< Sòm 91 >
1 (Sila) ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.
Хвалебная песнь Давида. Живущий под кровом Всевышнего под сенью Всемогущего покоится,
2 Mwen va di a SENYÈ a: “Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an. Se nan Li mwen mete konfyans!”
говорит Господу: “прибежище мое и защита моя, Бог мой, на Которого я уповаю!”
3 Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a, ak ravaj gwo maladi yo.
Он избавит тебя от сети ловца, от гибельной язвы,
4 Li va kouvri ou ak plim Li yo. Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj. Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.
перьями Своими осенит тебя, и под крыльями Его будешь безопасен; щит и ограждение - истина Его.
5 Ou p ap pè laperèz lannwit, ni flèch k ap vole lajounen,
Не убоишься ужасов в ночи, стрелы, летящей днем,
6 ni gwo maladi ki swiv nan fènwa, ni destriksyon ki devaste a midi.
язвы, ходящей во мраке, заразы, опустошающей в полдень.
7 Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou, ak di mil sou men agoch ou, men sa p ap pwoche ou.
Падут подле тебя тысяча и десять тысяч одесную тебя; но к тебе не приблизится:
8 Ou va sèlman gade avèk zye ou pou wè rekonpans a mechan yo.
только смотреть будешь очами твоими и видеть возмездие нечестивым.
9 Paske ou te fè SENYÈ a, vin sekou ou, menm Pi Wo a, kote pou ou rete.
Ибо ты сказал: “Господь - упование мое”; Всевышнего избрал ты прибежищем твоим;
10 Nanpwen mal k ap rive ou, Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.
не приключится тебе зло, и язва не приблизится к жилищу твоему;
11 Paske Li va bay zanj Li yo lòd konsènan ou menm, pou veye ou nan tout chemen ou yo.
ибо Ангелам Своим заповедает о тебе - охранять тебя на всех путях твоих:
12 Yo va leve ou byen wo nan men yo, pou ou pa frape pye ou kont wòch.
на руках понесут тебя, да не преткнешься о камень ногою твоею;
13 Ou va pile sou lyon an ak koulèv la. Jenn lyon an avèk sèpan an, ou va foule yo nèt.
на аспида и василиска наступишь; попирать будешь льва и дракона.
14 Paske li te renmen M konsa, pou sa, Mwen va delivre li. Mwen va mete li byen solid an wo, akoz li te rekonèt non Mwen.
“За то, что он возлюбил Меня, избавлю его; защищу его, потому что он познал имя Мое.
15 Li va fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li. Mwen va avèk Li nan tan twoub la. Mwen va delivre li e bay li lonè.
Воззовет ко Мне, и услышу его; с ним Я в скорби; избавлю его и прославлю его,
16 Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long, e kite li wè sali mwen.
долготою дней насыщу его, и явлю ему спасение Мое”.