< Sòm 88 >

1 Yon Chan. Yon Sòm a fis Koré yo Pou direktè Koral la; selon melodi “Soufrans Afliksyon An”. Yon refleksyon pa Héman, Ezrachit la O SENYÈ, Bondye sali mwen an, Mwen te kriye fò lajounen kon lannwit devan Ou.
A SONG. A PSALM OF THE SONS OF KORAH. TO THE OVERSEER. [SET] ON “SICKNESS TO AFFLICT.” AN INSTRUCTION OF HEMAN THE EZRAHITE. O YHWH, God of my salvation, Daily I have cried, nightly before You,
2 Kite priyè mwen vini devan Ou. Panche zòrèy Ou vè kri mwen an!
My prayer comes in before You, Incline Your ear to my loud cry,
3 Paske nanm mwen gen kont twoub li. Lavi m vin toupre sejou lanmò a. (Sheol h7585)
For my soul has been full of evils, And my life has come to Sheol. (Sheol h7585)
4 Mwen vin konte pami (sila) ki desann nan fòs yo. Mwen parèt tankou yon nonm san fòs,
I have been reckoned with those going down [to] the pit, I have been as a man without strength.
5 abandone pami mò yo, tankou (sila) ki te touye e kouche nan tonm lan. (Sila) a nou pa sonje ankò menm, ki koupe retire nan men Ou.
Among the dead—free, As pierced ones lying in the grave, Whom You have not remembered anymore, Indeed, they have been cut off by Your hand.
6 Ou te mete m nan fòs pi ba a, nan plas fènwa yo, nan fon yo.
You have put me in the lowest pit, In dark places, in depths.
7 Kòlè Ou vin poze sou mwen. Ou te aflije m ak tout vag lanmè Ou yo. Tan
Your fury has lain on me, And You have afflicted [with] all Your breakers. (Selah)
8 Ou te retire tout moun mwen konnen byen lwen m. Ou te fè m yon objè abominab devan yo. Mwen fèmen anndan nèt e mwen pa kab sòti.
You have put my acquaintance far from me, You have made me an abomination to them, Shut up—I do not go forth.
9 Zye m gen tan pouri akoz afliksyon. Mwen te rele Ou chak jou, O SENYÈ. Mwen te lonje men m yo vè Ou menm.
My eye has grieved because of affliction, I called You, O YHWH, all the day, I have spread out my hands to You.
10 Èske Ou va fè mirak pou mò yo? Èske lespri ki fin pati yo va leve pou bay Ou lwanj? Tan
Do You do wonders to the dead? Does Rephaim rise? Do they thank You? (Selah)
11 Èske lanmò dous Ou a va deklare nan tonbo a? Fidelite Ou nan labim nan?
Is Your kindness recounted in the grave? Your faithfulness in destruction?
12 Èske mirak Ou yo va fèt parèt nan tenèb la? Oswa ladwati Ou nan peyi kote tout bagay bliye yo?
Are Your wonders known in the darkness? And Your righteousness in the land of forgetfulness?
13 Men anvè Ou, O SENYÈ, mwen te kriye. Nan maten, lapriyè mwen vini devan Ou.
And I, to You, O YHWH, I have cried, And in the morning my prayer comes before You.
14 O SENYÈ, poukisa Ou rejte nanm mwen? Poukisa Ou kache figi Ou kont mwen?
Why, O YHWH, do You cast off my soul? You hide Your face from me.
15 Mwen te aflije e prèt pou mouri depi nan jenès mwen. Pandan mwen soufri gwo laperèz Ou yo, mwen distrè nèt.
I [am] afflicted, and expiring from youth, I have borne Your terrors—I pine away.
16 Kòlè Ou ki brile, fin pase sou mwen. Gwo laperèz Ou yo te koupe retire m.
Your wrath has passed over me, Your terrors have cut me off,
17 Yo fin antoure mwen tankou dlo tout lajounen. Yo ansèkle m nèt.
They have surrounded me as waters all the day, They have gone around against me together,
18 Ou te retire renmen mwen ak zanmi m nan lwen m nèt, ak zanmi m yo, nan tenèb.
You have put lover and friend far from me, My acquaintance [is] the place of darkness!

< Sòm 88 >