< Revelasyon 10 >

1 Mwen te wè yon lòt zanj byen fò ki t ap desann sòti nan syèl la, abiye avèk yon nwaj. Yon lakansyèl la te sou tèt li. Figi li te tankou solèy la, e pye li yo tankou kolòn dife.
Puis je vis un autre ange puissant qui descendait du ciel, enveloppé d’un nuage, et l’arc-en-ciel au-dessus de la tête; son visage était comme le soleil, et ses pieds comme des colonnes de feu.
2 Li te gen nan men l, yon ti liv ki te louvri. Li te plase pye dwat li sou lanmè a e pye goch li sou tè a.
Il tenait à la main un petit livre ouvert; et ayant posé le pied droit sur la mer et le pied gauche sur la terre,
3 Konsa, li te kriye avèk yon gwo vwa, tankou lè yon lyon gwonde. Epi lè l fin kriye fò, sèt kout tonnè yo te reponn ak vwa yo.
il cria d’une voix forte, comme rugit un lion; et quand il eut poussé ce cri, les sept tonnerres firent entendre leurs voix.
4 Lè sèt kout tonnè yo te fin sonnen, mwen te prè pou ekri. Men mwen te tande yon vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sele bagay ke sèt kout tonnè yo te pale a. Pa ekri yo.”
Après que les sept tonnerres eurent parlé, je me disposais à écrire, mais j’entendis du ciel une voix qui disait: « Scelle ce qu’ont dit les sept tonnerres, ne l’écris point. »
5 Answit, zanj ke m te wè kanpe sou lanmè ak sou tè a, te leve men dwat li vè syèl la,
Alors l’ange que j’avais vu debout sur la mer et sur la terre, leva sa main droite vers le ciel,
6 e li te sèmante pa Sila ki vivan pou tout tan e pou tout tan an. Sila ki te kreye syèl la ak bagay ladann yo, tè a ak bagay ladann yo, e lanmè a ak bagay ladann yo, ke p ap gen reta ankò, (aiōn g165)
et jura par Celui qui vit aux siècles des siècles, qui a créé le ciel et les choses qui y sont, la terre et les choses qui y sont, la mer et les choses qui y sont, qu’il n’y aurait plus de temps, (aiōn g165)
7 men nan jou vwa setyèm zanj lan, lè li prè pou sone, alò, mistè a Bondye fini, jan Li te anonse a sèvitè Li yo, menm pwofèt yo.
mais qu’aux jours où le septième ange ferait entendre sa voix en sonnant de la trompette, le mystère de Dieu serait consommé, comme il l’a annoncé à ses serviteurs, les prophètes.
8 Answit, vwa ke m te tande nan syèl la, mwen te tande li te pale avè m ankò, e t ap di: “Ale pran liv ki ouvri a nan men a zanj ki kanpe sou lanmè a ak sou tè a”.
Et la voix que j’avais entendue du ciel, me parla de nouveau et dit: « Va, prends le petit livre ouvert dans la main de l’ange qui se tient debout sur la mer et sur la terre. »
9 Donk, mwen te ale kote zanj lan, pou di l ban mwen ti liv la. Li te di mwen: “Pran l, e manje l. L ap fè vant ou anmè, men nan bouch ou, l ap dous tankou siwo myèl.”
Et j’allai vers l’ange, et je lui dis de me donner le petit livre. Il me dit: « Prends, et dévore-le; il sera amer à tes entrailles, mais dans ta bouche il sera doux comme du miel. »
10 Mwen te pran ti liv la nan men zanj lan, e mwen te manje l. Konsa, nan bouch mwen, li te dous tankou siwo myèl. Lè m te fin manje l, vant mwen te vin anmè.
Je pris alors le petit livre de la main de l’ange et je le dévorai; et il était dans ma bouche doux comme du miel; mais quand je l’eus dévoré, il me causa de l’amertume dans les entrailles.
11 Konsa, yo te di mwen: “Ou oblije pwofetize ankò konsènan anpil pèp, nasyon, lang, ak wa.”
Puis on me dit: « Il faut encore que tu prophétises sur beaucoup de peuples, de nations, de langues et de rois. »

< Revelasyon 10 >