sifas tè a, epi tè a te rekòlte.
Ohlezi phezu kweyezi waseyiphosa isikela yakhe emhlabeni, wasuvunwa umhlaba.
17 Yon lòt zanj te sòti nan tanp ki nan syèl la, e li menm tou te gen yon kouto digo byen file.
Enye ingilosi yasiphuma ethempelini elisezulwini, layo ilesikela ebukhali.
18 Konsa, yon lòt zanj ankò, sila ki gen pouvwa sou dife a, te sòti nan lotèl la. Li te rele avèk yon vwa fò a sila ki te gen kouto digo file a. Li te di: “Mete kouto digo file ou ladann. Ranmase grap sou pye rezen latè yo, paske fwi li yo mi.”
Lenye ingilosi yaphuma elathini, ilamandla phezu komlilo, yasimemeza ngesimemezo esikhulu kuyo elesikela ebukhali, isithi: Ngenisa isikela yakho ebukhali, ubusubuthelela iziswenya zevini lomhlaba, ngoba izithelo zalo sezivuthiwe.
19 Zanj lan te voye kouto digo li a sou tè a. Li te ranmase grap sou pye rezen tè yo, e te jete yo nan gwo pèz diven kòlè Bondye a.
Ingilosi yasiphosa isikela yayo emhlabeni, yasivuna ivini lomhlaba, yasiphosela esikhamelweni sewayini esikhulu solaka lukaNkulunkulu.
20 Konsa, basen pèz diven an te foule anba pye deyò vil la, e san te sòti nan pèz diven an, rive nan brid cheval la pou yon distans de twa-san kilomèt.
Lesikhamelo sewayini sanyathelwa ngaphandle komuzi, kwasekuphuma igazi esikhamelweni sewayini laze lafika ematomini amabhiza, laba ngamastadiyu azinkulungwane lamakhulu ayisithupha.