< Sòm 92 >
1 Yon Sòm. Yon chan pou jou Saba a Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a, pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,
Sòm sa a se yon chante espesyal pou jou repo a. Sa bon nèt pou nou di Seyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la.
2 pou deklare lanmou dous Ou nan maten avèk fidelite Ou nan lannwit,
Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib, pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.
3 avèk lenstriman a kòd e avèk ap, avèk mizik ki retanti sou lir.
Avèk mizik yo jwe sou enstriman akòd yo, avèk mizik yo jwe sou gita, sa bon nèt pou nou fè lwanj ou.
4 Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m kontan avèk sa Ou te fè a. Mwen va chante chan viktwa a akoz zèv men Ou yo.
Paske, Seyè, ou fè kè m' kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m' wè tou sa w'ap fè.
5 A la zèv Ou yo gran, O SENYÈ! Panse Ou yo byen pwofon.
Ala bèl bagay ou fè yo bèl! Seyè, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou!
6 Yon nonm ensanse pa gen konesans, ni yon nonm bèt pa konprann sa:
Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann.
7 Ke lè mechan yo te pouse tankou zèb la, e tout sa ki fè inikite t ap byen reyisi yo, se te pou yo ta kapab detwi jis pou tout tan.
Mechan yo ap grandi tankou zèb, moun k'ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen, men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt.
8 Men Ou menm O SENYÈ, Ou an wo jis pou tout tan.
Men ou menm, Seyè, ou se Bondye nan syèl la. Ou la pou tout tan.
9 Paske gade byen, lènmi Ou yo, O SENYÈ, paske gade byen, lènmi Ou yo va peri. Tout moun ki fè inikite yo va gaye nèt.
Paske, Seyè, lènmi ou yo pral mouri. Wi, ou pral gaye tout moun k'ap fè mal yo.
10 Men Ou te fè kòn mwen an leve wo tankou bèf mawon. Mwen te onksyone avèk lwil nèf.
Ou fè m' gen menm fòs ak towo bèf mawon yo. Ou fè kè m' kontan.
11 Epi zye mwen vin gade avèk kè kontan malfektè ki leve kont mwen yo.
Mwen wè ak je m' jan lènmi m' yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m' yo ap rele.
12 Moun dwat la va fleri tankou palmis. Li va grandi tankou pye sèd nan Liban.
Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban.
13 Plante lakay SENYÈ a, yo va fleri tankou palmis. Yo va fleri nan lakou kay Bondye nou an.
Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Seyè a, y'ap pouse bèl branch nan tanp Bondye nou an.
14 Yo va bay fwi toujou lè yo vin vye. Yo va plen ak dlo bwa vèt. Y ap rete vèt nèt.
Yo te mèt granmoun, y'ap donnen, y'ap toujou vèt, y'ap toujou gen fòs.
15 Konsa, yo deklare ke SENYÈ a toujou dwat. Li se wòch mwen, e nanpwen anyen ki pa dwat nan Li.
Sa fè nou wè jan Seyè a pa gen patipri. Se li ki tout pwoteksyon mwen. Pa gen lenjistis nan kè li.