< Sòm 84 >
1 Pou direktè koral la; sou gitia la. Yon Sòm a fis a Koré yo. A la abitasyon Ou yo bèl, O SENYÈ dèzame yo!
可拉後裔的詩,交與伶長。用迦特樂器。 萬軍之耶和華啊, 你的居所何等可愛!
2 Nanm mwen anvi e menm gen gwo dezi pou lakou SENYÈ a. Kè m ak chè m chante avèk jwa a Bondye vivan an.
我羨慕渴想耶和華的院宇; 我的心腸,我的肉體向永生上帝呼籲。
3 Zwazo a osi te twouve yon kay, e iwondèl la yon nich pou li menm, kote li kapab swaye pitit li yo pre lòtel Ou yo, Oh Wa m ak Bondye m.
萬軍之耶和華-我的王,我的上帝啊, 在你祭壇那裏,麻雀為自己找着房屋, 燕子為自己找着菢雛之窩。
4 A la beni (sila) ki demere nan lakay Ou yo beni! Y ap ba Ou lwanj jis pou tout tan.
如此住在你殿中的便為有福! 他們仍要讚美你。 (細拉)
5 A la beni nonm ki gen fòs li nan Ou, Nan kè a (sila) lide fè wout nan gran chemen vè Sion an ye.
靠你有力量、心中想往錫安大道的, 這人便為有福!
6 Lè yo pase nan vale Baca a, yo fè l fè yon sous; Premye lapli a kouvri li avèk benediksyon.
他們經過「流淚谷」,叫這谷變為泉源之地; 並有秋雨之福蓋滿了全谷。
7 Yo sòti nan fòs pou antre nan fòs yo. Yo chak parèt devan Bondye nan Sion.
他們行走,力上加力, 各人到錫安朝見上帝。
8 O SENYÈ dèzame yo, tande lapriyè mwen. Prete zorèy Ou, O Bondye Jacob la! Tan
耶和華-萬軍之上帝啊,求你聽我的禱告! 雅各的上帝啊,求你留心聽! (細拉)
9 Gade byen boukliye nou an. Gade sou vizaj onksyone Ou a.
上帝啊,你是我們的盾牌; 求你垂顧觀看你受膏者的面!
10 Paske yon sèl jou nan lakou Ou a, pi bon pase mil jou deyò. Pito m te geran pòt lakay Bondye mwen an, pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.
在你的院宇住一日, 勝似在別處住千日; 寧可在我上帝殿中看門, 不願住在惡人的帳棚裏。
11 Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a (sila) ki mache dwat yo.
因為耶和華-上帝是日頭,是盾牌, 要賜下恩惠和榮耀。 他未嘗留下一樣好處不給那些行動正直的人。
12 O SENYÈ dèzame yo! A la moun ki mete konfyans li nan Ou a beni!
萬軍之耶和華啊, 倚靠你的人便為有福!