< Sòm 78 >

1 Yon Sòm a Asaph Koute, O pèp mwen an a lenstriksyon mwen. Panche zòrèy Ou vè pawòl a bouch mwen.
亚萨的训诲诗。 我的民哪,你们要留心听我的训诲, 侧耳听我口中的话。
2 Mwen va ouvri bouch mwen avèk yon parabòl. Mwen va pale pawòl fonse a tan ansyen yo,
我要开口说比喻; 我要说出古时的谜语,
3 ke nou te tande, konnen e ke papa zansèt nou yo te fè nou konprann.
是我们所听见、所知道的, 也是我们的祖宗告诉我们的。
4 Nou p ap kache yo a pitit nou yo, men nou va pale a jenerasyon k ap vini yo, tout lwanj SENYÈ a, fòs Li ak gran mèvèy ke Li te konn fè yo.
我们不将这些事向他们的子孙隐瞒, 要将耶和华的美德和他的能力, 并他奇妙的作为,述说给后代听。
5 Paske Li te etabli yon temwayaj nan Jacob e te chwazi yon lwa an Israël, sou (sila) Li te kòmande papa zansèt nou yo pou yo ta enstwi yo a pitit pa yo.
因为,他在雅各中立法度, 在以色列中设律法; 是他吩咐我们祖宗要传给子孙的,
6 Ke jenerasyon k ap vini an ta kab konnen. Menm pou (sila) ki poko fèt yo, pou yo ta kab leve e pale yo a pitit yo,
使将要生的后代子孙可以晓得; 他们也要起来告诉他们的子孙,
7 pou yo kab mete konfyans yo nan Bondye e pa bliye zèv Bondye yo, men kenbe kòmandman Li yo.
好叫他们仰望 神, 不忘记 神的作为, 惟要守他的命令。
8 Pou yo pa fè tankou papa zansèt yo, yon jenerasyon tèt di e rebèl, yon jenerasyon ki pa t gen kè fidèl, ki pa t gen lespri fidèl a Bondye.
不要像他们的祖宗, 是顽梗悖逆、居心不正之辈, 向着 神,心不诚实。
9 Fis a Éphraïm yo ki kon tire flèch, te pote banza yo. Sepandan, nan jou batay la, yo te fè bak.
以法莲的子孙带着兵器,拿着弓, 临阵之日转身退后。
10 Yo pa t kenbe akò yo ak Bondye e te refize mache nan lalwa Li.
他们不遵守 神的约, 不肯照他的律法行;
11 Yo te bliye zèv Li yo avèk mirak ke Li te montre yo.
又忘记他所行的 和他显给他们奇妙的作为。
12 Li te fòje mirak yo devan zansèt yo, nan peyi Égypte la ak nan chan Tsoan an.
他在埃及地,在琐安田, 在他们祖宗的眼前施行奇事。
13 Li te divize lanmè a e te fè yo pase ladann. Li te fè dlo yo kanpe wo tankou yon gwo pil.
他将海分裂,使他们过去, 又叫水立起如垒。
14 Apre, Li te dirije yo avèk nwaj nan lajounen e nan tout nwit lan avèk limyè dife.
他白日用云彩, 终夜用火光引导他们。
15 Li te fann wòch yo nan dezè a e te bay yo anpil dlo pou bwè tankou nan fon yo.
他在旷野分裂磐石, 多多地给他们水喝,如从深渊而出。
16 Li te fè parèt sous ki te pete sòti nan wòch la, e te fè dlo desann tankou larivyè.
他使水从磐石涌出, 叫水如江河下流。
17 Sepandan, yo te kontinye peche kont Li, e fè rebèl kont Pi Wo a nan dezè a.
他们却仍旧得罪他, 在干燥之地悖逆至高者。
18 Konsa, nan kè yo, yo te pase Bondye a leprèv lè yo te mande manje selon dezi yo.
他们心中试探 神, 随自己所欲的求食物,
19 Wi, yo te pale kont Bondye. Yo te di: “Èske Bondye kapab prepare yon tab nan dezè a?
并且妄论 神说: 神在旷野岂能摆设筵席吗?
20 Gade byen, Li te frape wòch la pou dlo kouri sòti e gwo sous yo t ap debòde. Èske Li kapab bay pen tou? Èske Li kab founi vyann pou pèp Li a?”
他曾击打磐石,使水涌出,成了江河; 他还能赐粮食吗? 还能为他的百姓预备肉吗?
