< Sòm 86 >

1 Yon priyè a David Prete m zòrèy Ou, O SENYÈ e reponn mwen. Paske mwen aflije e malere.
A Prayer of David. Incline Thine ear, O LORD, and answer me; for I am poor and needy.
2 Konsève nanm mwen, paske mwen se yon nonm fidèl. Ou menm, Bondye mwen an, sove sèvitè Ou ki mete konfyans nan Ou a.
Keep my soul, for I am godly; O Thou my God, save Thy servant that trusteth in Thee.
3 Montre m gras Ou, O SENYÈ, paske se a Ou menm mwen kriye tout lajounen.
Be gracious unto me, O Lord; for unto Thee do I cry all the day.
4 Fè nanm a sèvitè Ou a kontan, paske a Ou menm, SENYÈ, mwen leve nanm mwen.
Rejoice the soul of Thy servant; for unto Thee, O Lord, do I lift up my soul.
5 Paske Ou menm, Senyè a, Ou plen bonte e Ou prèt pou padone, ranpli avèk lanmou dous, pou tout (sila) ki rele sou non Ou yo.
For Thou, Lord, art good, and ready to pardon, and plenteous in mercy unto all them that call upon Thee.
6 Prete zòrèy Ou, O SENYÈ, a lapriyè mwen. Prete atansyon a vwa siplikasyon mwen yo.
Give ear, O LORD, unto my prayer; and attend unto the voice of my supplications.
7 Nan jou twoub mwen an, mwen va rele Ou, paske Ou va reponn mwen.
In the day of my trouble I call upon Thee; for Thou wilt answer me.
8 Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè, ni nanpwen zèv tankou pa Ou yo.
There is none like unto Thee among the gods, O Lord, and there are no works like Thine.
9 Tout nasyon ke Ou te fè yo, va vini pou adore devan Ou, O Senyè, e yo va bay non Ou glwa.
All nations whom Thou hast made shall come and prostrate themselves before Thee, O Lord; and they shall glorify Thy name.
10 Paske Ou gran e fè zèv ki mèvèye. Se Ou sèl ki Bondye.
For Thou art great, and doest wondrous things; Thou art God alone.
11 Montre m chemen Ou an, O SENYÈ. Mwen va mache nan verite Ou. Fè kè m dispoze pou krent non Ou.
Teach me, O LORD, Thy way, that I may walk in Thy truth; make one my heart to fear Thy name.
12 Mwen va ba Ou remèsiman, O SENYÈ, Bondye mwen an, avèk tout kè m. Mwen va bay glwa a non Ou jis pou tout tan.
I will thank Thee, O Lord my God, with my whole heart; and I will glorify Thy name for evermore.
13 Paske lanmou dous Ou anvè mwen gran, e Ou te delivre nanm mwen soti nan fon sejou lanmò yo. (Sheol h7585)
For great is Thy mercy toward me; and Thou hast delivered my soul from the lowest nether-world. (Sheol h7585)
14 O Bondye, mesye awogan yo te leve kont mwen, yon bann mesye vyolan ap chache lavi mwen. Yo pa mete Ou devan yo.
O God, the proud are risen up against me, and the company of violent men have sought after my soul, and have not set Thee before them.
15 Men Ou menm, O SENYÈ, Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.
But Thou, O Lord, art a God full of compassion and gracious, slow to anger, and plenteous in mercy and truth.
16 Vire vè mwen e fè m gras. O dispoze fòs Ou a sèvitè Ou a, e fè sekou a fis a sèvant Ou a.
O turn unto me, and be gracious unto me; give Thy strength unto Thy servant, and save the son of Thy handmaid.
17 Montre m yon sign bonte Ou, pou (sila) ki rayi mwen yo kapab wè l e vin wont. Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m sekou, e te konsole mwen.
Work in my behalf a sign for good; that they that hate me may see it, and be put to shame, because Thou, LORD, hast helped me, and comforted me.

< Sòm 86 >