< Sòm 1 >

1 Beni se nonm ki pa mache nan konsèy mechan yo ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
【善惡二路】凡不隨從惡人的計謀,不插足於罪人的道路,不參與譏諷者的席位,
2 men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a. Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.
專心愛好上主法律的,畫夜默思上主誡命的,這樣的人才是有福的!
3 Li va tankou yon pyebwa ki plante bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li. Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.
他像植在溪畔的樹木,準時結果,枝葉不枯,所作所為,隨心所欲。
4 Mechan yo pa konsa. Yo tankou pay ke van an pouse ale.
惡人卻不如此,絕不如此! 他們像被風吹散的糠秕。
5 Pou sa, mechan yo p ap kanpe nan chèz jijman an, ni pechè yo nan asanble ak moun dwat yo.
在審判的時日,惡人站立不住;在義人的會中,罪人不能立足:
6 Paske SENYÈ a konnen chemen a (sila) ki dwat yo, men chemen a mechan yo va disparèt.
因上主賞識義人的行徑,惡人的行徑必自趨沉淪

< Sòm 1 >