< Sòm 87 >
1 Yon Sòm a fis a Koré yo; Yon Chan Fondasyon Li nan mòn sen yo.
Par les fils de Koré. Psaume. Cantique. Il a fondé sa résidence sur les montagnes saintes.
2 SENYÈ a renmen pòtay Sion yo plis pase tout lòt abitasyon a Jacob yo.
L’Eternel aime les portes de Sion, mieux que toutes les demeures de Jacob.
3 Yo pale sou gran mèvèy ou, O gran vil Bondye. Tan
On parle magnifiquement de toi, ô ville de Dieu! (Sélah)
4 Mwen va mete Rahab avèk Babylone pami (sila) ki rekonèt Mwen yo. Men vwala, Philistie, Tyr, avèk Éthiopie: “Tèl moun te fèt la”.
Je rappelle l’orgueilleuse Egypte et Babel à ceux qui me connaissent. Voici le pays des Philistins, Tyr ainsi que Cousch. "Un tel y est né!"
5 Men selon Sion, li va pale, “Sa a ak (sila) a fèt ladann.” Pi Wo a, Li menm, va etabli Sion.
Mais de Sion on dit: "Celui-ci et celui-là y sont nés!" C’Est le Très-Haut qui l’a affermie.
6 SENYÈ a va konte lè Li anrejistre tout pèp yo: “Sa a te fèt la”. Tan
L’Eternel, en inscrivant les nations, proclame: "Un tel y est né!" (Sélah)
7 Epi (sila) ki chante ansanm avèk (sila) ki jwe flit yo va di: “Tout sous bwote yo, se nan ou”.
Chanteurs et joueurs d’instruments de s’écrier: "Toutes mes sources de joie sont en toi!"