21 Pou sa, SENYÈ a te tande e te ranpli ak kòlè. Konsa, yon dife te limen kont Jacob, e chalè te monte tou kont Israël.
所以,耶和华听见就发怒; 有烈火向雅各烧起; 有怒气向以色列上腾;
22 Paske yo pa t kwè nan Bondye, e pa t mete konfyans yo nan delivrans Li.
因为他们不信服 神, 不倚赖他的救恩。
23 Men Li te kòmande nwaj anlè yo, e te louvri pòt syèl yo.
他却吩咐天空, 又敞开天上的门,
24 Li te fè lamàn vin tonbe tankou lapli sou yo, pou yo manje e te bay yo manje soti nan syèl la.
降吗哪,像雨给他们吃, 将天上的粮食赐给他们。
25 Lòm te manje manje a zanj yo. Li te voye manje ba yo an abondans.
各人吃大能者的食物; 他赐下粮食,使他们饱足。
26 Li te fè van lès la vante nan syèl yo e avèk pwisans Li, Li te dirije van sid la.
他领东风起在天空, 又用能力引了南风来。
27 Li te fè tonbe vyann sou yo tankou lapli, tankou pousyè, menm zwazo ak zèl tankou sab lanmè.
他降肉,像雨在他们当中,多如尘土, 又降飞鸟,多如海沙,
28 Alò, Li te kite yo tonbe nan mitan kan an, toupatou abitasyon yo.
落在他们的营中, 在他们住处的四面。
29 Konsa, yo te manje vant plen, e sa yo te mande, se sa Li te bay yo.
他们吃了,而且饱足; 这样就随了他们所欲的。
30 Avan, yo te satisfè dezi yo, pandan manje a te toujou nan bouch yo,
他们贪而无厌, 食物还在他们口中的时候,
31 kòlè Bondye te leve kont yo e te touye kèk nan pi vayan pami yo. Li te frape desann mesye pi chwazi Israël yo.
神的怒气就向他们上腾, 杀了他们内中的肥壮人, 打倒以色列的少年人。
32 Malgre tout sa, yo te peche toujou, e pa t kwè nan zèv mèvèy Li yo.
虽是这样,他们仍旧犯罪, 不信他奇妙的作为。
33 Akoz sa, Li te fè jou yo fini mal, e ane yo nan laperèz sibit.
因此,他叫他们的日子全归虚空, 叫他们的年岁尽属惊恐。
34 Lè Li te touye yo, nan lè sa a, yo te chache Li. Yo te retounen chache Li ak dilijans.
他杀他们的时候,他们才求问他, 回心转意,切切地寻求 神。
35 Konsa, yo te sonje ke Bondye te wòch yo, e Pi Wo a, redanmtè yo.
他们也追念 神是他们的磐石, 至高的 神是他们的救赎主。
36 Men yo te twonpe Li ak bouch yo. Yo te manti a Li ak lang yo.
他们却用口谄媚他, 用舌向他说谎。
37 Paske kè yo pa t fèm vè Li menm, ni yo pa t fidèl selon akò Li.
因他们的心向他不正, 在他的约上也不忠心。
38 Men Li menm, akoz mizerikòd Li, te padone inikite yo, e pa t detwi yo. Wi, souvan Li te ralanti kòlè Li e pa t kite tout kòlè li vin leve.
但他有怜悯, 赦免他们的罪孽, 不灭绝他们, 而且屡次消他的怒气, 不发尽他的忿怒。
39 Konsa, Li te sonje ke se sèl chè yo te ye, yon van pase ki pa retounen ankò.
他想到他们不过是血气, 是一阵去而不返的风。
40 Konbyen fwa yo te fè rebèl kont Li nan dezè a, e te fè L soufri lapèn la nan savann an!
他们在旷野悖逆他, 在荒地叫他担忧,何其多呢!
41 Anpil fwa, yo te pase Bondye a leprèv, epi te fè (Sila) Ki Sen A Israël la soufri doulè.
他们再三试探 神, 惹动以色列的圣者。
42 Yo pa t sonje pwisans Li, ni jou ke Li te delivre yo nan men advèsè yo,
他们不追念他的能力 和赎他们脱离敌人的日子;
43 lè Li te akonpli mirak Li yo an Égypte ak mèvèy Li yo nan chan Tsoan an.
