< Sòm 81 >

1 Pou direktè koral la; pou jwe sou Gitia la. Yon Sòm Asaph Chante avèk jwa a Bondye ki se fòs nou! Rele fò ak jwa a Bondye a Jacob la!
亚萨的诗,交与伶长。用迦特乐器。 你们当向 神—我们的力量大声欢呼, 向雅各的 神发声欢乐!
2 Leve yon chan, bat tanbouren an, gita ak son ki dous la ansanm avèk ap la.
唱起诗歌,打手鼓, 弹美琴与瑟。
3 Sone twonpèt la nan nouvèl lin nan, sou plèn lin nan, nan jou fèt nou an.
当在月朔并月望— 我们过节的日期吹角,
4 Paske se yon règleman Israël, yon òdonans a Bondye Jacob la.
因这是为以色列定的律例, 是雅各 神的典章。
5 Li te etabli li kon yon temwayaj nan Joseph lè li te ale toupatou nan peyi Égypte la. Mwen te tande yon lang ke M pa t konnen.
他去攻击埃及地的时候, 在约瑟中间立此为证。 我在那里听见我所不明白的言语:
6 Mwen te retire fado a sou zepòl li. Men li yo te vin lib panyen an.
神说:我使你的肩得脱重担, 你的手放下筐子。
7 Ou te rele nan twoub la e Mwen te fè ou sekou. Mwen te reponn Ou nan plas kote tonnè a kache a. Mwen te fè ou pase eprèv nan dlo Meriba yo. Tan
你在急难中呼求,我就搭救你; 我在雷的隐密处应允你, 在米利巴水那里试验你。 (细拉)
8 Tande, O pèp Mwen an e Mwen va korije nou. O Israël, si ou ta koute Mwen!
我的民哪,你当听,我要劝戒你; 以色列啊,甚愿你肯听从我。
9 Pa kite okenn dye etranje rete pami nou. Ni nou pa pou adore okenn dye etranje.
在你当中,不可有别的神; 外邦的神,你也不可下拜。
10 Mwen menm, SENYÈ a, se Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la. Ouvri bouch nou byen laj e mwen va ranpli li.
我是耶和华—你的 神, 曾把你从埃及地领上来; 你要大大张口,我就给你充满。
11 Men pèp Mwen an pa t koute vwa M. Ni Israël pa t obeyi Mwen.
无奈,我的民不听我的声音; 以色列全不理我。
12 Akoz sa, Mwen te lage yo a kè di yo, pou mache nan pwòp manèv yo.
我便任凭他们心里刚硬, 随自己的计谋而行。
13 O ke pèp Mwen an ta koute Mwen, ke Israël ta mache nan vwa Mwen yo!
甚愿我的民肯听从我, 以色列肯行我的道,
14 Mwen ta soumèt lènmi yo byen vit e ta vire men m kont advèsè yo.
我便速速治服他们的仇敌, 反手攻击他们的敌人。
15 (Sila) ki rayi SENYÈ yo ta tresayi devan Li menm e pinisyon yo ta pou tout tan.
恨耶和华的人必来投降, 但他的百姓必永久长存。
16 Men ou menm, Mwen ta nouri ou avèk pi bon kalite ble a. Avèk siwo ki sòti nan wòch, Mwen ta satisfè ou.
他也必拿上好的麦子给他们吃, 又拿从磐石出的蜂蜜叫他们饱足。

< Sòm 81 >