< Sòm 96 >
1 Chante a SENYÈ a yon chan tounèf! Chante a SENYÈ a tout latè a.
請眾齊向上主歌唱新歌,普世大地請向上主謳歌!
2 Chante a SENYÈ a! Beni non Li! Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.
請向上主歌唱,讚美祂的聖名,一日復一日地宣揚祂的救恩。
3 Pale glwa Li pami nasyon yo, zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.
請在列邦中傳述上主的光榮,請在萬民中宣揚祂的奇功。
4 Paske gran se SENYÈ a! Li merite gran lwanj. Fòk Li resevwa krentif nou pi wo ke tout dye yo.
因為上主偉大,應受讚美,惟祂超越眾神,可敬可畏。
5 Paske tout dye a pèp yo se zidòl, men SENYÈ a te fè syèl yo.
萬邦的眾神盡屬虛幻,但上主卻造成了蒼天;
6 Tout bèlte ak majeste devan L. Pwisans ak bèlte rete nan sanktiyè Li a.
威嚴與尊榮,常在祂的面前,權能與光耀,圍繞在祂的聖壇。
7 Bay a SENYÈ a, O fanmi a pèp yo, bay a SENYÈ a glwa ak pwisans.
各民各族,請將光榮歸於上主,各家各戶,請將威能歸於上主。
8 Bay a SENYÈ a glwa a non Li. Pote yon ofrann e antre nan lakou Li yo.
請將光榮歸於上主!請進入祂的庭院奉獻祭物。
9 Adore SENYÈ a nan abiman ki sen. Tranble devan L, tout latè a.
請穿聖潔的禮服,叩拜上主;普世大地,要在祂面前顫抖!
10 Pale pami nasyon yo, “SENYÈ a renye.” Anverite, mond lan etabli byen solid. Li p ap ebranle menm. SENYÈ a va jije pèp yo avèk jistis.
請在萬民中高呼:上主為王!穩定寰宇,使它不再動盪,祂以正義公道治理萬邦。
11 Kite syèl yo vin kontan e kite latè rejwi. Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann.
願諸天歡樂,願大地踴躍,願海洋及其中的一切怒號!
12 Kite chan yo leve fè kè kontan, ak tout sa ki ladann yo. Epi tout bwa nan forè yo va chante ak jwa
原野及其中的一切都要舞蹈,森林中的一切樹木各顯歡樂,
13 devan SENYÈ a, paske La p vini. Paske La p vini pou jije latè. Li va jije mond lan avèk ladwati e pèp yo ak fidelite Li.
在上主面前歡樂,因為祂己駕臨,因為祂己駕臨,要統治大地乾坤;祂要以正義審判普世人群,以祂的忠信治理天下萬民。