他怎样在埃及地显神迹, 在琐安田显奇事,
44 Li te chanje rivyè yo an san. Konsa, nan sous yo, yo pa t kab bwè.
把他们的江河并河汊的水都变为血, 使他们不能喝。
45 Li te voye pami yo mouch an gran kantite ki te devore yo, avèk krapo ki te detwi yo.
他叫苍蝇成群落在他们当中,嘬尽他们, 又叫青蛙灭了他们,
46 Li te bay chan rekòlt a chwalbwa a, ak pwodwi travay yo a krikèt la.
把他们的土产交给蚂蚱, 把他们辛苦得来的交给蝗虫。
47 Li te detwi chan fwi yo ak lagrèl e bwa sikomò yo ak fredi.
他降冰雹打坏他们的葡萄树, 下严霜打坏他们的桑树,
48 Li te bay bèt yo tou a lagrèl e twoupo yo a loray.
又把他们的牲畜交给冰雹, 把他们的群畜交给闪电。
49 Li te voye sou yo chalè kòlè Li, gwo kòlè avèk endiyasyon ak twoub, ak yon bann zanj ki pou detwi yo.
他使猛烈的怒气和忿怒、恼恨、苦难 成了一群降灾的使者,临到他们。
50 Li te fè yon chemen pou lakòlè Li. Li pa t epagne nanm yo de lanmò, men te bay lavi yo a gwo fleyo.
他为自己的怒气修平了路, 将他们交给瘟疫, 使他们死亡,
51 Li te frape di tout premye ne an Égypte yo, premye sòti a fòs kouraj yo nan tant a Cham yo.
在埃及击杀一切长子, 在含的帐棚中击杀他们强壮时头生的。
52 Men Li te mennen fè sòti pwòp pèp li a tankou mouton. Li te dirije yo nan dezè a tankou yon twoupo.
他却领出自己的民如羊, 在旷野引他们如羊群。
53 Li te dirije yo avèk swen pou yo pa pè, men lanmè te vale lènmi yo.
他领他们稳稳妥妥地,使他们不致害怕; 海却淹没他们的仇敌。
54 Konsa, Li te mennen yo nan peyi sen Li an, vè peyi ti kolin ke men dwat Li te vin posede a.
他带他们到自己圣地的边界, 到他右手所得的这山地。
55 Anplis, li te chase nasyon yo devan yo, te pataje pou yo yon eritaj selon mezi li, e te fè tribi Israël yo abite nan tant yo.
他在他们面前赶出外邦人, 用绳子将外邦的地量给他们为业, 叫以色列支派的人住在他们的帐棚里。
56 Sepandan, yo te tante e fè rebèl kont Bondye Pi Wo a, e pa t kenbe temwayaj Li yo,
他们仍旧试探、悖逆至高的 神, 不守他的法度,
57 men te vire fè bak e te aji nan malveyans tankou papa zansèt yo. Yo te vire akote tankou yon banza ki tòde.
反倒退后,行诡诈,像他们的祖宗一样; 他们改变,如同翻背的弓。
58 Paske yo te pwovoke Li avèk wo plas yo, e te fè L jalou avèk imaj taye yo.
因他们的邱坛惹了他的怒气; 因他们雕刻的偶像触动他的愤恨。
59 Lè Bondye te tande, Li te vin ranpli avèk kòlè, e te vin deteste Israël anpil.
神听见就发怒, 极其憎恶以色列人。
60 Jiskaske Li te abandone abitasyon Silo, tant ke li te konn monte pami lòm nan,
甚至他离弃示罗的帐幕, 就是他在人间所搭的帐棚;
61 e te bay yo menm ki te fòs Li, an kaptivite, glwa Li nan men advèsè a.
又将他的约柜交与人掳去, 将他的荣耀交在敌人手中;
62 Anplis, Li te livre pèp Li a de nepe e te vin ranpli avèk kòlè kont eritaj Li a.
并将他的百姓交与刀剑, 向他的产业发怒。
63 Dife te devore jennonm Li yo e vyèj Li yo pa t gen chan maryaj.
少年人被火烧灭; 处女也无喜歌。
64 Prèt Li yo te tonbe pa nepe e Vèv Li yo pa t kab kriye.
祭司倒在刀下, 寡妇却不哀哭。
65 Konsa, SENYÈ a te leve tankou se nan dòmi Li te ye, tankou yon gèrye ki rele fò akoz diven.
那时,主像世人睡醒, 像勇士饮酒呼喊。
66 Li te pouse advèsè Li yo fè bak. Li te mete sou yo yon repwòch ki pa t ap fini menm.
他就打退了他的敌人, 叫他们永蒙羞辱;
67 Anplis, Li te rejte tant Jospeh la, ni pa t chwazi tribi Éphraïm nan.
并且他弃掉约瑟的帐棚, 不拣选以法莲支派,
68 Men Li te chwazi tribi Juda a, Mòn Sion ke Li te renmen anpil la.
却拣选犹大支派—他所喜爱的锡安山;
69 Li te bati sanktiyè Li tankou wotè mòn yo, tankou latè ke Li te etabli jis pou tout tan an.
盖造他的圣所,好像高峰, 又像他建立永存之地;
70 Anplis, Li te chwazi David, sèvitè Li a. Li te pran l sòti nan Pak mouton yo,
又拣选他的仆人大卫, 从羊圈中将他召来,
71 sòti nan okipe mouton k ap fè pitit, avèk ti mouton nouris, Li te mennen li, pou vin bèje Jacob, pèp Li a, avèk Israël, eritaj Li a.
叫他不再跟从那些带奶的母羊, 为要牧养自己的百姓雅各 和自己的产业以色列。
72 Konsa, Li te fè bèje yo selon entegrite kè l, e te gide yo avèk men abil li.
于是,他按心中的纯正牧养他们, 用手中的巧妙引导他们。

< Sòm 78 >