< Sòm 94 >

1 O SENYÈ, Bondye a vanjans lan, Bondye a vanjans lan, kite limyè vin parèt!
ψαλμὸς τῷ Δαυιδ τετράδι σαββάτων ὁ θεὸς ἐκδικήσεων κύριος ὁ θεὸς ἐκδικήσεων ἐπαρρησιάσατο
2 Vin leve, O Jij sou tè a. Bay rekonpans a moun ògeye yo.
ὑψώθητι ὁ κρίνων τὴν γῆν ἀπόδος ἀνταπόδοσιν τοῖς ὑπερηφάνοις
3 Pou konbyen de tan mechan yo, O SENYÈ, pou konbyen de tan mechan yo va leve tèt yo wo?
ἕως πότε ἁμαρτωλοί κύριε ἕως πότε ἁμαρτωλοὶ καυχήσονται
4 Yo vide pawòl yo, yo pale avèk ògèy. Tout moun ki fè mechanste yo vante tèt yo.
φθέγξονται καὶ λαλήσουσιν ἀδικίαν λαλήσουσιν πάντες οἱ ἐργαζόμενοι τὴν ἀνομίαν
5 Yo kraze pèp Ou a, O SENYÈ. Yo aflije eritaj Ou a.
τὸν λαόν σου κύριε ἐταπείνωσαν καὶ τὴν κληρονομίαν σου ἐκάκωσαν
6 Yo touye vèv yo avèk etranje a. Yo asasine òfelen yo.
χήραν καὶ προσήλυτον ἀπέκτειναν καὶ ὀρφανοὺς ἐφόνευσαν
7 Yo fin di: “SENYÈ a pa wè, ni Bondye Jacob la p ap okipe sa a.”
καὶ εἶπαν οὐκ ὄψεται κύριος οὐδὲ συνήσει ὁ θεὸς τοῦ Ιακωβ
8 Veye sa a, nou menm ki ensansib pami pèp la; Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt?
σύνετε δή ἄφρονες ἐν τῷ λαῷ καί μωροί ποτὲ φρονήσατε
9 (Sila) ki plante zòrèy la, èske Li pa tande? (Sila) ke te fòme zye a, èske Li pa wè.
ὁ φυτεύσας τὸ οὖς οὐχὶ ἀκούει ἢ ὁ πλάσας τὸν ὀφθαλμὸν οὐ κατανοεῖ
10 (Sila) ki fè chatiman nasyon yo, èske Li p ap fè repwòch? (Sila) ki enstwi lòm; Li konnen!
ὁ παιδεύων ἔθνη οὐχὶ ἐλέγξει ὁ διδάσκων ἄνθρωπον γνῶσιν
11 SENYÈ a konnen panse a lòm, ke se sèlman yon souf ke yo ye.
κύριος γινώσκει τοὺς διαλογισμοὺς τῶν ἀνθρώπων ὅτι εἰσὶν μάταιοι
12 Beni se nonm ke Ou bay chatiman an, O SENYÈ, ke Ou enstwi nan lalwa Ou a,
μακάριος ἄνθρωπος ὃν ἂν σὺ παιδεύσῃς κύριε καὶ ἐκ τοῦ νόμου σου διδάξῃς αὐτὸν
13 pou Ou kapab bay li sekou nan jou advèsite yo, jiskaske yon fòs fin fouye pou mechan yo.
τοῦ πραῦναι αὐτῷ ἀφ’ ἡμερῶν πονηρῶν ἕως οὗ ὀρυγῇ τῷ ἁμαρτωλῷ βόθρος
14 Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a, ni Li p ap lage pèp eritaj Li a.
ὅτι οὐκ ἀπώσεται κύριος τὸν λαὸν αὐτοῦ καὶ τὴν κληρονομίαν αὐτοῦ οὐκ ἐγκαταλείψει
15 Paske jijman an va devni dwat ankò e tout pèp ladwati yo va swiv li.
ἕως οὗ δικαιοσύνη ἐπιστρέψῃ εἰς κρίσιν καὶ ἐχόμενοι αὐτῆς πάντες οἱ εὐθεῖς τῇ καρδίᾳ διάψαλμα
16 Se kilès ki va kanpe pou mwen kont malfektè yo? Se kilès ki va pran pozisyon li pou mwen kont (sila) ki fè mechanste yo?
τίς ἀναστήσεταί μοι ἐπὶ πονηρευομένους ἢ τίς συμπαραστήσεταί μοι ἐπὶ ἐργαζομένους τὴν ἀνομίαν
17 Si SENYÈ a pa t sekou mwen, nanm mwen ta fin abite nan andwa silans lan.
εἰ μὴ ὅτι κύριος ἐβοήθησέν μοι παρὰ βραχὺ παρῴκησεν τῷ ᾅδῃ ἡ ψυχή μου
18 Si mwen ta di: “Pye m glise,” Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.
εἰ ἔλεγον σεσάλευται ὁ πούς μου τὸ ἔλεός σου κύριε βοηθεῖ μοι
19 Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m, konsolasyon Ou yo fè kè m kontan.
κύριε κατὰ τὸ πλῆθος τῶν ὀδυνῶν μου ἐν τῇ καρδίᾳ μου αἱ παρακλήσεις σου ἠγάπησαν τὴν ψυχήν μου
20 Èske yon twòn mechan kapab fè amitye avèk Ou? Yon moun ki imajine fè mal pa dekrè?
μὴ συμπροσέσται σοι θρόνος ἀνομίας ὁ πλάσσων κόπον ἐπὶ προστάγματι
21 Yo vin reyini ansanm kont lavi moun dwat yo, e kondane inosan yo a lanmò.
θηρεύσουσιν ἐπὶ ψυχὴν δικαίου καὶ αἷμα ἀθῷον καταδικάσονται
22 Men SENYÈ a se toujou sitadèl mwen e Bondye mwen an, wòch ki pwoteje mwen an.
καὶ ἐγένετό μοι κύριος εἰς καταφυγὴν καὶ ὁ θεός μου εἰς βοηθὸν ἐλπίδος μου
23 Li te fè mechanste pa yo retounen sou yo, e va koupe retire yo nèt nan mechanste pa yo. SENYÈ nou an va koupe retire yo.
καὶ ἀποδώσει αὐτοῖς τὴν ἀνομίαν αὐτῶν καὶ κατὰ τὴν πονηρίαν αὐτῶν ἀφανιεῖ αὐτοὺς κύριος ὁ θεὸς ἡμῶν

< Sòm 94 >