< Sòm 9 >

1 Pou direktè koral la; Yon sòm David Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout kè m; Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.
Pou chèf sanba yo. Sou menm lè ak chante ki di: Lanmò pitit gason an. Se yon sòm David. M'a fè lwanj ou ak tout kè m', Seyè. M'a rakonte tout bèl mèvèy ou yo.
2 Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou; Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.
Se ou menm k'ap fè m' chante, se ou menm k'ap fè kè m' kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m'a chante lwanj ou.
3 Lè lènmi m yo vire fè bak, yo tonbe e peri devan Ou.
Parèt ou parèt, lènmi m' yo fè bak. Yo pran tranble, yo tonbe, yo mouri.
4 Paske Ou te bay soutyen a dwa m, avèk koz mwen ki jis; Ou chita sou twòn Ou e fè jijman avèk ladwati.
Tankou yon jij ki san patipri, ou chita sou fotèy ou. ou fè m' jistis, ou defann kòz mwen.
5 Ou te fè chatiman nasyon yo; Ou te detwi mechan yo; Ou te efase non yo jis pou tout tan e pou tout tan.
Ou regle moun lòt nasyon yo, ou detwi mechan yo. Ou efase non yo nèt pou tout tan.
6 Lènmi an te rive a nan fen, e li te kraze nèt. Ou te dechouke vil yo, jiskaske memwa a yo vin disparèt.
Pa gen lènmi ankò, yo fini nèt. Ata lavil yo ou vide atè. Pa gen anyen pou fè moun chonje yo ankò.
7 Men SENYÈ a la jis pou tout tan; Li te etabli twòn Li pou jijman.
Men Seyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fotèy li la pou l' fè jistis.
8 Li va jije mond lan avèk ladwati; Li va rann jijman pou pèp yo avèk jistis.
Li gouvènen tout bagay avèk jistis. Li jije tout moun san patipri.
9 SENYÈ a va osi yon sitadèl pou (sila) ki oprime yo; yon sitadèl nan tan twoub la.
Moun y'ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.
10 (Sila) ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou, paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone (sila) ki mete konfyans nan Ou yo.
Moun ki konnen ou, Seyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.
11 Chante lwanj a SENYÈ a, ki rete nan Sion; deklare pami pèp yo zèv Li yo.
Ann fè lwanj Seyè a k'ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè.
12 Paske (Sila) ki egzije san an sonje yo; Li pa janm bliye kri a (sila) ki oprime yo.
Bondye chonje moun k'ap soufri yo, li pa bliye rèl malere yo, li pini moun ki fè yo mal.
13 Fè m gras, O SENYÈ; gade byen soufrans mwen akoz (sila) ki rayi mwen yo, e fè m leve soti nan pòtay lanmò yo,
Gen pitye pou mwen, Seyè! Gade nan ki mizè moun ki rayi m' yo mete m'. vin sove m'! Pa kite m' mouri, Seyè,
14 pou m kab pale tout lwanj a Ou menm. Konsa, nan pòtay a fi Sion yo, mwen kapab rejwi nan delivrans Ou.
pou m' ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m' di yo poukisa m'ap fè lwanj ou. M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m'.
15 Nasyon yo fin fonse kole nan twou fòs yo te fè a; nan pèlen yo te fè, pwòp pye yo vin kole ladann.
Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li.
16 Senyè a te leve tèt Li pou yo wè; Li te rann jijman an. Nan zèv a pwòp men Li, mechan an kole nan pwòp pèlen li. Tan
Seyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo.
17 Mechan yo va retounen nan sejou lanmò a; menm tout nasyon ki bliye Bondye yo. (Sheol h7585)
Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou. (Sheol h7585)
18 Paske malere yo p ap bliye jis pou tout tan, ni espwa a aflije yo p ap peri pou tout tan.
Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon.
19 Leve, O SENYÈ, pa kite lòm vin genyen; kite nasyon yo jije devan Ou.
Leve non, Seyè! Pa kite lèzòm genyen batay la! Mennen moun lòt nasyon yo vin jije devan ou.
20 Bay yo lakrent, O SENYÈ; fè nasyon yo konnen ke se sèlman lòm yo ye. Tan
Fè kè yo kase, Seyè! Fè yo konnen se moun ase yo ye.

< Sòm 9 >