< Sòm 77 >
1 Pou direktè koral la: pou Jeduthun. Yon Sòm Asaph Vwa m leve vè Bondye! Mwen kriye pou sekou. Vwa m leve vè Bondye pou L tande mwen.
For the choirmaster. According to Jeduthun. A Psalm of Asaph. I cried out to God; I cried aloud to God to hear me.
2 Nan jou gwo twoub mwen an, mwen te chache SENYÈ a. Nan nwit, mwen te lonje men m san poze. Nanm mwen te refize rekonfòte.
In the day of trouble I sought the Lord; through the night my outstretched hands did not grow weary; my soul refused to be comforted.
3 Lè mwen sonje Bondye, alò, lespri m twouble. Mwen fè soupi; lespri m febli nèt.
I remembered You, O God, and I groaned; I mused and my spirit grew faint.
4 Ou te kenbe zye mwen yo louvri. Mwen tèlman twouble ke m pa kab pale.
You have kept my eyes from closing; I am too troubled to speak.
5 Mwen te reflechi sou jou lansyen yo, ane lontan yo.
I considered the days of old, the years long in the past.
6 Chanson mwen, mwen va sonje pandan lannwit. Mwen reflechi tout tan nan kè mwen. Lespri m reflechi jis rive nan fon kè m:
At night I remembered my song; in my heart I mused, and my spirit pondered:
7 “Èske Senyè a va rejte nou pou tout tan? Èske Li p ap janm kite favè Li vini sou nou ankò?
“Will the Lord spurn us forever and never show His favor again?
8 Èske lanmou dous Li a kite nou pou tout tan? Èske pwomès Li yo fini nèt?
Is His loving devotion gone forever? Has His promise failed for all time?
9 Èske Bondye te bliye gras Li, Oswa nan kòlè Li, èske Li te retire mizerikòd Li a?” Tan
Has God forgotten to be gracious? Has His anger shut off His compassion?”
10 Epi mwen te di: “Se chagren mwen ki fè m panse men dwat a Wo Pwisan an vin chanje.”
So I said, “I am grieved that the right hand of the Most High has changed.”
11 Mwen va sonje zèv SENYÈ yo. Anverite, Mwen va sonje mèvèy Ou yo nan tan ansyen yo.
I will remember the works of the LORD; yes, I will remember Your wonders of old.
12 Mwen va reflechi tout tan sou tout zèv Ou yo, pou m sonje nan kè m tout sa Ou te fè.
I will reflect on all You have done and ponder Your mighty deeds.
13 Chemen Ou a, O Bondye, se apa. Ki dye ki gran tankou Bondye pa nou an?
Your way, O God, is holy. What god is so great as our God?
14 Ou se Bondye ki fè zèv mèvèy. Ou te fè pwisans Ou rekonèt pami pèp yo.
You are the God who works wonders; You display Your strength among the peoples.
15 Avèk pwòp pouvwa Ou, Ou te rachte pèp Ou a, fis a Jacob yo avèk Joseph. Tan
With power You redeemed Your people, the sons of Jacob and Joseph.
16 Dlo yo te wè Ou, O Bondye. Dlo yo te wè Ou. Yo te nan gran doulè. Anplis, fon yo te boulvèse.
The waters saw You, O God; the waters saw You and swirled; even the depths were shaken.
17 Nwaj yo te vide gwo dlo. Syèl yo te bay gwo kout loray. Flèch Ou yo te lime pa isit e pa lòtbò.
The clouds poured down water; the skies resounded with thunder; Your arrows flashed back and forth.
18 Bwi tonnè a eklate nan toubiyon an. Loray yo te klere tout tè a. Mond lan te tranble. Li te souke.
Your thunder resounded in the whirlwind; the lightning lit up the world; the earth trembled and quaked.
19 Chemen Ou an te nan lanmè a, e vwa Ou nan dlo pwisan yo. Kote Ou mache p ap kab dekouvri menm.
Your path led through the sea, Your way through the mighty waters, but Your footprints were not to be found.
20 Ou te dirije pèp Ou a tankou yon bann, pa men Moïse avèk Aaron.
You led Your people like a flock by the hand of Moses and Aaron.