< Revelasyon 11 >

1 Answit, yo te ban mwen yon gòl pou mezire tankou yon baton, e youn te di: “Leve pou mezire tanp Bondye a, lotèl la ak sila ki adore ladann yo.
I dano mi trzcinę podobną lasce; a Anioł stanął, mówiąc: Wstań, a zmierz kościół Boży i ołtarz, i tych, którzy się modlą w nim.
2 Kite gran lakou ki deyò tanp lan. Pa mezire l, paske li te bay a nasyon yo. Konsa, yo va foule vil sen an anba pye yo pandan karant-de mwa.
Ale sień, która jest przed kościołem, wyrzuć precz, a nie mierz jej; albowiem dana jest poganom, a miasto święte deptać będą czterdzieści i dwa miesiące.
3 “Mwen va bay otorite a de temwen mwen yo, e yo va pwofetize pandan mil-de-san-swasant jou abiye avèk twal sak.”
I dam je dwom świadkom moim, którzy prorokować będą tysiąc dwieście i sześćdziesiąt dni, obleczeni będąc w wory.
4 Sa yo se de pye doliv ak de chandelye ki kanpe devan Senyè latè a.
Ci są dwie oliwy i dwa świeczniki, stojące przed obliczem Pana wszystkiej ziemi.
5 Si yon moun vle fè yo mal, dife va sòti nan bouch yo pou devore lènmi yo. Donk si yon moun vle fè yo mal, li dwe vin touye nan fason sa a.
A jeźliby im kto chciał szkodzić, ogień wynijdzie z ust ich i pożre nieprzyjacioły ich; a jeźliby im kto chciał szkodzić, ten też tak musi być zabity.
6 Sa yo gen pouvwa pou fèmen syèl la pou lapli pa tonbe pandan jou pwofesi yo a. Yo gen pouvwa sou dlo pou fè yo tounen san, e pou frape latè avèk tout kalite fleyo, nenpòt lè yo ta vle.
Ci moc mają zamykać niebo, aby deszcz nie padał za dni proroctwa ich; i mają moc nad wodami, aby je obrócili w krew, i uderzyć ziemię wszelką plagą, ilekroć by chcieli.
7 Lè yo fini temwayaj yo, bèt ki sòti nan labim nan va fè lagè avèk yo e venk yo pou touye yo. (Abyssos g12)
A gdy dokończą świadectwa swojego, bestyja, która występuje z przepaści, stoczy z nimi bitwę, a zwycięży ich i pobije ich. (Abyssos g12)
8 Konsa, kadav yo va rete nan lari gran vil ki nan lespri a yo rele Sodome e Égypte la, kote osi Senyè yo a te krisifye a.
A trupy ich leżeć będą na ulicy miasta wielkiego, które nazywają duchownie Sodomą i Egiptem, gdzie też Pan nasz ukrzyżowany jest.
9 Sila ki soti nan pèp yo, tribi yo, lang ak nasyon yo va gade kadav pa yo pandan twa jou edmi, e li p ap pèmèt pou kadav yo mete nan tonbo.
I widzieć będą wiele ich z ludzi, z pokolenia i z języków, i z narodów trupy ich przez półczwarta dnia; ale trupów ich nie dopuszczą włożyć w groby:
10 Epi sila ki rete sou latè yo va rejwi sou yo, e fete. Yo va voye kado bay youn lòt, paske de pwofèt sa yo te toumante sila ki rete sou latè yo.
Owszem mieszkający na ziemi radować się nad nimi będą i weselić; i poślą dary jedni drugim, iż ci dwaj prorocy dręczyli mieszkających na ziemi.
11 Men apre twa jou edmi yo, souf lavi soti nan Bondye te vini sou yo, yo te kanpe sou pye yo, e gwo laperèz te vin tonbe sou tout sila ki t ap gade yo.
A po półczwarta dnia duch żywota od Boga wstąpił w nich i stanęli na nogach swoich, a bojaźń wielka przypadła na tych, którzy ich widzieli.
12 Epi yo te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di yo: “Vin monte isit la.” Konsa yo te monte nan syèl la nan nwaj la, e menm lènmi yo te gade yo.
Potem usłyszeli głos wielki z nieba, mówiący im: Wstąpcie sam! I wstąpili na niebo w obłoku, i patrzyli na nich nieprzyjaciele ich.
13 Epi nan lè sa a, te gen yon gwo tranbleman detè, e yon dizyèm pati nan vil la te tonbe. Sèt-mil moun te mouri nan tranbleman detè a, e rès moun yo te vin ranpli avèk laperèz e te bay glwa a Bondye syèl la.
A w onęż godzinę stało się wielkie trzęsienie ziemi. I upadła dziesiąta część miasta, i pobito w onem trzęsieniu ziemi osób ludzi siedm tysięcy, a drudzy przestraszeni są, i dali chwałę Bogu niebieskiemu.
14 Dezyèm malè a gen tan pase. Gade byen, twazyèm malè a ap vini byen vit.
Biada wtóra przeszła, a oto biada trzecia przyjdzie rychło.
15 Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!” (aiōn g165)
I zatrąbił Anioł siódmy i stały się głosy wielkie na niebie mówiące: Królestwa świata stały się królestwami Pana naszego i Chrystusa jego, i królować będzie na wieki wieków. (aiōn g165)
16 Venn-kat ansyen yo, ki chita sou twòn pa yo devan Bondye, te tonbe sou figi yo pou adore Bondye.
Tedy oni dwadzieścia i cztery starcy, którzy przed oblicznością Bożą siedzą na stolicach swoich, upadli na oblicza swe i pokłonili się Bogu, mówiąc:
17 E yo t ap di: “Nou ba Ou remèsiman, O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te pran pwisans ou a, e ou te kòmanse renye.
Dziękujemy tobie, Panie Boże wszechmogący, któryś jest i któryś był, i który masz przyjść! żeś wziął moc swoję wielką i ująłeś królestwo;
18 “Nasyon yo te vin anraje e kòlè Ou te vin parèt. Lè a te vin rive pou mò yo vin jije e pou rekonpanse sèvitè Ou yo, pwofèt yo, sen yo, ak sila ki gen lakrent pou non Ou yo, piti kou gran, e pou detwi sila ki detwi latè yo.”
I rozgniewały się narody, i przyszedł gniew twój i czas umarłych, aby byli sądzeni i abyś oddał zapłatę sługom twoim, prorokom i świętym, i bojącym się imienia twego, małym i wielkim, i abyś wytracił tych, co psują ziemię.
19 Epi tanp Bondye ki nan syèl la te vin louvri e lach akò Li a te parèt nan tanp Li a. Konsa, te gen kout eklè, bri, gwo kout tonnè, yon tranbleman detè, ak gwo tanpèt lagrèl.
Tedy otworzony jest kościół Boży na niebie i widziana jest skrzynia przymierza jego w kościele jego; i stały się błyskawice i głosy, i grzmienia, i trzęsienia ziemi i grad wielki.

< Revelasyon 11 >