< Sòm 8 >
1 Pou direktè koral la; jwe sou gitia la. Yon sòm David. O SENYÈ, Senyè nou an, A la non Ou gran sou tout latè! Ou te fè parèt klè mayifisans Ou piwo pase syèl yo!
聖歌隊の指揮者によってギテトにあわせてうたわせたダビデの歌 主、われらの主よ、あなたの名は地にあまねく、いかに尊いことでしょう。あなたの栄光は天の上にあり、
2 Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo, Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo, pou fè lènmi an avèk vanjè a sispann.
みどりごと、ちのみごとの口によって、ほめたたえられています。あなたは敵と恨みを晴らす者とを静めるため、あだに備えて、とりでを設けられました。
3 Lè m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo, lalin ak zetwal ke Ou te fè yo,
わたしは、あなたの指のわざなる天を見、あなたが設けられた月と星とを見て思います。
4 Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li? Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?
人は何者なので、これをみ心にとめられるのですか、人の子は何者なので、これを顧みられるのですか。
5 Malgre, Ou te fè li yon ti kras pi ba pase Bondye, e te kouwone li ak glwa avèk lonè!
ただ少しく人を神よりも低く造って、栄えと誉とをこうむらせ、
6 Ou fè li regne sou zèv men Ou yo. Ou te mete tout bagay anba pye li:
これにみ手のわざを治めさせ、よろずの物をその足の下におかれました。
7 Tout mouton yo ak bèf yo, avèk bèt sovaj nan chan,
すべての羊と牛、また野の獣、
8 zwazo nan syèl yo, avèk pwason lanmè yo, ak tout sa ki pase nan chemen lanmè yo.
空の鳥と海の魚、海路を通うものまでも。
9 O SENYÈ, mèt nou an, a la non Ou gran sou tout latè a.
主、われらの主よ、あなたの名は地にあまねく、いかに尊いことでしょう。