< Sòm 98 >

1 Yon Sòm O chante a SENYÈ a yon chan tounèf, paske Li te fè anpil bèl mèvèy. Men dwat Li ak bra sen Li yo te vin genyen viktwa pou Li.
一篇诗。 你们要向耶和华唱新歌! 因为他行过奇妙的事; 他的右手和圣臂施行救恩。
2 SENYÈ a te fè sali Li rekonèt. Li te devwale ladwati Li pou tout nasyon yo wè.
耶和华发明了他的救恩, 在列邦人眼前显出公义;
3 Li te sonje lanmou dous Li a avèk fidelite Li pou lakay Israël.
记念他向以色列家所发的慈爱,所凭的信实。 地的四极都看见我们 神的救恩。
4 Rele fò ak jwa a SENYÈ a, tout latè! Eklate ak chanson, wi chante lwanj Li yo!
全地都要向耶和华欢乐; 要发起大声,欢呼歌颂!
5 Chante lwanj a SENYÈ a avèk ap, avèk ap ak vwa melodi a.
要用琴歌颂耶和华, 用琴和诗歌的声音歌颂他!
6 Avèk twonpèt ak son a kòn. Rele fò devan Wa a, SENYÈ a.
用号和角声, 在大君王耶和华面前欢呼!
7 Kite lanmè a fè gwo bri ak tout sa ki ladann, Lemonn ak tout sa ki rete ladann yo.
愿海和其中所充满的澎湃; 世界和住在其间的也要发声。
8 Kite larivyè yo bat men yo. Kite mòn yo chante ansanm ak jwa
愿大水拍手; 愿诸山在耶和华面前一同欢呼;
9 devan SENYÈ a, paske l ap vini pou jije latè. Li va jije lemonn ak ladwati Li E pèp yo avèk jistis.
因为他来要审判遍地。 他要按公义审判世界, 按公正审判万民。

< Sòm 98 >