< Sòm 79 >

1 Yon Sòm Asaph O Bondye, nasyon yo te anvayi eritaj Ou a. Yo te souye sen tanp Ou an. Yo te fè Jérusalem kouche nan yon pil ranblè. 2 Yo te bay kadav sèvitè Ou yo kon manje pou zwazo syèl yo. Chè a fidèl Ou yo, yo fin bay a bèt latè yo. 3 Yo te vide san yo tankou dlo toupatou Jérusalem. Pa t genyen moun ki pou antere yo. 4 Nou gen tan vin yon repwòch pou vwazen nou yo, Yon rizib ak yon betiz pou (sila) ki antoure nou yo. 5 Jiskilè, O SENYÈ? Èske Ou va rete fache nèt? Èske jalouzi Ou va brile tankou dife tout tan? 6 Vide kòlè Ou sou nasyon ki pa rekonèt Ou yo, ak sou wayòm yo ki pa rele non Ou yo. 7 Paske yo te devore Jacob. Yo te devaste abitasyon Li an. 8 Pa sonje inikite a papa zansèt nou yo pou kenbe kont nou. Kite mizerikòd Ou vini vit rankontre nou, paske nou fin rive ba nèt. 9 Fè nou sekou, O Bondye sali nou an, pou glwa a non Ou. Delivre nou e padone peche nou yo, pou koz a non Ou. 10 Poukisa nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo ye?” Kite li vin rekonèt pami nasyon yo devan zye nou, ke vanjans pou san sèvitè Ou yo ap vèse. 11 Kite vwa prizonyè k ap plenyen yo rive devan Ou. Selon grandè fòs Ou, prezève (sila) ki kondane a lamò. 12 Fè remet a vwazen nou yo, sèt fwa antre nan vant yo, repwòch avèk (sila) yo te repwoche Ou a, O SENYÈ. 13 Konsa nou menm, pèp Ou a, ak mouton a patiraj Ou a, Va bay Ou remèsiman jis pou tout tan. A tout jenerasyon yo, nou va pale lwanj Ou.

< Sòm 79 >