< Sòm 89 >

1 Yon Refleksyon pa Éthan, Ezrachit la Mwen va chante lanmou dous SENYÈ a jis pou tout tan. Ak bouch mwen, mwen va fè tout jenerasyon yo konnen fidelite Ou.
以斯拉人以探的訓誨詩。 我要歌唱耶和華的慈愛,直到永遠; 我要用口將你的信實傳與萬代。
2 Paske mwen te di: “Lanmou dous Ou a va kanpe janm jis pou tout tan. Ou te etabli syèl yo. Fidelite Ou rete nan yo.
因我曾說:你的慈悲必建立到永遠; 你的信實必堅立在天上。
3 “Mwen, Bondye, te fè yon akò avèk moun apwente mwen a. Mwen te sèmante pa David, sèvitè mwen an,
我與我所揀選的人立了約, 向我的僕人大衛起了誓:
4 ‘Mwen va etabli jèm ou nèt e bati twòn Ou pandan tout jenerasyon yo.’” Tan
我要建立你的後裔,直到永遠; 要建立你的寶座,直到萬代。 (細拉)
5 Syèl yo va louwe mèvèy Ou yo, O SENYÈ, ansanm ak fidelite Ou nan asanble sen yo.
耶和華啊,諸天要稱讚你的奇事; 在聖者的會中,要稱讚你的信實。
6 Paske kilès nan syèl la ki konpare ak SENYÈ a? Kilès pami fis a pwisan yo ki tankou SENYÈ a,
在天空誰能比耶和華呢? 神的眾子中,誰能像耶和華呢?
7 Yon Bondye ki resevwa lakrent anpil nan asanble a sen yo, e mèvèye plis pase tout (sila) ki antoure Li yo?
他在聖者的會中,是大有威嚴的上帝, 比一切在他四圍的更可畏懼。
8 O SENYÈ Bondye dèzame yo, se kilès ki tankou Ou, O SENYÈ pwisan an? Anplis, fidelite Ou antoure Ou.
耶和華-萬軍之上帝啊, 哪一個大能者像你耶和華? 你的信實是在你的四圍。
9 Ou domine ògèy lanmè a. Lè vag li yo vin leve, Ou kalme yo.
你管轄海的狂傲; 波浪翻騰,你就使它平靜了。
10 Ou menm, Ou te kraze Rahab (Égypte) tankou yon moun ki fin touye. Ou te gaye lènmi Ou yo avèk men pwisan Ou.
你打碎了拉哈伯,似乎是已殺的人; 你用有能的膀臂打散了你的仇敵。
11 Syèl yo se pou Ou. Tè a se pa Ou tou. Lemond ak tout sa ki ladann, se Ou menm ki te etabli yo.
天屬你,地也屬你; 世界和其中所充滿的都為你所建立。
12 Nò ak sid, se Ou menm ki te kreye yo. Thabor avèk Hermon kriye avèk jwa a non Ou.
南北為你所創造; 他泊和黑門都因你的名歡呼。
13 Ou gen yon men byen fò. Men dwat Ou leve byen wo.
你有大能的膀臂; 你的手有力,你的右手也高舉。
14 Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Ou an. Lanmou dous avèk verite mache devan Ou.
公義和公平是你寶座的根基; 慈愛和誠實行在你前面。
15 A la beni, pèp ki konnen son lajwa a beni! O SENYÈ, yo mache nan limyè a vizaj Ou a.
知道向你歡呼的,那民是有福的! 耶和華啊,他們在你臉上的光裏行走。
16 Nan non Ou, yo rejwi tout lajounen, e pa ladwati Ou, yo vin egzalte.
他們因你的名終日歡樂, 因你的公義得以高舉。
17 Paske Ou se glwa a fòs yo, e pa favè Ou, kòn nou vin egzalte.
你是他們力量的榮耀; 因為你喜悅我們,我們的角必被高舉。
18 Paske boukliye nou apatyen a SENYÈ a, e wa nou an se (Sila) Ki Sen An Israël la.
我們的盾牌屬耶和華; 我們的王屬以色列的聖者。
19 Yon fwa, Ou te pale nan yon vizyon a fidèl Ou yo. Ou te di: “Mwen te bay soutyen a yon moun ki pwisan. Mwen te fè leve yon jenn nom ki te chwazi pami pèp la.
