< Sòm 73 >

1 Yon Sòm Asaph Anverite, Bondye bon a Israël, a (sila) avèk kè ki san tach yo!
Se yon sòm Asaf. Wi, Bondye bon pou pèp Izrayèl la, pou moun ki pa gen move bagay sou konsyans yo.
2 Men pou mwen, pye m te prèt pou glise tonbe, Pa m yo te prèt pou chape.
Men, pye m' glise, li manke chape, ti kras mwen tonbe,
3 Paske mwen te gen anvi awogan yo, lè m te wè jan mechan yo te byen reyisi.
paske mwen te anvye sò moun k'ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz.
4 Paske nan lanmò yo, nanpwen soufrans e kò yo byen gra.
Yo pa gen pwoblèm, yo pa malad, yo byen gra.
5 Yo pa nan pwoblèm tankou lòt moun, ni yo pa toumante tankou limanite.
Yo pa soufri sa lòt moun ap soufri. Yo pa gen pwoblèm lòt yo genyen.
6 Pou sa, yo pote ògèy tankou yon bèl kolye. Abiman vyolans kouvri kon yon bèl rad.
Yo pran pòz pa kanmarad pesonn, y'ap plede bat moun.
7 Zye yo anfle nan mitan grès yo. Imajinasyon a kè yo dechennen nèt.
Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo.
8 Yo giyonnen moun. Ak mechanste, yo pale afè oprime lòt moun. Yo pale konsi se anwo sa soti.
Y'ap pase lòt moun nan rizib, y'ap pale move pawòl. Yo awogan, y'ap plede mache di jan y'ap kraponnen moun.
9 Nan bouch yo rive nan syèl la, pandan lang yo fè gwo pwomnad sou tout latè.
Yo pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, y'ap bay tout lòt moun lòd avèk awogans.
10 Akoz sa a, pèp pa yo retounen kote yo, e yo kontinye bwè gran sous yo nèt.
Se konsa, menm pèp Bondye a fè bann ak yo, yo vale tou sa yo di yo san di yon mo.
11 Yo di: “Kòman Bondye konnen? Eske gen konesans kote Pi Wo a?”
Epi yo di: -Ki jan pou Bondye fè konnen? Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l' ta pase pou li konnen?
12 Gade byen, (sila) yo se mechan yo ye. Konsi, toujou alèz, yo te agrandi richès yo.
Wi, men ki jan mechan yo ye: Yo toujou alèz, y'ap anpile richès sou riches.
13 Anverite, se an ven mwen te kenbe kè m san tach, ak lave men m nan inosans.
Nan kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m' pou m' pa fè move bagay? Se pou gremesi mwen refize mete men m' nan move zafè?
14 Paske mwen te twouble tout lajounen e te resevwa chatiman chak maten.
Se tout lajounen, Bondye, w'ap fè m' soufri. Chak maten, ou la pou pini mwen.
15 Si mwen te di: “Mwen va pale konsa,” gade byen, mwen ta trayi jenerasyon pitit Ou yo.
Si m' di nan kè m': Bon, m'ap pale tankou mechan yo! Si m' fè sa, se trayi mwen ta trayi moun k'ap sèvi ou yo.
16 Lè m te reflechi pou konprann sa, zye m pa t wè klè menm.
Se konsa mwen kalkile anpil pou m' konprann bagay sa a. Men, se pa t' bagay fasil menm pou mwen,
17 Men jis lè m te antre nan sanktiyè Bondye a, mwen te vin konprann jan yo ta fini.
jouk lè mwen te al antre lakay ou, pou m' wè jan mechan yo gen pou yo fini.
18 Anverite, Ou te mete yo kote ki glise anpil. Ou te jete yo ba jiskaske yo fini nèt.
Wi, ou mete yo sou yon chemen glise, ou fè yo tonbe, epi yo fini.
19 Men kijan yo va detwi nan yon enstan! Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman!
Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè.
20 Tankou yon rèv lè moun leve, O SENYÈ, lè Ou leve, Ou va meprize pwòp fòm yo. Ou va rayi rèv de lespri yo.
Seyè, yo tankou yon rèv pou ou. Leve ou leve, ou bliye sa.
21 Lè kè m te vin anmè, e kè m te pike anndan m,
Lè sa a, mwen santi m' dekouraje; sa te fè m' mal anpil.
22 alò, mwen te vin ensansib e san bon konprann. Mwen te tankou yon bèt devan Ou.
Mwen te sòt, mwen pa t' konprann anyen. Mwen te tankou yon bèt devan ou.
23 Sepandan, mwen avè W tout tan. Ou te kenbe men dwat mwen.
Mwen menm, mwen toujou la avèk ou, ou kenbe men m' pou m' pa tonbe.
24 Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen, e apre, resevwa mwen nan laglwa.
Ou ban m' konsèy pou m' pa pèdi chemen m'. Lèfini, ou resevwa m' lakay ou.
25 Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou? Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.
Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m' sou latè.
26 Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit, men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
Kò m' te mèt ap deperi, lespri m' te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.
27 Paske gade byen, (sila) ki lwen yo va peri. Ou te detwi tout (sila) ki pa t fidèl a Ou menm yo.
Se vre wi, moun ki vire do ba ou pral mouri, w'ap fini nèt ak moun ki pa kenbe pawòl yo gen avè ou.
28 Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen. Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, refij mwen, Pou m kab pale tout zèv Ou yo.
Mwen menm, sa bon nèt pou m' rete bò kot Bondye: Se nan Seyè a mwen jwenn pwoteksyon. M'a fè konnen tou sa li fè.

< Sòm 73 >