< Revelasyon 13 >

1 Dragon an te kanpe sou sab lanmè a. Mwen te wè yon bèt ki sòti nan lanmè a, avèk dis kòn, ak sèt tèt. Sou kòn li yo, te gen dis kouwòn, e sou tèt li te gen non blasfematè yo.
And I sawe a best rise out of the see havinge vii. heddes and x. hornes and apon hys hornes x. crownes and apon his heed the name of blasphemy.
2 Bèt ke m te wè a te tankou yon leyopa. Pat li yo te tankou pat a yon lous, e bouch li te tankou bouch a yon lyon. Konsa, dragon an te ba li pouvwa li a, twòn li an, ak gran otorite.
And the beast which I sawe was lyke a catt of the mountayne and his fete were as the fete of a bear and his mouth as the mouthe of a lyon. And the dragon gave him his power and his seate and grett auctorite:
3 Mwen te wè youn nan tèt li yo kòmsi li te fin touye, e blese fatal li a te fin geri. Tout latè te etone, e yo te swiv bèt la.
and I sawe one of his heedes as it were wouded to deth and his dedly woude was healed. And all the worlde wondred at the beast
4 Yo te adore dragon an paske li te bay otorite a bèt la, epi yo te adore bèt la. Yo t ap di: “Kilès ki tankou bèt la, e kilès ki kapab fè lagè avè l?”
and they worshipped ye drago which gave power vnto the beest and they worshipped the beest sayinge: who is lyke vnto the beast? who is able to warre with him?
5 Li te resevwa yon bouch pou pale pawòl ki awogan yo avèk blasfèm, e li te resevwa otorite pou aji pandan karant-de mwa.
And ther was a mouth geve vnto him that spake great thinges and blasphemies and power was geve vnto him to do xlii. Monethes
6 Li te ouvri bouch li ak blasfèm yo kont Bondye, pou blasfeme non Li ak tabènak Li a, ak sila ki rete nan syèl yo.
And he opened his mowth vnto blasphemy agaynst God to blaspheme hys name and his tabernacle and them that dwell in heven.
7 Pouvwa a te osi bay a li menm pou fè lagè avèk sen yo, e pou venk yo. Epi otorite sou chak tribi, pèp, lang, ak nasyon, te vin bay a li menm.
And it was geven vnto him to make warre with the saynctes and to overcome them. And power was geven him over all kynred tonge and nacion:
8 Tout moun ki viv sou tè a va adore l, tout moun ke non yo pa ekri depi nan fondasyon mond lan, nan liv lavi a Jèn Mouton ki te touye a.
and all that dwell apon the erth worshipt him: whose names are not written in the boke of lyfe of the lambe which was kylled from the begynnynge of the worlde.
9 Si yon moun gen yon zorèy, kite l tande.
Yf eny man have an eare lett him heare.
10 Si yon moun gen pou ale an kaptivite, an kaptivite li prale. Si yon moun dwe touye avèk nepe, avèk nepe, li va touye. Se konsa ak lafwa ak pèseverans a sen yo.
He that leadeth into captivite shall goo into captivite: he that kylleth with a swearde must be kylled with a swearde. Heare is the pacience and the fayth of the saynctes.
11 Answit, mwen te wè yon lòt bèt ki t ap vin sòti anba tè a. Li te gen de kòn tankou yon jenn mouton, e li te pale tankou yon dragon.
And I behelde another best commynge vp oute of the erth and he had two hornes like a lambe and he spake as dyd the dragon.
12 Li egzèse tout otorite a premye bèt la nan prezans li. Epi li fè tè a avèk sila ki rete ladann yo adore premye bèt, ki te gen blese fatal ki te geri a.
And he dyd all that the fyrste beest coulde do in his presence and he caused the erth and them which dwell therin to worshippe the fyrst beest whose dedly woude was healed.
13 Li fè gwo sign, jis pou fè dife sòti nan syèl la rive sou tè a devan prezans a moun yo.
And he dyd grett wonders so that he made fyre come doune from heven in the syght of men.
14 E li twonpe sila ki viv sou latè yo, akoz gwo sign ki te bay a li menm pou fè nan prezans a bèt la. Li pale ak sila ki viv sou latè yo pou yo fè yon imaj a bèt ki te gen blese nepe a, e ki te viv.
And deceaved them that dwelt on the erth by the meanes of those signes which he had power to doo in the sight of the beest sayinge to the that dwelt on the erth: that they shuld make an ymage vnto the beest which had the woude of a swearde and dyd lyve.
15 Konsa, pouvwa a te bay a li menm pou bay souf a imaj bèt la, pou imaj a bèt la ta kapab menm pale e fè tout sila ki refize adore bèt la touye.
And he had power to geve a sprete vnto the ymage of the beest and that the ymage of the beest shuld speake and shuld cause that as many as wolde not worshyppe the ymage of the beest shuld be kylled.
16 Konsa, li koze tout moun, piti kon gran, rich kon malere, moun lib kon esklav, vin resevwa yon mak sou men dwat oswa sou fon yo,
And he made all bothe smale and grett ryche and poore fre and bond to receave a marke in their right hondes or in their forheddes.
17 pou pèsòn pa kapab ni achte ni vann, eksepte sila ki pote mak la, ki se non a bèt la oswa chif non li an.
And that no ma myght by or sell save he that had the marke or the name of the beest other the nombre of his name.
18 Men sajès. Kite sila ki gen bon konprann nan, kalkile chif a bèt la, paske chif la se sa ki pou yon moun. E chif li a se sis-san-swasann-sis.
Here is wisdome. Let him that hath wytt count the nombre of the beest. For it is the nombre of a man and his nombre is sixe hondred threscore and sixe.

< Revelasyon 13 >