< Sòm 93 >

1 SENYÈ a renye! Li abiye an majeste! SENYÈ a te abiye Li ak fòs. Anverite, mond lan etabli byen solid. Li pa ebranle menm. 2 Twòn Ou etabli depi tan ansyen an. Ou la depi nan etènite. 3 Flèv yo te leve, O SENYÈ, Flèv yo te leve vwa yo, flèv yo te leve gwo vag frapan yo. 4 Plis pase bri a anpil dlo, pase gwo vag lanmè debòde, SENYÈ anwo a pwisan. 5 Regleman Ou yo kanpe nèt; Sentete byen bèl lakay Ou a O SENYÈ, jis pou tout tan.

< Sòm 93 >