< Sòm 75 >
1 Pou direktè koral la; pou jwe a melodi “Pa Detwi” Yon Sòm Asaph, yon Chanson Nou bay remèsiman a Ou menm, O Bondye, Nou bay remèsiman, paske Non Ou toupre. Moun yo fè deklarasyon zèv mèvèy Ou yo.
亞薩的詩歌,交與伶長。調用休要毀壞。 上帝啊,我們稱謝你,我們稱謝你! 因為你的名相近,人都述說你奇妙的作為。
2 “Lè Mwen menm fikse yon tan ki apwente, Mwen va jije avèk jistis.
我到了所定的日期, 必按正直施行審判。
3 Latè avèk tout sa ki ladann souke. Se Mwen menm ki kenbe pilye li yo.” Tan
地和其上的居民都消化了; 我曾立了地的柱子。 (細拉)
4 Mwen te di a awogan yo: “Pa vin ògeye!” A mechan an: “Pa leve kòn nan.
我對狂傲人說:不要行事狂傲! 對凶惡人說:不要舉角!
5 Pa leve kòn ou anwo. Pa pale kou rèd avèk ògèy ensolan.”
不要把你們的角高舉; 不要挺着頸項說話。
6 Paske ni sòti nan lès, ni nan lwès, ni bò kote dezè a, kab gen fòs pou leve moun anwo;
因為高舉非從東,非從西, 也非從南而來。
7 Men Bondye se jij la. Li fè yon moun desann, e li leve yon lòt fè l wo.
惟有上帝斷定; 他使這人降卑,使那人升高。
8 Paske gen yon tas nan men SENYÈ a, e diven an ap kimen. Li byen mele e Bondye vide fè l sòti ladann. Anverite, tout mechan yo oblije bwè l jis rive nan dènye ti gout li.
耶和華手裏有杯, 其中的酒起沫,杯內滿了攙雜的酒; 他倒出來, 地上的惡人必都喝這酒的渣滓,而且喝盡。
9 Men pou mwen, mwen va deklare sa, jis pou tout tan. Mwen va chante lwanj a Bondye Jacob la.
但我要宣揚,直到永遠! 我要歌頌雅各的上帝!
10 Tout kòn a mechan yo, Mwen va koupe fè yo sòti nèt. Men kòn a moun ladwati yo va leve wo.
惡人一切的角,我要砍斷; 惟有義人的角必被高舉。