< Sòm 82 >

1 Yon Sòm Asaph Bondye vin kanpe nan mitan pwòp asanble Li a. Li fè jijman nan mitan dye yo.
Se yon sòm Asaf. Bondye kanpe nan mitan konsèy ki nan syèl la, li kanpe nan mitan bondye yo, l'ap jije.
2 Pou konbyen de tan nou va jije san jistis, e montre favè a mechan yo?
Li di: -Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo?
3 “Fè defans fèb yo ak òfelen yo. Fè jistis a aflije ak malere yo.
Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo!
4 Sove fèb yo ak malere yo. Delivre fè yo sòti nan men a mechan yo.”
Delivre pòv malere ak endijan yo! Delivre yo anba men mechan yo.
5 Yo pa konnen ni yo pa konprann. Yo mache toupatou nan fènwa. Tout fondasyon tè yo fin souke nèt.
Nou sòt, nou pa konprann anyen! N'ap mache nan fènwa. Pa gen jistis sou latè ankò!
6 Mwen te di: “Se dye ke nou ye, e nou tout se fis a Pi Wo a.
Mwen te di se bondye nou ye, nou tout se pitit Bondye ki anwo nan syèl la nou ye.
7 Sepandan, nou va mouri tankou moun, e tonbe tankou nenpòt nan prens yo.”
Men, nou gen pou nou mouri tankou tout moun, wi, nou gen pou nou mouri tankou nenpòt chèf.
8 Leve, O Bondye, jije tè a! Paske se Ou ki posede tout nasyon yo.
Leve non, Bondye, vin jije latè! Paske, se pou ou tout nasyon yo ye.

< Sòm 82 >