< Sòm 90 >

1 Yon priyè Moïse; Moun Bondye a. Senyè, se te kote Ou, lakay nou te ye pandan tout jenerasyon yo.
Lapriyè Moyiz, sèvitè Bondye a. Seyè, ou te toujou yon pwoteksyon pou nou depi sou tan zansèt nou yo jouk koulye a.
2 Avan mòn yo te vin parèt, oswa Ou te bay nesans a mond lan avèk tè a, menm pou tout tan e pou tout tan, Ou se Bondye.
Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l', depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye.
3 Ou fè lòm retounen nan pousyè a, epi di: “Retounen, O pitit a lòm yo.”
Ou di moun se pou yo tounen sa yo te ye. Ou fè yo tounen pousyè ankò.
4 Paske mil ane devan zye Ou se tankou ayè lè l fenk pase, oswa tankou yon veye lannwit lan.
Milan (1.000 an) pa anyen pou ou, se tankou yon jou. Se tankou jounen ayè ki fin pase a, se tankou yon ti kadè nan mitan lannwit.
5 Ou bale yo ale pandan y ap dòmi.
Ou fè yo pase tankou yon rèv, tankou pye zèb ki leve yon jou maten.
6 Nan maten, yo vin tankou yon chan zèb nèf ki fènk leve. Vè aswè, chan an febli e fennen nèt ale.
Li grandi, li fleri, nan aswè li fennen, li cheche.
7 Paske nou fin manje nèt akoz kòlè Ou. E akoz kòlè Ou, nou boulvèse nèt.
Lè ou ankòlè, se fini ou fini ak nou. Lè ou move, ou fè kè nou kase.
8 Ou te mete inikite nou yo devan Ou. Peche ki kache yo vin parèt nan limyè prezans Ou.
Ou mete devan je ou tou sa nou fè ki mal, ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou.
9 Paske tout jou nou yo pase nan gran kòlè Ou. Ane nou yo ap fini kon souf.
Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè. Anvan nou bat je nou, lavi nou fini.
10 Pou jou lavi nou yo, yo gen swasann-dizan, oswa akoz gwo fòs, katre-ventan. Men ògèy a jou sa yo se sèlman kòve ak tristès. Paske byen vit li prale, e nou vole ale.
Dènye bout nou se swasanndizan. Si nou gen bon sante, n'a wè katreventan. Men, avantaj nou jwenn nan tou sa se sèlman tray ak mizè. Talè konsa nou fin viv, n' al fè wout nou.
11 Se kilès ki konprann fòs a kòlè Ou a? Avèk gwo kòlè Ou, selon krent ke Ou merite a?
Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè? Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move?
12 Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo, pou nou kab ofri Ou yon kè ki plen sajès.
Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay.
13 Lache, O SENYÈ! Konbyen tan sa va ye? Pran sa akè pou kòz sèvitè ou yo!
Seyè, kilè w'a tounen? Gen pitye pou sèvitè ou yo.
14 O fè nou satisfè nan maten avèk lanmou dous Ou a, pou nou kab chante ak jwa e fè kè kontan pandan tout jou nou yo.
Chak maten, voye benediksyon ou sou nou! Konsa, n'a chante, n'a toujou gen kè kontan.
15 Fè nou rejwi pou menm kantite jou ke Ou te aflije nou yo, tout ane ke nou te wè mal yo.
Koulye a fè kè nou kontan pou menm kantite jou ou te ban nou lapenn, pou menm kantite lanne nou pase nan mizè.
16 Kite zèv Ou yo vin parèt a sèvitè Ou yo, akmajeste Ou a pitit yo.
Fè moun k'ap sèvi ou yo wè sa ou ka fè. Fè pitit pitit yo wè jan ou gen pouvwa.
17 Kite favè SENYÈ a, Bondye nou an, vini sou nou, epi konfime pou nou menm, zèv men nou yo. Wi, konfime zèv men nou yo.
Seyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè.

< Sòm 90 >