< Sòm 80 >

1 Pou direktè koral la; pou jwe a “Lis Akò Yo”. Yon Sòm Asaph O prete zòrèy Ou, Bèje Israël la, Ou menm ki mennen Joseph tankou yon twoupo, Ou menm ki chita sou twòn anwo cheriben yo, se pou ou briye.
Zborovođi. Po napjevu “Ljiljan svjedočanstva”. Asafov. Psalam. Pastiru Izraelov, počuj, ti što vodiš Josipa k'o stado ovaca! Ti što sjediš nad kerubima, zablistaj
2 Devan Éphraïm avèk Benjamin ak Manassé, fè vire tout fòs Ou. Vin bannou sekou!
pred Efrajimom, Benjaminom, Manašeom: probudi silu svoju, priteci nam u pomoć!
3 O Bondye, restore nou! Fè vizaj Ou briye sou nou e nou va sove.
Bože, obnovi nas, razvedri lice svoje i spasi nas!
4 O Bondye dèzame yo, pou konbyen de tan Ou va fache kont lapriyè a pèp Ou a?
Jahve, Bože nad Vojskama, dokle ćeš plamtjeti, premda se moli narod tvoj?
5 Ou te bay yo pen fèt ak dlo ki t ap sòti nan zye yo. Ou te fè yo bwè dlo a zye yo an gran kantite.
Dokle ćeš nas hraniti kruhom suza i obilno pojiti suzama?
6 Ou fè nou vin yon objè konfli devan vwazen nou yo. Lènmi nou yo ri pami yo menm.
Dokle će se oko nas svađat' susjedi i rugat' nam se naši dušmani?
7 O Bondye dèzame yo, restore nou! Fè vizaj Ou klere sou nou e nou va sove.
Bože nad Vojskama, obnovi nas, razvedri lice svoje i spasi nas!
8 Ou te rachte yon pye rezen soti an Égypte. Ou te chase mete nasyon yo deyò pou te plante li la.
Ti prenese čokot iz Egipta, pogane istjera, a njega zasadi.
9 Ou te netwaye tè a devan l. Li te anrasine byen fon e te ranpli peyi a.
Ti mu tlo pripravi, i on pusti korijenje i napuni zemlju.
10 Mòn yo te kouvri ak lonbraj li. Branch li yo te kon bwa sèd Bondye yo.
Sjena mu prekri bregove, lozje mu k'o Božji cedrovi.
11 Li te voye branch li yo rive jis nan lanmè, ak boujon li yo jis nan Rivyè a.
Mladice svoje ispruži do mora i svoje ogranke do Rijeke.
12 Poukisa Ou te kraze tout kloti li yo, pou tout (sila) ki pase la yo kab rekòlte fwi li yo?
Zašto si mu srušio ogradu da ga beru svi što putem prolaze,
13 Yon gwo mal kochon sovaj sòti nan forè pou manje ladann e bèt sovaj chan an manje sou li.
da ga pustoši vepar iz šume, da ga pasu poljske zvijeri?
14 O Bondye dèzame yo, vire fè bak depi koulye a, nou sipliye Ou, souple. Gade soti anwo nan syèl la pou wè, e okipe pye rezen (sila) a.
Vrati se, Bože nad Vojskama, pogledaj s neba i vidi, obiđi ovaj vinograd:
15 Menm boujon ke men dwat Ou te plante a, e branch ke Ou te bay fòs pou Ou menm nan.
zakrili što zasadi desnica tvoja, sina kog za se odgoji!
16 Li fin brile ak dife. Li fin koupe atè nèt. Yo peri ak repwòch devan Ou.
Oni koji ga spališe i posjekoše nek' izginu od prijetnje lica tvojega!
17 Kite men Ou rete sou nonm nan ki se moun men dwat Ou a, sou fis a lòm ke ou te fè pwisan pou Ou menm nan.
Tvoja ruka nek' bude nad čovjekom desnice tvoje, nad sinom čovječjim kog za se odgoji!
18 Konsa, nou p ap vire fè bak kite Ou. Fè nou leve ankò e nou va rele non Ou.
Nećemo se više odmetnuti od tebe; poživi nas, a mi ćemo zazivati ime tvoje.
19 O SENYÈ dezame yo, restore nou. Fè figi Ou briye sou nou e nou va sove.
Jahve, Bože nad Vojskama, obnovi nas, razvedri lice svoje i spasi nas!

< Sòm 80 >