< Sòm 74 >

1 Yon Sòm Asaph O Bondye, poukisa Ou te rejte nou pou tout tan? Poukisa kòlè Ou fè lafimen kont mouton patiraj Ou an?
Pour instruire. D’Asaph. Pourquoi, ô Dieu, [nous] as-tu rejetés pour toujours, [et] ta colère fume-t-elle contre le troupeau de ta pâture?
2 Sonje asanble Ou a, ke Ou te achte depi tan ansyen yo, sa yo ke Ou te rachte pou fè tribi eritaj pa Ou: Mòn Sion (sila) a, kote Ou te abite.
Souviens-toi de ton assemblée, que tu as acquise autrefois, que tu as rachetée pour être la portion de ton héritage, – de la montagne de Sion, où tu as habité.
3 Vire pa Ou yo pou rive kote mazi ki kraze nèt yo, kote lènmi a fin fè tout mechanste li anndan sanktiyè a.
Élève tes pas vers les ruines perpétuelles; l’ennemi a tout saccagé dans le lieu saint.
4 Advèsè Ou yo te vin anraje nan mitan kote asanble Ou a. Yo fin monte pwòp drapo yo kon avètisman an.
Tes adversaires rugissent au milieu des lieux assignés pour ton service; ils ont mis leurs signes pour signes.
5 Yo aji kòn yon moun k ap leve rach li nan mitan yon forè bwa.
Un homme se faisait connaître quand il élevait la hache dans l’épaisseur de la forêt;
6 Epi koulye a, tout travay skilpti li yo, yo kraze ak rach avèk mato.
Et maintenant, avec des cognées et des marteaux, ils brisent ses sculptures toutes ensemble.
7 Yo fin brile sanktiyè Ou a jis rive atè. Yo te souye abitasyon ki fèt nan non Ou an.
Ils ont mis le feu à ton sanctuaire, ils ont profané par terre la demeure de ton nom;
8 Yo te pale nan kè yo: “Annou kraze yo nèt.” Yo te brile tout kote asanble Bondye nan tout peyi a.
Ils ont dit en leur cœur: Détruisons-les tous ensemble. Ils ont brûlé tous les lieux assignés [pour le service] de Dieu dans le pays.
9 Nou paz ankò wè mèvèy yo. Nanpwen pwofèt ankò. Ni pa genyen pami nou ki konnen konbyen de tan sa va dire.
Nous ne voyons plus nos signes; il n’y a plus de prophète, et il n’y a personne avec nous qui sache jusques à quand.
10 Konbyen de tan, O Bondye, advèsè a va moke nou ak mo brile? Èske se pou tout tan lènmi an va giyonnen non Ou konsa?
Jusques à quand, ô Dieu! l’adversaire dira-t-il des outrages? L’ennemi méprisera-t-il ton nom à jamais?
11 Poukisa Ou retire men Ou? Sitou men dwat Ou? Fè l parèt sòti anndan lestonmak Ou pou detwi yo!
Pourquoi détournes-tu ta main, et ta droite? [Tire-la] de ton sein: détruis!
12 Men Bondye se Wa mwen depi nan tan ansyen yo. Li te fè zèv delivrans nan mitan latè.
Et Dieu est d’ancienneté mon roi, opérant des délivrances au milieu de la terre.
13 Ou te divize lanmè a ak fòs kouraj Ou. Ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo.
Tu as fendu la mer par ta puissance, tu as brisé les têtes des monstres sur les eaux;
14 Ou te kraze tèt Levyatan an. Ou te bay li kon manje pou bèt sovaj.
Tu as écrasé les têtes du léviathan, tu l’as donné pour pâture au peuple, – aux bêtes du désert.
15 Ou te fè pete sous ki koule dlo fre. Ou te seche gwo rivyè pwisan yo.
Tu as fait sortir la source et le torrent; tu as séché les grosses rivières.
16 Jou yo se pou Ou, anplis, nwit yo se pou Ou. Ou te prepare limyè a avèk solèy la.
À toi est le jour, à toi aussi la nuit; toi tu as établi la lune et le soleil.
17 Ou te etabli tout lizyè latè yo. Ou te fè sezon ete ak sezon livè.
Tu as posé toutes les bornes de la terre; l’été et l’hiver, c’est toi qui les as formés.
18 Sonje bagay sa a, O SENYÈ, ke lènmi yo te meprize Ou, e yon pèp ki plen ak foli te refize non Ou.
Souviens-toi de ceci, que l’ennemi a outragé l’Éternel! et qu’un peuple insensé a méprisé ton nom.
19 Pa livre nanm a toutrèl Ou a bèt sovaj yo. Pa bliye lavi aflije Ou yo pou tout tan.
Ne livre pas à la bête sauvage l’âme de ta tourterelle; n’oublie pas à jamais la troupe de tes affligés.
20 Konsidere akò Ou, paske kote fènwa yo nan tout latè a, plen ak abitasyon vyolans yo.
Regarde à l’alliance! Car les lieux ténébreux de la terre sont pleins d’habitations de violence.
21 Pa kite oprime yo retounen nan gwo wont. Kite aflije yo ak malere yo louwe Non Ou.
Que l’opprimé ne s’en retourne pas confus; que l’affligé et le pauvre louent ton nom.
22 Leve, O Bondye! Plede koz Ou! Sonje jan lòm plen foli meprize Ou tout lajounen.
Lève-toi, ô Dieu! plaide ta cause, souviens-toi des outrages que te fait tous les jours l’insensé.
23 Pa bliye vwa advèsè Ou yo. Gwo zen a (sila) ki leve kont Ou yo monte tout tan, san rete.
N’oublie pas la voix de tes adversaires: le tumulte de ceux qui s’élèvent contre toi monte continuellement.

< Sòm 74 >