< Sòm 97 >

1 SENYÈ a renye, kite latè rejwi! Kite tout lil yo fè kè kontan!
יהוה מלך תגל הארץ ישמחו איים רבים
2 Nwaj ak fènwa pwofon ap antoure Li. Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Li an.
ענן וערפל סביביו צדק ומשפט מכון כסאו
3 Se dife ki ale devan L pou brile tout advèsè Li yo toupatou.
אש לפניו תלך ותלהט סביב צריו
4 Loray Li yo klere tout mond lan. Latè wè e li tranble.
האירו ברקיו תבל ראתה ותחל הארץ
5 Mòn yo fonn tankou lasi devan prezans SENYÈ a, devan prezans SENYÈ tout latè a.
הרים--כדונג נמסו מלפני יהוה מלפני אדון כל-הארץ
6 Syèl yo deklare ladwati Li e tout pèp yo te wè glwa Li.
הגידו השמים צדקו וראו כל-העמים כבודו
7 Kite tout (sila) ki sèvi limaj taye yo vin wont, ki vin ògeye sou zafè zidòl yo. Adore Li, tout dye yo.
יבשו כל-עבדי פסל-- המתהללים באלילים השתחוו-לו כל-אלהים
8 Sion te tande sa e te rejwi. Fi a Sion yo te rejwi akoz jijman Ou, O SENYÈ.
שמעה ותשמח ציון ותגלנה בנות יהודה-- למען משפטיך יהוה
9 Paske Ou menm se SENYÈ Pi Wo a sou tout latè. Ou leve pi wo anpil pase tout dye yo.
כי-אתה יהוה עליון על-כל-הארץ מאד נעלית על-כל-אלהים
10 Nou menm ki renmen SENYÈ a, rayi mal la! Li pwoteje nanm a fidèl Li yo. Li delivre yo nan men a mechan yo.
אהבי יהוה שנאו-רע שמר נפשות חסידיו מיד רשעים יצילם
11 Se limyè ki simen kon semans pou moun ladwati yo, ak kè kontan pou (sila) ak kè ki dwat yo.
אור זרע לצדיק ולישרי-לב שמחה
12 Fè kè kontan nan SENYÈ a, nou menm ki moun dwat yo e bay remèsiman a non sen Li an.
שמחו צדיקים ביהוה והודו לזכר קדשו

< Sòm 97 >