< Sòm 83 >

1 Yon Chan. Yon Sòm Asaph O Bondye, pa rete an silans. Pa fè silans, O Bondye. Pa rete trankil.
“A psalm of Asaph.” O God! keep not silence! Hold not thy peace, and be not still, O God!
2 Paske gade byen, lènmi Ou yo ap fè zen. (Sila) ki rayi Ou yo leve tèt yo byen wo.
For, lo! thine enemies roar, And they who hate thee lift up their heads.
3 Yo fè plan malen kont pèp Ou a. Yo fè konplo ansanm kont (sila) ki se trezò Ou.
For they form secret plots against thy people, And consult together against thy chosen ones.
4 Yo te di: “Vini, annou disparèt yo nèt kon nasyon, pou non Israël la pa sonje ankò menm.”
“Come,” say they, “let us blot them out from the number of the nations, That the name of Israel may no more be remembered!”
5 Paske yo te fè konplo ansanm ak yon sèl panse. Kont Ou menm, yo fè yon akò.
With one consent they consult together, Against thee do they form a league, —
6 Tant a Édom avèk Izmayelit yo, Moab ak Agarenyen yo,
The tents of Edom and the Ishmaelites, Of Moab and the Hagarenes,
7 Guebal, Ammon, Amalek, Filisten yo avèk pèp Tyr yo;
Gebal and Ammon and Amalek, The Philistines, with the inhabitants of Tyre.
8 Anplis, Asiryen yo te vin jwenn ansanm avèk yo, yo te prete lamen a pitit a Lot yo. Tan
The Assyrians also are joined with them; They lend their strength to the children of Lot.
9 Aji avèk yo tankou Madian, tankou avèk Sisera ak Jabin nan ravin Kison an!
Do to them as to the Midianites, As to Sisera, as to Jabin at the brook Kison,
10 Ki te fin detwi nan En-Dor, ki te vin tankou fimye sou latè.
Who perished at Endor, And were trampled like dung to the earth.
11 Fè tout chèf yo tankou Oreb avèk Zeeb e tout prens yo tankou Zébach avèk Tsalmunna,
Make their chiefs like Oreb and Zeeb; Yea, all their princes as Zeba and Zalmunna!
12 Ki te di: “Annou vin posede patiraj Bondye yo pou kont nou.”
Who say, “Let us seize on God's habitations!”
13 O Bondye mwen, fè yo tankou pousyè toubiyon! Tankou pay devan van!
Make them, O my God! like whirling chaff; Like stubble before the wind!
14 Tankou dife ki brile forè a, ak flanm ki limen nan tout mòn nan pou yo brile nèt.
As fire consumeth the forest, And as flame setteth the mountains in a blaze,
15 Konsa, kouri dèyè yo avèk tanpèt Ou e teworize yo ak gwo siklòn Ou.
So pursue them with thy tempest, And terrify them with thy storm!
16 Plen figi yo ak gwo wont, pou yo kab chache non pa Ou, O SENYÈ.
Cover their faces with shame, That they may seek thy name, O LORD!
17 Kite yo vin wont e dekouraje jis pou tout tan. Wi, kite yo imilye e peri,
Let them be confounded! Yea, let them be put to shame, and perish!
18 pou yo kapab konnen ke se Ou menm sèl ki pote non “Bondye”, Pi Wo sou tout tè a.
That they may know that thy name alone is Jehovah; That thou art the Most High over all the earth.

< Sòm 83 >