< Sòm 85 >
1 Pou direktè koral la; Yon Sòm a fis a Koré yo O SENYÈ, Ou te montre favè Ou a peyi Ou a. Ou te restore kaptivite a Jacob la.
In finem, filiis Core. Psalmus. Benedixisti, Domine, terram tuam; avertisti captivitatem Jacob.
2 Ou te padone inikite a pèp Ou a. Ou te kouvri tout peche yo.
Remisisti iniquitatem plebis tuæ; operuisti omnia peccata eorum.
3 Ou te retire tout gran kòlè Ou. Ou te detounen kòlè Ou ki brile a.
Mitigasti omnem iram tuam; avertisti ab ira indignationis tuæ.
4 Restore nou, O Bondye a sali nou an, e fè endiyasyon Ou anvè nou, sispann.
Converte nos, Deus salutaris noster, et averte iram tuam a nobis.
5 Èske Ou va fache avèk nou jis pou tout tan? Èske Ou va pwolonje kòlè Ou jis a tout jenerasyon yo?
Numquid in æternum irasceris nobis? aut extendes iram tuam a generatione in generationem?
6 Èske se pa Ou menm ki pou fè nou reprann ankò? Pou pèp Ou a kapab rejwi nan Ou?
Deus, tu conversus vivificabis nos, et plebs tua lætabitur in te.
7 Montre nou lanmou dous Ou a, O SENYÈ. Pèmèt nou resevwa sali Ou a.
Ostende nobis, Domine, misericordiam tuam, et salutare tuum da nobis.
8 Mwen va tande sa ke Bondye, SENYÈ a, va di. Paske La p pale lapè a pèp Li a, a fidèl Li yo, men pa kite yo retounen nan foli yo.
Audiam quid loquatur in me Dominus Deus, quoniam loquetur pacem in plebem suam, et super sanctos suos, et in eos qui convertuntur ad cor.
9 Anverite, sekou Li toupre a (sila) ki gen lakrent Li yo, pou laglwa Li kapab rete nan peyi nou an.
Verumtamen prope timentes eum salutare ipsius, ut inhabitet gloria in terra nostra.
10 Lanmou dous avèk verite te vin jwenn ansanm. Ladwati avèk lapè te vin bo youn lòt.
Misericordia et veritas obviaverunt sibi; justitia et pax osculatæ sunt.
11 Verite vòltije sòti nan latè, e Ladwati veye depi anwo nan syèl la.
Veritas de terra orta est, et justitia de cælo prospexit.
12 Anverite, SENYÈ a va bay sa ki bon, e peyi nou an va bay rekòlt li.
Etenim Dominus dabit benignitatem, et terra nostra dabit fructum suum.
13 Ladwati va mache devan L. L ap prepare yon gran chemen pou mak pla pye Li yo.
Justitia ante eum ambulabit, et ponet in via gressus suos.