當時,你在異象中曉諭你的聖民,說: 我已把救助之力加在那有能者的身上; 我高舉那從民中所揀選的。
20 Mwen te twouve David, sèvitè Mwen an. Avèk lwil sen Mwen an, mwen te onksyone l.
我尋得我的僕人大衛, 用我的聖膏膏他。
21 Avèk li menm, men M va vin etabli. Anplis, bra M va ranfòse li.
我的手必使他堅立; 我的膀臂也必堅固他。
22 Lènmi an p ap twonpe li. Ni fis a mechanste a p ap aflije li.
仇敵必不勒索他; 凶惡之子也不苦害他。
23 Men Mwen va kraze advèsè li yo devan l, e frape (sila) ki rayi li yo.
我要在他面前打碎他的敵人, 擊殺那恨他的人。
24 Fidelite Mwen avèk lanmou dous Mwen va avèk li. Nan non Mwen, kòn li va vin egzalte.
只是我的信實和我的慈愛要與他同在; 因我的名,他的角必被高舉。
25 Mwen va osi mete men li sou lanmè a, ak men dwat li sou rivyè yo.
我要使他的左手伸到海上, 右手伸到河上。
26 Li va kriye a Mwen: ‘Ou se papa m, Bondy m Wòch a sali mwen an.
他要稱呼我說:你是我的父, 是我的上帝,是拯救我的磐石。
27 Anplis, Mwen va fè li premye ne Mwen, pi wo pami tout wa latè yo.’
我也要立他為長子, 為世上最高的君王。
28 Lanmou dous Mwen va kenbe pou li jis pou tout tan, e akò Mwen va konfime a li menm.
我要為他存留我的慈愛,直到永遠; 我與他立的約必要堅定。
29 Konsa, Mwen va etabli desandan li yo jis pou tout tan, e twòn li tankou jou syèl yo.
我也要使他的後裔存到永遠, 使他的寶座如天之久。
30 Si fis li yo abandone lalwa Mwen an, e pa mache nan jijman Mwen yo,
倘若他的子孫離棄我的律法, 不照我的典章行,
31 si yo vyole règleman Mwen yo, e pa kenbe kòmandman Mwen yo,
背棄我的律例, 不遵守我的誡命,
32 alò Mwen va pini transgresyon yo avèk yon baton, e inikite yo avèk kout fwèt.
我就要用杖責罰他們的過犯, 用鞭責罰他們的罪孽。
33 Men Mwen p ap retire lanmou dous sou li, ni aji avèk movèz fwa selon fidelite mwen.
只是我必不將我的慈愛全然收回, 也必不叫我的信實廢棄。
34 Mwen p ap vyole akò mwen an, ni fè okenn chanjman nan pawòl ki te sòti nan lèv Mwen yo.
我必不背棄我的約, 也不改變我口中所出的。
35 Depi Mwen fin sèmante selon sentete Mwen, Mwen p ap manti a David.
我一次指着自己的聖潔起誓: 我決不向大衛說謊!
36 Desandan li yo va dire jis pou tout tan, e twòn li va tankou solèy la devan M.
他的後裔要存到永遠; 他的寶座在我面前如日之恆一般,
37 Li va etabli jis pou tout tan tankou lalin nan, temwen nan syèl la ki toujou fidèl.”
又如月亮永遠堅立, 如天上確實的見證。 (細拉)
38 Men koulye a Ou vin refize ak rejete, Ou te plen ak kòlè kont onksyone Ou a.
但你惱怒你的受膏者, 就丟掉棄絕他。
39 Ou te desann e rejte akò a sèvitè ou a. Ou te pwofane kouwòn li an nan pousyè.
你厭惡了與僕人所立的約, 將他的冠冕踐踏於地。
40 Ou te kraze tout miray li yo. Ou te fè sitadèl li yo kraze nèt.
你拆毀了他一切的籬笆, 使他的保障變為荒場。
41 Tout moun ki pase akote piyaje li. Li devni yon objè abominab pami vwazen li yo.
凡過路的人都搶奪他; 他成為鄰邦的羞辱。
42 Ou te egzalte men dwat a advèsè li yo. Ou te fè lènmi li yo rejwi.
你高舉了他敵人的右手; 你叫他一切的仇敵歡喜。
43 Anplis, ou te plwaye lam nepe li a, e fè l pa kanpe pou batay la.
你叫他的刀劍捲刃, 叫他在爭戰之中站立不住。
44 Ou te fè mayifisans li vin kraze fini e te jete twòn li jis atè.
你使他的光輝止息, 將他的寶座推倒於地。
45 Ou te fè jou a jenès li yo vin kout. Ou te kouvri li ak gwo wont.
你減少他青年的日子, 又使他蒙羞。 (細拉)
46 Jiskilè, O SENYÈ? Èske Ou va kache figi Ou jis pou tout tan? Èske kòlè Ou va brile tankou dife pou tout tan?
耶和華啊,這要到幾時呢? 你要將自己隱藏到永遠嗎? 你的忿怒如火焚燒要到幾時呢?
47 Sonje longè lavi mwen genyen tèlman kout ke li tankou yon foli! Se Ou ki te kreye tout fis a lòm yo!
求你想念我的時候是何等的短少; 你創造世人,要使他們歸何等的虛空呢?
48 Ki moun ki kab viv e pa wè lanmò? Èske li kab delivre nanm li de pouvwa sejou lanmò a? Tan (Sheol h7585)
誰能常活免死、 救他的靈魂脫離陰間的權柄呢? (細拉) (Sheol h7585)
49 Kote lanmou dous Ou te kon genyen, O SENYÈ? Sa Ou te sèmante a David nan fidelite Ou a?
主啊,你從前憑你的信實 向大衛立誓要施行的慈愛在哪裏呢?
50 Sonje, O Senyè, repwòch a sèvitè Ou yo, jan mwen pote nan lestonmak mwen, repwòch a tout nasyon pwisant yo,
主啊,求你記念僕人們所受的羞辱, 記念我怎樣將一切強盛民的羞辱存在我懷裏。
51 Avèk (sila) lènmi Ou yo te fè repwòch yo, O SENYÈ. Se konsa yo te repwoche mak pla pye onksyone Ou a.
耶和華啊,你的仇敵用這羞辱羞辱了你的僕人, 羞辱了你受膏者的腳蹤。
52 Beni se SENYÈ a pou tout tan! Amen, e Amen.
耶和華是應當稱頌的,直到永遠。 阿們!阿們!

< Sòm 89 >